Hesperian Health Guides

Chapit 1: Yon ti pale ak fanmsaj yo

Nan chapit sa:

Pou w ka travay an favè sante ak byennèt fi ak bebe (sa vle di, pou w ka yon fanmsaj) ou dwe anmezi pou w aprann, pou w trete moun avèk respè ak konpasyon, epi pou w travay ansanm avèk lòt moun pou nou pran swen sante kominote a.


Aprann se yon bagay moun fè pandan tout lavi yo

Premye etap pou w vin yon fanmsaj (oswa pou w vin nenpòt pwofesyonèl k ap travay nan domèn swen sante a) se pou w aprann nan men lòt moun. Menm fanmsaj ki gen plis eksperyans yo kontinye aprann pandan tout lavi yo pou yo ka jwenn plis konesans ak kapasite.

Fanmsaj yo aprann grasa eksperyans, nan liv, ak nan fòmasyon. Li enpòtan pou yo aprann tout fason sa yo. Tout fanmsaj yo dwe jwenn yon ekilib ant fè etid avèk fè pratik.

Liv ak etid ede fanmsaj yo aprann enfòmasyon sou divès sijè. Sepandan, fè pratik se sèl fason pou yo aprann tout sa yo bezwen konnen pou yo pran swen fi ak bebe.
MW Ch1 Page 1-1.png
a woman speaking while she touches a pregnant woman; another woman watches.
Sa se tèt bebe a.

Fanm saj ki gen eksperyans yo kontinye aprann

Toujou gen plis bagay pou w aprann sou akouchman ak swen sante. Chak akouchman diferan, enfòmasyon medikal toujou ap chanje, epi vin gen nouvo teknik pou moun aprann. Toutotan w se yon fanmsaj, ou kapab fè sa yo:

two women speaking while one helps a woman give birth and the other carries a bowl.
Pote dlo cho a epi vin gade.
M ap b yen kontan!
  • Gade ki jan lòt fanmsaj, pwofesyonèl lasante yo, avèk doktè ap fè travay yo.
  • Mande fi oswa fanmi w ap travay pou yo ki sa yo renmen ak ki sa yo pa renmen nan swen w ap ba yo a.
  • Li liv ak lòt dokiman ki pale sou kesyon swen sante. Se pou w pote liv ki enpòtan yo ansanm avèk ou yon fason pou w ka chèche enfòmasyon ou pa sonje oswa enfòmasyon ou pa itilize souvan.
  • Aprann nouvo teknik. Si w ka jwenn fòmasyon ak zouti k ap pèmèt ou aprann yon nouvo teknik san danje, pa ezite fè sa. Sa pral pèmèt ou ede plis fi nan kominote a epi w ap vin yon pi bon fanmsaj.

Fanmsaj ka aprann nan men pwofesè, nan liv, nan men lòt fanmsaj, ak nan men lòt pwofesyonèl k ap travay nan domèn swen sante a. Pi souvan yo aprann fason pou yo fè travay yo san danje. Men, plis yon fanmsaj ap fè eksperyans, se plis l ap dekouvri kèk nan bagay li aprann yo se pa meyè fason, ni se pa fason ki pi efikas pou l pran swen medam yo.

Fanmsaj yo dwe dispoze pote chanjman lè yo aprann yon nouvo teknik, konsa y ap toujou travay ann amoni ak pi bon metòd ki posib yo. Yon fanmsaj dwe kapab gade tèt li onètman pou l pote yon kritik sou fason l fè a, kit li te aprann metòd li yo nan men doktè, nan men medsen fèy, oswa nan men yon lòt moun.

Mande “poukisa?”

Li enpòtan pou w mande “poukisa”, paske sa ede w fè plis pase jis sonje sa yo te di w la oswa sa w te li a. Lè w konnen poukisa, ou ka pran desizyon menm lè w pa gen moun oswa liv ki pou di w egzakteman ki sa pou w fè. Konsa tou, ou ka adapte yon tretman oswa yon zouti pou w ka sèvi avè l yon nouvo fason lòt moun potko konnen. Finalman, li enpòtan pou w mande “poukisa” pou w ka konprann sa ki lakòz pwoblèm yo, e konsa w ka rezoud pwoblèm yo pi byen, epi w ka anpeche yo tounen.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024