Hesperian Health Guides

Maladi ki kapab aji sou je moun

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Genyen enfeksyon oubyen maladi ki aji sou tout kò a, epi yo ka aji sou je yo tou. Lè yon moun gen pwoblèm je, ouvri je pa nou pou wè si li pa gen yon lòt maladi ki bay pwoblèm nan.

Tibèkiloz ka enfekte je yo epi bay je wouj, oubyen fè yon moun pa wè byen. Pi souvan, premye siy tibèkiloz parèt nan poumon yo oubyen lòt kote nan kò a.

VIH/SIDA : Lè nou bay moun malad yo trètman antiretwoviwo (ARV), sa ap anpeche pwoblèm je epi anpeche yo pèdi je yo. Al fè yon analiz pou VIH/SIDA pou ou ka swiv trètman si nesesè.

Èpès (bouton lafyèv) : Gen de fwa viris la antre nan je a, epi li bay yon ilsè nan glas je a ki fè mal, ki fè yon moun wè twoub, epi fè je a bay dlo. Medikaman ki pou konbat viris ka ede. Pa sèvi ak gout estewoyid — y ap fè pwoblèm nan vin pi grav toujou.

Pwoblèm fwa : Lajonis, lè blan je a tounen koulè jòn (oubyen po yon moun ki gen po klè tounen koulè jòn) se ka yon siy epatit.

Dyabèt (maladi sik) ak tansyon wo

Moun ki soufri maladi dyabèt la ka vin gen pwoblèm pou yo wè. Pandan maladi a ap fè kous li, li ka donmaje je yo (yon pwoblèm grav ki rele retinopati dyabetik) (rétinopathie diabétique). San trètman, dyabèt la ka fè yon moun vin avèg. Si yon moun wè twoub, se ka premye siy ki fè nou konnen kantite sik ki nan san an twò wo, epi li ka gen maladi sik la. Si yon moun wè twoub, epi mete sou sa, toutan li swaf epi li pipi anpil, nou mèt konnen l ap fè sik. Genyen analiz ki pa koute chè ki va fè nou konnen san dout.

Ede moun ki gen maladi dyabèt la jwenn trètman ki va desann kantite sik ki nan san an. Ankouraje yo al konsilte yon doktè je yon fwa chak ane pou wè si maladi a p ap donmaje je yo. Si nou pran bonè ak li, nou ka trete maladi je kay moun ki fè sik.

Tansyon wo ka aji sou je yo ak sou jan moun wè paske yo ka donmaje venn san ki anndan je yo. Kontwole tansyon moun lè yo vin fè konsiltasyon ; se pi bon fason pou konnen si li two wo. Si nou evite epi trete tansyon wo, sa ap pwoteje je yo.

Onchosèkoz (onchocercose, cécite des rivières)

Mouch nwa a gen do chamo tankou sa Men li pi piti anpil ; men gwosè li.
NWTND eye Page 26-1.png
 yon mouch tou piti ki gen do chamo

Se yon maladi je ak po ; pa genyen anpil ka maladi sa a nan lemonn ankò. Men nou jwenn li toujou nan Lafrik, nan Yemen, ak nan kèk kominote nan rejyon Amazon nan Lamerik Disid. Se yon ti vè tou piti ki bay maladi sa a. Lè mouch ki enfekte ak vè sa yo al pike yon moun, yo mete ti vè yo nan kò moun nan.

Siy
  • Demanjezon ak gratèl sou po.
  • Nou ka manyen ti boul, gwosè 2 – 3 santimèt, ki leve anba po a.


Si nou pa trete maladi a, ti kras pa ti kras, po a ap vin pi plise, li tonbe, tankou po yon ti gramoun. Tach blanch ka parèt sou janm li yo, pa devan.

Maladi a bay pwoblèm je ki fasil fè moun vin avèg. Premyèman, je yo vin wouj epi yo bay anpil dlo. Lè fini, nou ka wè iritis.

Trètman

Remèd ki bon pou trete maladi a se iverméctine (ivèmektin). Nan zòn kote yo mete sou pye pwogram pou tout kominote a, epi yo bay tout moun iverméctine chak 6 mwa oubyen chak ane, toujou gen mwens moun ki trape maladi a. Lè fini, maladi a gendwa disparèt nan zòn nan.

Ki jan pou evite maladi a

Mouch nwa peple nan dlo larivyè ki desann vit. Pou anpeche yo peple, rache raje ak lòt plant ki pouse sou rebò larivyè sa yo.

  • Pa dòmi deyò — sitou lajounen ; se lajounen mouch yo ap pike pi plis.
  • Pou konbat maladi sa a, bay tout konkou nou kapab lè gen yon pwogram ki pou debarase zòn nan ak mouch nwa. Mete men ansanm ak ajan sante yo lè y ap bay tout moun nan kominote a iverméctine.


Si nou pran bonè ak maladi a, nou ka anpeche moun vin avèg, epi anpeche maladi a gay



Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020