Hesperian Health Guides

Pwoblèm je ak pwoblèm ki ka fè nou pa wè byen : Medikaman

Ki jan pou nou sèvi ak pomad oubyen gout pou je

Lave men ou anvan epi apre ou mete gout oubyen pomad nan je yon moun, paske lè ou touche ak je yon lòt moun epi apre sa ou touche ak je pa ou, enfeksyon an ka gaye byen fasil. Nan faktori, yo fèmen boutèy gout je ak so. Ede moun nan wete so a, epi montre li ki jan pou fè soti yon gout.

Pou gout oubyen pomad la kapab fè travay li, fòk nou mete l anba po je a — pa sou deyò. Pomad rete efikas pi lontan pase gout, epi li bon pou mete yo anvan moun monte kabann yo. Men kòm li fè moun wè twoub pandan yon ti tan, li pi bon pou nou sèvi ak gout lajounen.

Yo fè nou wè ki jan pou mete pomad pou je anba po je ki anba a, epi lòt desen an montre ki jan pou nou mete yon gout nan je a
Pou anpeche enfeksyon an gaye, pa kite ni tib la ni konngout la touche ak je a.

Pou sèvi ak pomad pou je, desann po je a pa anba tou dousman. Peze ti tib la pou mete yon ti kouch pomad nan je a ; kòmanse tou pre nen an, pase nan direksyon zòrèy la.

sèvi ak gout pou je, desann po je a pa anba pou fè yon ti pòch. Gade anwo, epi peze dousman pou mete youn oubyen 2 gout nan je a. Fèmen je a, men fè efò pou ou pa bat po je ou. Pifò gout la ap pase sou tout glas je a.

Gout pou je nou jwenn pi fasil

Gout antibyotik pou je sèvi pou trete enfeksyon mikwòb (bakteri). Nou jwenn yo nan fòm pomad tou. Si se yon viris ki bay je wouj oubyen ki fè je a irite, gout ak pomad antibyotik pou je pa p ka trete yo.

Gout anti-istaminik pou je ap soulaje reyaksyon alèji a ki fè je yo bay anpil dlo, ki bay je wouj, epi ki fè yo grate nou. Konprès dlo frèt ka soulaje je k ap grate nou, epi li pa koute nou senk kòb.

Gout pou je sèch, ki pou grese je yo, yo rele yo «larmes artificielles» (dlo je atifisyèl). Nou ka sèvi ak gout sa yo jis 4 fwa nan yon jou, epi leswa lè nou pral dòmi. Si nou mete konprès dlo cho sou je nou — ak je yo tou fèmen — pandan 5 - 10 minit youn oubyen 2 fwa nan yon jou, sa ka fè je yo bay plis imidite.

Gout pou je ki gen natamycine (natamisin) : gen de fwa ajan sante yo bay yo pou evite enfeksyon chanpiyon lè gen yon ilsè nan glas je a.

Gout pou je ak tétrahydrozoline (tetrayidwozolin) oubyen naphzoline (nafzolin) ladan yo fè ti venn san ki nan je a vin pi piti, ki fè yo parèt mwens wouj. Men paske yo pa p geri pwoblèm ki bay je wouj la, se lajan jete.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Gout pou je ki gen estewoyid, tankou prédnisolone oubyen dexaméthasone (prednisolòn, deksametazòn) ap desann anflamasyon an nan je yo. Yo sèvi avè l lè yo fin fè operasyon pou je, oubyen pou trete kèk lòt pwoblèm je. Men, si nou sèvi mal ak yo, yo ka fè gran donmaj nan je a, oubyen yo ka kache yon problèm ki mande trete. Genyen gout ki gen yon melanj antibyotik ak estewoyid ladan yo (souvan non remèd la kòmanse ak «dex» oubyen «pred»). Pa sèvi ak gout ki gen estewoyid ladan yo sòf si se yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon ki preskri yo.

Trètman antibyotik pou je

Gout ak pomad antibyotik pou je make ak mo «pour l’œil» (pou je) oubyen «oculaire» (okilè), ki fè nou konnen yo bon pou trete pwoblèm je yo. Fòk nou pa pran pomad ki pou pase sou po a epi mete l nan je nou.

Gout ak pomad antibyotik pou je sèvi pou trete enfeksyon je ke bakteri ap bay, epi pou trete ilsè nan glas je a. Pomad érythromycine ak tétracycline pou je sèvi pou pwoteje je tibebe ki fèk fèt pou yo pa pran enfeksyon je nan moman akouchman an.

