Hesperian Health Guides

Fanmsaj ak sante kominote a: Entwodiksyon

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Fanmsaj ak sante kominote a: Entwodiksyon

Nan chapit sa:

MW intro-7.png

Depi plizyè milye ane, byen lontan anvan te gen doktè ak lopital, te gen fanmsaj ki t ap ede medam yo rete an sante, ki t ap ede bebe fèt, epi ki t ap ede fanmi yo grandi. Mande nenpòt fi poukisa li prefere pou se fanmsaj ki ba l swen, e l ap di w se paske fanmsaj yo gen bon konesans, yo pasyan, e yo respekte tradisyon yo.

Poukisa fanmsaj yo gen enpòtans ak valè konsa?

  • Fanmsaj yo kwè nan sekirite gwosès ak akouchman an, epi yo gen konfyans medam yo ka travay ansanm pou yo pwoteje sante yo.
  • Jeneralman, fanmsaj yo viv nan kominote yo sèvi yo, konsa fanmi y ap ede yo konnen yo e yo fè yo konfyans.
  • Anpil fanmsaj pase plis tan avèk fanm ansent yo pase doktè yo oswa lòt moun k ap travay nan klinik yo. Konsa yo ka pi byen konprann bezwen yo genyen yo, epi yo ka wè move siy pi fasil.
  • Pifò fanmsaj se fi yo ye. Anpil medam pi alèz pou yo pale ak yon fi pase pou yo pale ak gason k ap travay nan domèn swen sante a.
  • Fanmsaj konn mande mwens lajan pase doktè oswa lopital, paske yo bay bonjan swen plis enpòtans pase lajan oswa pouvwa.
  • Nan zòn ki pòv, ki pa gen lopital oswa dispansè, kapab se fanmsaj la ki sèl pwofesyonèl k ap travay nan domèn swen sante a ki nan zòn nan.


Pou tout rezon sa yo, anpil kote sou tè a se fanmsaj ki premye oubyen sèl pwofesyonèl yon fi chèche pou l jwenn swen sante, swa pandan l ansent, swa pou yon lòt rezon. Men, fanmsaj yo fè fas ak plizyè defi nan travay enpòtan sa y ap fè a.

Defi

Petèt pi gwo defi pou fanmsaj (e anfèt, pou nenpòt pwofesyonèl lasante) se lite kont maladi ak lanmò medam yo ak bebe yo. Chak ane, plizyè santèn milye fi mouri pandan gwosès oubyen pandan tranche a. Gen plizyè milyon lòt fi ki blese oswa ki domaje. Pifò fi ki blese oswa ki mouri se moun ki pòv, moun ki pa gen ase manje, ki pa gen kay konvnab pou yo rete, e ki pa ka jwenn bonjan swen sante.

a woman speaking while holding a baby.
Mwen travay nan yon restoran 6 jou pa semèn, epi mwen gen yon fanmi pou m pran swen. Mwen toujou fatige, e mari m pa vle m kontinye asiste akouchman
Men, mwen kontinye paske mwen fò ladan l, mwen renmen l, e se devw a m nan sa a.

Pifò fanmsaj rete nan zòn ki pòv, e anpil ladan yo pa touche ase lajan pou yo pran swen tèt yo. Se moun nan chak kominote ki pou montre fanmsaj yo jan travay yo gen enpòtans lè yo soutni yo nenpòt fason yo kapab. Li t ap saj pou gouvènman lokal yo envesti pou yo ka gen bon fanmsaj nan zòn yo. Men, se raman gouvènman sa yo ede fanmsaj yo jwenn fòmasyon oswa ekipman yo bezwen, byenke gouvènman sa yo bezwen fanmsaj sa yo pou sitwayèn pa yo jwenn swen sante yo bezwen an.

Anplis pa touche, fanmsaj yo konn pa jwenn respè yo merite. Doktè ak lòt moun konn minimize travay fanmsaj yo ap fè. Lè yo pa bay yo tout valè yo merite antanke yon pwofesyonèl, sa anpeche yo fè travay yo, byenke nou tout ap travay nan domèn swen sante a pou menm objektif yo. Pafwa yo ka pa kite yon fanmsaj antre nan lopital la ansanm ak fanm ansent l ap pran swen an nan ka dijans.

