Hesperian Health Guides

Pataje sa w konnen

Nan chapit sa:

Fanmsaj yo aprann anpil nan liv ak nan men pwofesè, men yo ka aprann plis toujou nan men fanmsaj parèy yo ak nan men fanmi y ap pran swen yo. Epi, fanmsaj yo ka amelyore kondisyon sante moun yo lè yo pataje sa yo konnen ak kominote a.

Pataje sa w konnen avèk lòt fanm saj ak pwofesyonèl lasante

Fanmsaj ka travay ansanm pou yo youn ede lòt. Si yon fanmsaj tonbe malad oswa li pa ka travay, yon lòt fanmsaj ka ede fanmi li t ap pran swen an. Konsa tou, fanmsaj ka aprann nan men youn lòt epi yo ka antrene youn lòt. Nan kèk kominote, fanmsaj yo ak lòt pwofesyonèl lasante yo pataje enfòmasyon youn ak lòt, epi yo pale de travay yo fè yo ak tout franchiz. Gen fanmsaj ki konn reyini ansanm anviwon 2 fwa chak ane pou yo konpare enfòmasyon, epi pou yo pataje resous. Nan reyinyon sa yo nou ka fè bagay sa yo:

a woman speaking to 2 others.
Pwochèn fwa, m ap sonje pran tanperati manman an pandan l ak tranche. Konsa m ap ka gentan wè si l fè enfeksyon.
  • Chak fanm saj ka r akonte akouchm an li te fè. Asire w ou pale sitou sou akouchman ki te difisil yo epi sou erè w te fè yo. Li pa fasil pou yon moun admèt erè li te fè, men se yon gwo kado sa ye lè sa bay okazyon pou lòt moun aprann. Lè konsa lòt fanmsaj yo ka esplike ki sa yo t ap fè ki menm oswa ki sa yo t ap fè ki diferan. Pou w ka pwoteje vi prive manman an ou pa bezwen site non l.
  • Mande lòt pwofesyonèl lasante yo pou yo vin reyini ak gwoup la. Pa egzanp, yon medsen fèy ka vin pale sou fèy nan lokalite a ki ka konbat enfeksyon. Oubyen tou, yon gwoup fanmsaj ka pale avèk enfimyè k ap travay nan sant matènite ki nan zòn nan sou ki jan fanmsaj ak enfimyè yo ka travay ansanm.
MW Ch1 Page 3-2.png
  • Pataje liv k ap enstwi yo (tankou liv sa a!) avèk lòt fanm saj. Si nou youn pa gen ase lajan, petèt plizyè fanmsaj ka mete ansanm pou yo achte yon liv pou yo li ansanm.
  • Fè seyans pratik (kote diferan fanmsaj jwe wòl fanm ansent) sou ki jan pou ede fi ki gen tout kalite pwoblèm. Pa egzanp, youn ka pretann li se yon fanm ansent ki pa manje ase manje ki ekilibre. Yon lòt moun ka pretann li se yon fanmsaj k ap koute l epi k ap ba l konsèy. Apre sa, chak aktè sa yo ka pale sou ki jan yo te santi yo, epi lòt moun nan gwoup la ka fè sijesyon sou ki sa yo t ap fè diferan. Asire w tout moun gen posiblite pou yo jwe youn nan wòl yo.


3 women watching 2 others play the roles described below.
  • Sèvi ak konesans plizyè fanm saj. Si youn ladan yo konn li, li ka li nan liv awotvwa pou lòt fanmsaj yo koute. Yon fanmsaj ki konn esterilize zouti ka montre lòt fanmsaj nan gwoup la ki jan pou yo fè sa.

Pataje sa w konnen avèk kominote a

Antanke fanmsaj, ou bay konsèy, ou fè tretman, ou menm sove vi moun. Sepandan, sante pifò moun nan kominote a pa sou kont ou sèlman. Youn nan rezon pou sa se paske tout moun fè chwa pa yo sou ki sa y ap manje, ki jan y ap fè travay yo, ak nan lòt domèn. Lè w anseye yo oswa w pataje enfòmasyon avèk yo, ou ka ede yo fè pi bon chwa. Se sa k fè premye devwa w kòm fanmsaj se anseye lòt moun.

Ou ka anseye moun nenpòt kote ak nenpòt ki lè. Lè w ap fè yon konsiltasyon epi w di madanm nan pou ki rezon w ap poze l chak kesyon, se anseye w ap anseye l. Lè w esplike mari l planin se responsablite pa l tou, se anseye w ap anseye l. Menm lè w nan mache a, nan yon reyinyon, oswa nan nenpòt lòt rankont, ou gen posiblite pou w anseye lòt moun.

