Hesperian Health Guides

Je wouj ak je ki fè mal

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon fanm ak yon je ki anfle e ki fèmen

Genyen plizyè pwoblèm ki ka fè je yo vin wouj, epi ki fè yo fè mal. Lè n ap chache konnen ki pwoblèm yon moun genyen, epi ki sa nou ka fè pou li, mande l si li te blese nan je a, oubyen si li te remake yon ti pay tonbe nan je a.

Kalite je wouj ak doulè Ki sa ki ka koze sa
Se toulede je ki konn pran ansanm, men li ka mete pye nan yon grenn je
Je yo boule yon ti kras
Yo konn pi wouj sou rebò je yo
Si li bay pi ki pwès, koulè blan oubyen jòn, se ka enfeksyon bakteri, konjonktivit
Trakòm
Saranpyon, lawoujòl (al gade nan chapit Ki jan pou nou okipe timoun
Se ka youn oubyen toulede je
Li kapab byen wouj epi bay gwo doulè
Je a blese ak yon bagay pwenti oubyen li pran yon kou
Pwodui chimik oubyen lòt likid nwizib nan je
Li konn pran nan yon grenn je
San anndan je a, ki aji sou glè je a
San nan glè je a, pati ki gen koulè, anpil fwa se paske je a blese.
Se ka ijan.
Li konn pran nan yon grenn je
Je wouj e doulè — kòmanse pa twò grav, men li ka anvlimen.
Ti pay nan je a
Grafouyen sou glas je a
Li konn pran nan yon grenn je
Li konn fè mal anpil anpil
Li pi wouj sou rebò glè je a
Ilsè nan glas je a
Iritis
Kriz glokòm
Tout pwoblèm sa yo se ka ijan.
Li konn pran nan yon grenn je
Je wouj ak yon boul oubyen anflamasyon bò pwal je a oubyen anba po je a (avèk oubyen san doulè)
Enfeksyon bò pwal je oubyen anba po je
Li konn pran nan yon grenn je
Tach wouj vif sou pati blan an
Se ka yon ti venn san ki pete, se pa yon ka ijan
Toulede je yo konn pran ansanm
Gen malèz, men pa doulè
Je yo wouj, yo grate, yo bay dlo, e fè l estènen
Pi mal nan kèk sezon nan ane a
Lafyèv sezon, yon alèji ki bay sa
Toulede je yo konn pran ansanm
Je wouj, men yo pa bay pi, yo pa fè mal
Gratèl oubyen lafyèv
Konjonktivit, se yon viris ki lakòz sa.
Si gen viris Zika nan zòn nan, se ka yon siy maladi Zika.


Si yon moun gen je wouj, tyeke pou wè si yo pa bay dlo oubyen ekoulman (pi oubyen dlo blanch) :

  • Ekoulman ki pwès se petèt je wouj (konjonktivit), yon enfeksyon bakteri, sitou si je a wouj anpil.
  • Si je yo bay anpil dlo, yo yon ti jan wouj, yo grate nan kwen je yo bò nen an, se ka yon alèji.
  • Lè yon moun gripe, je li yo bay anpil dlo, epi yo yon ti jan wouj ; se ka yon viris ki lakòz sa.
  • Si je yon malad bay anpil dlo, yo wouj, li gen lafyèv, tous, ak nen k ap koule, se ka yon siy lawoujòl menm si li poko gen gratèl.

Je wouj (konjonktivit)

Nenpòt moun kapab pran li, men nou jwenn li pi souvan kay timoun.

Siy
 Yon je ki wouj epi ki gen pi k ap koule soti nan kwen je yo
  • Je a gen koulè wòz oubyen wouj
  • Je a ka grate l oubyen boule l.
  • Li kòmanse nan yon je, epi li kapab pase nan toulede grenn je yo.
  • Ekoulman ki pwès la kapab kole po je yo ansanm pandan lannuit.
Trètman

Se yon enfeksyon viris ki lakòz pifò ka konjonktivit. Li pral fè wout li nan kèk jou san trètman.