Fanmsaj tradisyonèl fè fas ak defi patikilye. Anpil pwofesyonèl, menm fanmsaj pwofesyonèl, wè fanmsaj tradisyonèl yo kòm moun ansyen ki pa konn sa y ap fè a. Men, fanmsaj sa yo ka gen anpil konsesans sou akouchman, e yo ka konnen anpil remèd fèy, yo konn rale byen, oswa yo konnen lòt teknik ki efikas e ki san danje. Kòm anpil moun ap kite andeyò pou yo vin viv nan vil, kapab se fanmsaj sa yo sèlman k ap prezève koutim ak metòd ki la lontan yo. Fanmsaj tradisyonèl yo konn travay pou yon tikras kòb, menm pou granmesi, men yo kontinye travay paske yo kwè nan sa y ap fè a. Menm jan ak lòt fanmsaj, yo fè travay yo paske yo renmen manman yo ak bebe yo, paske yo vle fè byen pou kominote y ap viv ladan l lan, e paske yo santi se yon devwa pou yo fè l.

Ki jan Yon Liv Pou Fanmsaj ka ede yo

Fanmsaj bezwen enfòmasyon ki egzak pou ede yo pwoteje sante pa yo, sante medam yo, sante bebe yo, ak sante fanmi yo. Yo bezwen metòd pou yo goumen kont povrete, enjistis, ak fason yo maltrete medam yo. Yo bezwen konnen fason pou yo travay ansanm e pou yo travay avèk lòt pwofesyonèl pou avansman sante kominote a. Nan liv Yon Liv Pou Fanmsaj la, ou pral jwenn:

MW intro-9.png
  • Enfòmasyon w bezwen pou pran swen manman yo ak pitit yo pandan gwosès, tranche, ak akouchman, e nan semèn apre yo, paske se sa ki prensipal travay yon fanmsaj.
  • Fason pou pwoteje sante medam yo pandan tout vi yo, paske sante yo enpòtan menm lè yo pap fè pitit, e si yo an sante pandan yo poko ansent, y ap pi an sante lè yo ansent.
a woman speaking while she and an older woman hold a baby.
Grann mwen se yon fanmsaj. Li itilize remèd fèy ak masaj pou l ede fanm ansent yo.
Mwen t al lekòl nan vil la pou m te vin yon fanmsaj, e mwen aprann grann mwen kèk nouvo teknik sou fason pou l esterilize zouti, ki jan pou l veye move siy, e ki jan pou l redui danje yo pandan akouchman.
Men, m ap toujou aprann ansyen metò d yo nan men l. Anpil ladan yo toujou mache pi b yen pase nouvo metò d yo.
  • Metòd ki efikas e ki san danje, ki soti ni bò kote fanmsaj tradisyonèl yo, ni nan lamedsin oksidantal la, paske bonjan swen sante pandan tranche ak akouchman gen ladan l teknik toude.
  • Nou pale sou fason povrete ak jan yo meprize bezwen fi yo konn afekte sante medam yo, e ki jan fanmsaj yo ka travay pou yo amelyore sityiyasyon sa yo yon fason pou yo pote yon solisyon k ap dire.
  • Sijesyon sou fason fanmsaj yo ka travay ansanm, fason yo ka travay ak lòt pwofesyonèl lasante, ak fason yo ka travay ak kominote a, paske lè nou travay ansanm, sa fòtifye kapasite tout moun, e konsa travay tout moun ap fè pou amelyore sante medam yo ap vin pi efikas.


Prensip de baz fanmsaj yo aplike yo pap janm chanje. Medam yo ak fanmi yo ap toujou bezwen swen ki montre konpasyon ak respè, ni anvan, ni pandan, ni apre akouchman. Kòm li toujou bon pou fanmsaj yo aprann plis, nou swete enfòmasyon ki nan liv sa a ap ede fanmsaj ki toupatou sou tè a aprann nouvo metòd ki trèzenpòtan, e nou swete y ap aplike metòd sa yo pou byennèt medam yo, bebe yo, ak fanmi y ap sèvi yo.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024