Anseye nan klas

Ka gen sijè ki bon pou anpil moun nan kominote a aprann. Si sa posib, òganize reyinyon regilye ak fanm ansent, ak fanmi, oswa ak lòt moun nan kominote a pou anseye yo konsènan swen sante ak akouchman. Ou ka anseye yo sou pwen sa yo:

  • Ki jan kò moun fonksyone.
  • Ki jan pou yo chwazi epi itilize planin.
  • Ki jan pou yo manje epi pran swen tèt yo.
  • Ki jan pou yo akouche san danje.
  • Ki jan pou yo pran swen tèt yo apre akouchman epi ki jan pou yo bay bebe a tete.
MW Ch1 Page 4-2.png
Zòrèy w yo se 2 nan zouti pi enpòtan w genyen.

Anseye mande yon sèten kapasite, donk fò w fè pratik. Premye kote pou w kòmanse se aprann koute. Lè w dekouvri ki sa moun deja konnen, w ap ka ede yo ajoute sou konesans yo. Epi, lè w pran tan pou w koute yo, gen bagay w ap ka aprann nan men yo tou.

Pa egzanp, si yon gwoup medam vle aprann enfòmasyon konsènan maladi moun pran nan fè sèks, ou ka kòmanse mande chak moun ki sa l konnen de maladi sa yo. Gen fi ki ka konnen kèk bagay dapre sa yo te li nan liv, sa yo te aprann lekòl, nan pale ak lòt fi, oswa paske yo te pran maladi konsa deja.

Apre tout moun fin pataje sa yo konnen, mande yo ki kesyon yo genyen. Petèt gen moun nan gwoup la ki ka reponn kesyon youn lòt. Pwobableman w ap bezwen ajoute kèk enfòmasyon medikal ki enpòtan oubyen esplike yo ki sa yo kwè ki pa kòrèk. Lè w ankouraje gwoup la pale, sa pèmèt ou wè ki sa yo vrèman bezwen aprann. Epitou, w ap ka ede yo konprann ki kantite konesans yo deja genyen. Yon moun ki santi l byen konprann yon pwoblèm ap pi alèz pou l chèche rezoud li. Se pou w montre respè pou moun w ap anseye yo, epi asire w sa w ap di yo se bagay ki itil yo nan lavi yo.

  • Chita nan yon sèk tou won san yon moun pa pi wo pase lòt. Sa fè w rete nan menm nivo ak tout moun, e konsa w pa bay enpresyon se ou menm sèlman ki gen konesans.
  • Byen prepare w. Byen reflechi sou sa w vle pataje anvan w kòmanse anseye.
  • Itilize plizyè metòd pou w anseye. Tout moun pa aprann menm jan an, e chak moun ka aprann yon bagay pi byen si w anseye l diferan fason. Apre w fin pale avèk gwoup la sou maladi moun pran nan fè sèks, gwoup la ka monte yon ti pyès teyat sou sa yo te aprann. Oubyen tou, yo ka fè postè pou distribye nan kominote a.
a group of women sitting together and talking.
Tout moun ta renmen aprann ki sa yon fi dwe manje pandan l ansent ak lè l fin akouche a. Èske nou ka di m ki sa nou deja konnen sou ki manje ki pèmèt ou jwi yon bon sante?
Mwen tande yo di ou pa dwe manje vyann pandan w nouris. Li pa bon pou sante pitit la.
Se pa vre! Ou dwe manje vyann pou san w ka gen plis fos!
Men nou pa gen kòb pou nou achte vyann!
Lè w poze kesyon, sa pèmèt ou konprann ki sa moun yo deja konnen, ki sa yo vle aprann, epi ak ki difikilte y ap fè fas.


Toujou sonje gen moun ki deja abitye pale devan anpil moun. Gen lòt ki ka pè sa. Ankouraje yo pataje panse yo, sitou sa ki pa t rive lwen lekòl yo oubyen sa ki timid. Pou w jwenn plis konsèy sou ki jan pou w anseye yon fason pou moun vrèman aprann, gade liv ki rele “Helping Health Workers Learn.” (Ede Pwofesyonèl Lasante yo Aprann).

Pataje konesans ou avèk moun w ap pran swen yo

Lè yo gen bonjan enfòmasyon, chak fi kapab konprann kòman kò l fonksyone epi kòman pou l pran desizyon ki saj parapò ak sante l. Chak fwa w konsilte yon fi ansent oswa w ap pran swen l, esplike l ki sa w ap fè e pou ki rezon w ap fè l. Reponn nenpòt kesyon li genyen konsènan kò l oswa sante l.

Admèt gen bagay ou pa konnen

Pa gen moun ki gen tout repons. Gen pwoblèm ki pa fasil jwenn solisyon! Admèt lè w pa konnen yon bagay, epi sa ap pèmèt moun pi kwè nan sa w konnen an


Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023