Hesperian Health Guides

Ki jan pou itilize liv sa a

Nan chapit sa:

Ki jan pou chèche enfòmasyon w bezwen

Pou jwenn enfòmasyon w bezwen, itilize Lis Chapit yo, Endèks la, oswa Tab yo.

Lis Chapit yo ki nan kòmansman liv la, site non chak chapit, nan lòd yo parèt nan liv la. Nan kòmansman chak chapit, yo site ki diferan sijè ki gen nan chapit la.

Avètisman, medikaman, ak nòt

Nou mete avètisman, medikaman, ak nòt apa parapò ak tèks prensipal la.

Kare avètism an yo montre enfòmasyon ki enpòtan. Lè w wè yon kare konsa, ou dwe pase alaksyon pou w ka evite danje.

'Kare medikaman montre ki jan pou bay yon medikaman. Li kare sa yo avèk atansyon, epi toujou gade nan fèy koulè vèt yo anvan w bay yon medikaman. TTi foto sa yo montre ki jan yo bay medikaman ki nan kare a. Nan ka sa a, yo bay konprime.
two tablets in the palm of a person's hand.
Pou fè yon fyèv desann
  • Bay 500 a 1000 miligram (mg) parasetamòl
nan bouch, chak 4 a 6 èdtan


Nòt yo montre enfòmasyon ki itil, men ki gendwa pa gen yon rapò dirèk avèk sijè y ap diskite a.

Note sa: Men ki pwòp pa rete pwòp pandan anpil tan. Si w touche kèlkeswa bagay apa de vajen manman an, ou oblije lave men w ankò.


Ki jan pou knoprann imaj yo ki gen kò moun

Ki j an nou montre pa deyò kò a

Le nou desinen yon moun, nou eseye fè tout kò l. Si nou pa gen ase espas, nou montre sèlman yon pati nan kò l.

Foto sa montre yon manman k ap pouse yon pitit soti nan vajen l. a woman lying down with her knees up and apart. Si l enpòtan pou wè tèt bebe a ak vajen an pi byen, nou montre sèlman pati sa nan kò a, yon fason pou nou ka agrandi imaj la. a woman's reproductive parts on the outside.
illustration of the below: a standing woman's womb and baby inside are drawn with thin and dotted lines.
Matris ki anndan kò fi a
Bebe a ki anndan matris la

Ki jan nou montre pa anndan kò a

Pafwa nou oblije montre sa k ap fèt anndan kò yon fi. Kidonk, nou mete imaj ki montre ki jan kò fi a t ap parèt si w te ka gade l pa anndan.

Jeneralman, nou itilize tras kreyon ki pwès pou n montre kò fi a pa deyò, epi nou itilize tras kreyon ki pi fen oswa tras pwentle pou montre sa k ap pase pa anndan.

Yon ti pale sou zafè langaj

Langaj medikal ak langaj teknik Atravè liv sa a nou eseye itilize yon langaj moun ka konprann fasil lè n ap pale sou kò a ak bagay kò a fè. Anmenmtan tou, nou eseye esplike nenpòt langaj medikal nou itilize. Si gen yon mo ou pa konprann, ou ka chèche l nan endèks la, epi gade si yo esplike l yon lòt kote nan liv la.

Kesyon chèche èd

Enfòmasyon ki gen nan liv sa a pa toujou sifi pou ede w rezoud yon pwoblèm sante. Lè sa rive, chèche èd! Selon pwoblèm nan, ou sipoze fè omwen youn nan bagay sa yo:

Chèche konsèy medikal. Yon pwofesyonèl lasante ki abil oswa yon doktè sipoze kapab ede w deside ki sa pou w fè. Nòmalman, sa pa yon ka dijans.

Chèche asistans medikal. Fi a oswa bebe l la bezwen wè yon pwofesyonè medikal ki abil oswa yon doktè pou fè egzamen oswa tretman osito sa posib.

Mennen l nan yon sant sante osw a yon lopital. Sa se yon ka dijans. Mennen fi a oswa bebe l la nan yon lopital tousuit pou fè yon operasyon oswa pou yo ba l yon lòt asistans ann ijans.



Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023