Hesperian Health Guides

Ki tretman ki pi bon?

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Èske yon tretman bon oubyen...

Malgre Donn Pedwo te di ki medikaman ki kapab regle pwoblèm lan, Wanita te vle gen plis enfòmasyon anvan l pran desizyon sou yon tretman. Li sonje, paregzanp, kijan manman l ak grann li te konn sèvi ak remèd lakay, lè yo te konn malad. Alòs, poukisa remèd fèy li te pran an pa t bay ankenn rezilta? Men eksplikasyon Donn Pedwo bay manmzèl:

Don Pedro speaking to Juanita
Chak kominote gen pwòp remèd pa li pou li trete pwoblèm sante. Ni remèd lakay, ni medikaman famasi ka itil anpil, si n sèvi avè yo jan pou n sèvi avè yo. Men tou, fòk nou sonje kit se remèd lakay, kit se medikaman famasi yo kapab itil, yo kapab san danje, men yo kapab danjere tou.
Wanita, te deja pran remèd ki gen 3 kalte sa yo::
an ear of corn next to a cup of tea
Te bab mayi a ta ka itil anpil. Si se te yon enfeksyon nan sistèm irinè manmzèl te genyen: te bab mayi fè moun pipi anpil e se konsa, kò a ka vomi jèm yo nan pipi a. Men te a pa fè anyen pou Wanita paske se pa t nan sistèm irinè l enfeksyon an te chita.
a woman with a medicine pouch tied around her waist under her dress
Bannvant ak remèd fèy se yon remèd kisan danje. Sa p ap anvlimen yon pwoblèm sante, paske fèy yo pa antre andedan kò a. Men remèd sa a p ap itil anyen ditou.
Yon fanm pa dwe janm foure remèd fèy andedan pati siperyè l. Sa gen gwo danje ladan l. Fèy yo ka chofe pati siperyè a e sa ka lakòz move enfeksyon.

a woman putting plant medicines into her vagina


Donn Pedwo eksplike Wanita kijan li ta ka jwenn enfòmasyon sou kalite yon tretman ak rezilta menm tretman sa a bay, si l pale ak plizyè moun ki te deja itilize l. Men kèk kesyon li ta ka poze:

  • Poukisa se ak metòd sa a ou te sèvi?
  • Kilè w te sèvi avè l?
  • Kijan w te sèvi avè l?
  • Sa k te rive, lè w te fin sèvi avè l?
  • Konbyen fwa tretman sa a te ede w ak pwoblèm lan?
  • Èske tretman an pa janm ba w lòt pwoblèm?


Reflechi byen sou chak sa diferan moun di sou tretman yo suiv deja. Apre sa, lè ou menm, w ap pran yon remèd, gade byen pou wè sa k ap pase ak ki siy ou genyen pou w ka konnen si remèd la bon. Fè atansyon pou w pa eseye twòp remèd yon sèl kou.

a woman offering a medicine pouch to Juanita

Remèd sa a te bay Maria del Carmen bon rezilta. Li ka bon pou ou tou!
Men Maria del Carmen se pwoblèm doulè apre akouchman li te genyen. Li pa t gen pwoblèm doulè, lè l ap fè pipi. Remèd sa a p ap fè anyen pou mwen.
bottles of pills

Lè Wanita resi dakò medikaman famasi se pi bon tretman pou pwoblèm li an, Donn Pedwo ba li kèk konprime doksisiklin ak ko-trimoksazòl epi li mande manmzèl pou l retounen nan yon semenn, lè l fin bwè tout medikaman yo. Li di tou fòk mari a, ki deja repati, ta suiv menm tretman an, lè l retounen, epi fòk yo toulede ta pwoteje tèt yo plis, lè y ap antre nan relasyon seksyèl.


Yon semenn apre, lè Wanita retounen kote Donn Pedwo, li di misye siy yo rete menm jan an, malgre li bwè tout medikaman yo. Manmzèl di tou sekresyon yo vin pi move epi yo kòmanse vin jòn. Lè sa a, Donn Pedwo blije mande Valerya, yon travayè sante ki gen plis fòmasyon, pou l ba l lamenfòt.

health worker Valeria talking to Juanita

Valerya tou te kwè, se yon MST Wanita trape. Men kòm medikaman yo pa bay rezilta, Valerya sispèk Wanita gen yon fòm gonore ko-trimoksazòl pa ka trete. Travayè sante a eksplike tou se militè etranje ki nan baz bò lanmè yo ki vini ak fòm gonore rezistan sa yo. Banbochè sa yo enfekte tout fanm nan zòn nan ki aksepte kouche ak yo. Valerya konseye Wanita desann lavil kote y ap ka fè yon pi gwo egzamen pou li. Y ap ka tyeke si l gen gonore, sifilis (yon lòt MST) osinon kansè. L ap jwenn tou lòt medikaman ki pi bon, sizanka l ta bezwen.

Danje ak avantaj

Wanita tounen lakay li, pou l reflechi sou kisa l ap fè. Se sèten manmzèl ap gen pou l depanse pifò nan ti ekonomi fanmi an pou vwayaj la ak medikaman yo. Kòm l ap gen pou l pase 2 jou deyò (yon bout wout a pye, yon bout wout nan bis, sa fè 6 è d tan ale, 6 è d tan tounen) e kòm mari l ap travay byen lwen, fòk li jwenn yon moun ki pou voye je sou timoun yo.

Wanita te pè pou mari a pa fache, lè l vini epi li wè manmzèl depanse tout kòb sa a kay doktè. Men li te pè pou maladi a pa anvlimen. Daprè Valerya, si manmzèl pa fè tretman an, li ka kontamine tibebe a, si l vin ansent. E si l kite twòp tan pase, li gen dwa menm pa ka fè pitit ankò. Li ka vin gen move doulè anba ti vant, pwoblèm nan sistèm irinè epi pwoblèm règ. Mari a ka trape gwo pwoblèm sante tou.

Lè manmzèl eksplike tout laperèz li genyen, travayè sante a mande l pou li reflechi konsa:

Juanita thinking and then telling the health worker her decision
Men avantaj w ap jwenn si w desann lavil:
  • Sante w ap vin pi bon e w ap ka kontinye pran swen fanmi ou.
  • W ap toujou ka fè pitit.
  • Ou p ap enfekte tibebe a, si w vin ansent.
Wanita, men risk w ap pran si w fè vwayaj la:
  • Mari w ka fache, lè l konn sa.
  • W ap depanse tout ti ekonomi w. Kon sa ou gen dwa pa ka achte rad pou timoun yo, ane sa a.
Si se te sèlman pou m ka pi byen, sa pa t ap vo lapenn pou m pati al fè tretman an. Men si se vre maladi a ka vin pi grav epi m p ap ka fè pitit ankò, fòk mwen desann lavil.


a bus traveling toward a city

Se kon sa Wanita desann lavil al wè doktè. Dapre doktè yo, se gonore manmzèl genyen vre. Li ka gen klamidya tou, men li pa gen tras ankenn lòt MST ni lòt pwoblèm. Doktè yo eksplike l medikaman li te bwè yo pa bay rezilta nan peyi a ankò. Yo bay Wanita lòt medikaman pou li ak mari l.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025