Si ekoulman an pwès epi li gen koulè blanch oubyen jòn, li gen dwa yon enfeksyon bakteri. Nou ka trete l ak pomad oubyen gout antibyotik. Menm si je a sanble geri, kontinye trètman an pandan 7 jou, pou enfeksyon an pa tounen sou li.

Anvan ou mete yon pomad antibyotik nan je, netwaye chak je tou dousman. Mouye twal la epi sèvi ak yon twal apa pou chak je. Lè ou fin lave epi trete yon je, lave men ou epi pran yon lòt twal pou okipe lòt je a. Konsa enfeksyon an pa p ka soti nan yon je pou ale nan lòt la, epitou ou p ap enfekte tèt ou oubyen lòt moun.

Ki jan pou nou evite maladi sa a

Je wouj se yon maladi ki atrapan anpil ; yon moun ka fasil bay yon lòt li. Lave men nou souvan, epi lave men nou lè nou fin manyen je pa nou oubyen je yon lòt moun. Pa kite timoun ki gen je wouj sèvi ak menm sèvyèt, dra oubyen lenn ak lòt moun. Pa kite l jwe ak lòt timoun, ni pa kite l dòmi ak lòt.

Je wouj (konjonktivit) kay tibebe ki fèk fèt

Si yon tibebe ki fèk fèt fè yon enfeksyon nan je, okipe sa touswit.

Siy ki fè nou rekonnèt li :
  • Je yo wouj e anfle
  • Je yo bay pi
  • Po je yo kole ansanm, sitou lè li leve nan domi
 Yon tibebe ak je li yo ki anfle epi k ap koule

Si je yon tibebe ki fèk fèt vin wouj, yo anfle, epi yo gen anpil pi ladan yo, gen anpil chans pou se ekoulman oubyen klamidya ki ba li sa. Tibebe yo pran maladi sa yo lè y ap soti nan vant manman yo. Si tibebe a gen laj 2 - 4 jou, gen gwo chans pou se ekoulman. Trete l san pèdi tan pou je yo pa donmaje. Si tibebe a gen laj 5 - 12 jou, se pi fasil klamidya. Moun pran maladi sa yo lè yo fè bagay ; anpil gason ak fanm pran yo, men anpil fwa yo pa wè okenn siy maladi. Li pi bon pou fè yon analiz pou tout fanm ki gwo vant, epi trete maladi sa yo ; konsa tibebe yo pa pran yo nan moman akouchman an.

Pou je yo pa donmaje pou tout lavi li, epi pou tibebe a pa vin avèg, trete li ak pomad antibyotik. Fè yon analiz pou tibebe a ak manman li pou konnen ki kalite enfeksyon yo fè. Manman an ak pitit li toulede gen pou swiv trètman ak antibyotik, pomad pou je pa ase.

Ki jan pou nou pran swen je yon tibebe ki fèk fèt pou li pa gen pwoblem
Depi li fèt, netwaye je tibebe a dousman ak yon pwent koton wat oubyen yon aplikatè tou nèf. Apre sa, mete yon kouch pomad antibyotik nan je tibebe a pou evite enfeksyon je. Sèvi ak pomad tétracyline 1% OUBYEN ak pomad érythromycine 0.5% a 1%. Mete yon ti kouch nan chak je, yon sèl fwa. Fè l touswit, anvan 2 èdtan pase depi li fèt.

Si je tibebe a ap bay dlo san rete, sitou si je li yo plen dlo, epi dlo a koule nan figi li menm lè li pa p kriye, se ka ti kannal tou piti yo ki bouche ; ti kannal sa yo pèmèt dlo a desann nan twou nen an. Pwoblèm sa a ka al fè wout li pou kont li, men yon ajan sante kapab montre nou ki jan pou fè ti masaj nan figi a bò nen an (bò kannal dlo yo), pou debouche kannal yo.

Lafyèv sezon (alèji ki bay je wouj) ak lòt alèji ki aji sou je

Pousyè, poud jòn flè, oubyen lòt ti grenn pay ki nan lè a ka fè moun estènen, ka bay kèk moun je wouj ak gratèl epi fè je yo bay dlo. Lè kò yon moun toujou fè menm reyaksyon chak fwa li kontre ak yon bagay, yo rele sa yon alèji. Si gen epòk nan ane a kote pwoblèm sa a vin pi mal, moun nan ka fè alèji ak poud jòn flè ki soti nan pye bwa ak flè. Yo rele sa lafyèv sezon. Si se pandan tout ane a l ap soufri ak pwoblèm sa a, se ka pousyè, kanni, pwodui chimik, oubyen bèt ki bay sa. Yon reyaksyon alèji aji sou toulede grenn je yo

Trètman

Si nou konnen ki sa ki bay pwoblèm nan, pi bon trètman an se pou nou evite l oubyen wete l. Pa egzanp :

  • Eseye debarase pousyè kote ou dòmi a ak nan dra e lenn yo. Si se yon bèt ki bay pwoblèm nan, rete lwen ak bèt la e kote li dòmi.
  • Fèmen oubyen kouvri fenèt yo lannuit.
  • Sèvi ak yon mas oubyen yon twal pou kouvri bouch ak nen ou, pou ou pa respire poud jòn flè ak pousyè lè w ap mache oubyen travay deyò.


Si ou makiye figi ou, si ou losyonnen, si ou pote rad ki lave ak savon santi bon, oubyen nenpòt bagay ou ka santi, si yo toupre je ou, yo ka bay reyaksyon alèji nan je. Si ou sispann sèvi ak pwodui k ap nwi je ou, reyaksyon alèji a gen dwa ba ou yon souf. Pou soulaje je k ap grate, mouye yon twal (sèvi ak dlo frèt pou kalman), pliye l epi mete l sou je ou yo. Si ou jwenn gout anti-istaminik pou je, yo ka soulaje je ou yo lè lafyèv sezon fò sou ou.

Ilsè nan je (glas je a andomaje)

Siy ki fè nou rekonnèt li
Yon je ki gen tach ki kouvri bout anwo glè je a

Glas je a frajil anpil. Si li pran donmaj akòz enfeksyon oubyen yon grafouyen, sa ka bay yon ilsè nan glas je a ki bay gwo doulè. Pa fwote je a ; sa ap fè l vin pi mal toujou.

Anpil fwa, moun nan pa ka wè jan li te konn wè a, epi ilsè a fè mal anpil anpil. Ka genyen ekoulman ki dlo oubyen ki pwès.

Je a gen koulè wouj, epi si nou klere je a byen, nou ka wè yon ti pati nan glas je a ki tounen koulè grizat. Li ka pa klere tankou rès je a.

Trètman

Se yon ka ijan. Si nou pa okipe sa byen, ilsè a ka fè moun lan vin avèg. Chache konkou doktè. Mete pomad oubyen gout antibyotik pou je nan je a chak èdtan pandan nou nan wout pou al kay doktè je.

Iritis (glè je anfle)

Je sa a bon Je sa a malad
 one normal eye
Yon je ki nòmal, epi lòt la ki gen glè a anfle; anflamasyon kouvri yon pati nwa je a
Nwa je a vin piti, li pa tou won ankò.
Blan je a tou wouj sou rebò glè je a.
Je a fè mal anpil.

Lè glè je a anfle, nou rele sa iritis. Nou pa fasil konnen ki sa ki bay li.

Siy ki fè nou rekonnèt li
  • Li konn pran nan yon grenn je.
  • Gwo doulè a nan fon je a.
  • Nwa je a ka gen fòm dwòl ; li pa gen fòm won.
  • Blan je a wouj sou rebò glè je a
  • Doulè a pi rèd lè gen gwo limyè
  • Malad la konn wè twoub
Trètman

Iritis se yon pwoblèm je ki grav epi ki bay gwo doulè. Chache konkou doktè nan 1 oubyen 2 jou.

Antibyotik pa p fè anyen pou li.

Yon ajan sante ki byen fòme ka sèvi ak gout nan je ki pou fè nwa je a gwosi, epi ak lòt gout ki pou desann anflamasyon nan je a.

Trakòm — yon konjontivit ki pa vle geri

Trakòm se yon kalite enfeksyon je ; se nan manyen osinon se mouch oubyen twal ki kontamine ki fè yon moun bay yon lòt li. Nou pi fasil jwenn trakòm kay timoun ak manman yo. Si yon moun pran enfeksyon an plizyè fwa, nan kèk ane maladi a ka fè pwal je yo antre nan je a al fwote glas je a. Sa fè l fè mal epi fè li pa ka wè. Paske maladi a fè je a grate, gen de fwa yo rele l «pwal nan je».

Pa genyen anpil ka trakòm nan lemonn jan te konn genyen l anvan, men gen de peyi kote li toujou rete yon gwo pwoblèm, sitou nan Lafrik nwa. Moun ki trape l pi fasil se moun k ap viv nan move kondisyon, youn sou lòt, epi kote ki gen anpil mouch, men pa gen ase dlo. Pou moun pa pran trakòm, li enpòtan pou yo ka jwenn dlo pwòp, epi pou yo swiv prensip pwòpte.

Siy ki fè nou rekonèt li
 Anndan po je a ki kouvri ak ti boul
Anndan po je a ki tou grav ; pwal je yo antre nan je a
  • Lè timoun piti pran trakòm, anpil fwa li kòmanse ak yon je wouj ki pa twò grav ; nou ka pa remake l.
  • Lè timoun piti gen tan fè plizyè enfeksyon, yon bann ti boul koulè grizat parèt anba po je anwo a. Pou wè sa, vire po je a lanvè.
  • Apre kèk ane, epi ak plizyè enfeksyon youn dèyè lòt, boul sa yo disparèt, men yo kite ti mak blan anba po je a. Yo fè pwal je yo antre nan je a al fwote sou glas je a, ki fè l fè mal, epi ki fè li pa ka wè nan je a ankò.
Trètman

Pi bon trètman pou trakòm se azithromycine yon sèl dòz nan bouch. Si pa gen azithromycine (azitwomisin), tétracycline (tetrasikin) pomad pou je ka sèvi. Mete l anndan je a 2 fwa nan yon jou pandan 6 senmenn.

Pou yon moun ki gen trakòm ki déjà grav, yo ka fè li yon operasyon senp sou po je a pou fè yo tounen deyò ankò. Si pa gen posiblite pou fè operasyon an, yon ajan sante ki byen fòme ka eseye wete pwal je k ap grate glas je a.

Ki jan pou nou evite trape li :

Lè yon moun soufri ak trakòm, okipe sa touswit jouk li geri. Lave figi timoun yo chak jou ; lave men pa nou chak fwa nou touche ak je yon lòt moun. Lave sèvyèt, rad, ak dra e lenn souvan. Veye pou moun pa janm sèvi ak menm zòrye, oubyen ak menm twal pou seche figi yo.

Kouvri manje a pou mouch pa vin poze sou li, kenbe bouch latrin yo fèmen, epi fè konpòs byen lwen ak kay la. Al gade nan Dlo ak pwòpte, ki jan pou nou rete an sante.

Si gen anpil ka trakòm nan kominote pa nou an, otorite Sèvis Sante Piblik yo gen dwa trete tout moun nan kominote a ak azithromycine, pou mete yon fen ak maladi a.


NWTND eye Page 18-3.png

Se mouch, dwèt, ak twal ki simen maladi trakòm nan.




Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020