Kalite antibyotik pou je nou jwenn pi fasil se :

  • Pommade ophtalmique à la tétracycline 1% (pomad tetrasiklin)
  • Érythromycine 0.5% oubyen 1% (pomad eritwomisin)
  • Ciprofloxacine 0.3% (pomad oubyen gout sipwofloksasin)
  • Ofloxacine 0.3% gout pou je (ofloksasin)
  • Gentamycine 0.3% gout pou je (jentamisin)
  • Sulfacétamide 10% gout pou je (silfasetamid)
  • Chloramphénicol 0.5% gout pou je (kloramfenikòl)


Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrneyedropoint.png

PPou gout oubyen pomad nan je kapab efikas, fòk nou mete l anba po je a — pa sou deyò. Montre moun nan ki gen pou pran yo ki jan pou li sèvi ak yo.

Pou je wouj (konjonktivit) bakteri ap bay la

Sèvi ak pomad oubyen gout antibyotik 4 fwa nan yon jou nan toulede je yo pandan 7 jou. Menm si je yo parèt geri, kontinye trètman antibyotik la pandan 7 jou antou, pou enfeksyon an pa tounen. Gen de fwa, sa ka pran 2 jou pou medikaman an kòmanse ap fè travay li.

Pou trete yon ilsè nan glas je a

Mete gout antibyotik nan je a chak èdtan, epi voye moun nan chache konkou nan men doktè. Mete gout nan je yo chak èdtan pandan 24 èdtan ; apre sa, si li kòmanse geri, mete yo 4 fwa nan yon jou pandan 7 jou. Si nou pa wè yon kòmansman gerizon nan 2 jou, al chache konkou doktè. Si gen yon ilsè nan glas je a, pa janm bay gout oubyen pomad ki gen yon steroïde (estewoyid) ladan yo.

Pou trete trakòm

Si pa genyen grenn azithromycine (azitwomisin), nou ka sèvi ak pomad tétracycline. Mete pomad tétracycline 1% pou je nan toulede je yo, 2 fwa nan yon jou, chak jou pandan 6 senmenn.

Pou tibebe ki fèk fèt, pou evite pwoblèm je

Nou ka sèvi ak antibyotik pou tibebe yo pa pran enfeksyon je nan moman akouchman an. Depi tibebe a fèt, anvan 2 èdtan fin pase, lave po je li yo byen dousman ak yon twal e dlo pwòp. Pase yon kouch pomad nan chak je tibebe a ; sèvi ak youn nan pomad antibyotik sa yo :

Tétracycline 1% OUBYEN érythromycine 0.5% - 1%. Mete yon ti kouch pomad nan chak je, yon sèl fwa, anvan 2 èdtan pase apre li fèt.

NWTND bag arrow.png
Tou dousman, desann po je a pa anba. Mete yon ti kouch pomad nan je a ; kòmanse bò nen an epi pase nan direksyon zòrèy la. Pa kite pwent tib la touche ak je tibebe a epi pa siye pomad la.


Si pa gen pomad, sèvi ak :
Povidone-iodée 2.5% (povidòn-yode)

NWTND bag arrow.png
Mete yon gout nan chak je, yon sèl fwa, anvan 2 èdtan pase depi li fèt.

Azithromycine (azitwomisin)

Azithromycine' se yon antibyotik ki bon pou trete anpil kalite enfeksyon, trakòm ladann. Trètman trakòm mande yon sèl dòz grenn nan bouch. Kote otorite Sèvis Sante Piblik yo mete sou pye pwogram ki pou fini ak trakòm, yo ka bay tout moun nan kominote a azithromycine pou geri moun ki enfekte, epi nan menm tan yo anpeche lòt moun pran li.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou trakòm

NWTND bag arrow.png
Timoun 6 mwa epi pi gran, ki peze jis 40 kilogram Lè nou bay dòz la selon pwa yon moun, bay pou pi piti 20 mg pou chak kilogram pwa li, yon sèl dòz, men pa plis pase 1000 mg (1 gram).
Pou timoun piti, melanje siwo azithromycine pou fè 200 mg nan chak 5 ml. Pa egzanp, yon timoun ki peze 10 kg gen pou pran yon sèl dòz 5 ml (200 mg).
Timoun ki pi gran, ba yo azithromycine nan bouch. Nou konn jwenn li an grenn 250 mg. Pa gen danje pou nou bay yon dòz ki yon ti kras pi gran ; konsa nou pa oblije koupe grenn yo an 2. Pa egzanp, timoun ki peze 20 - 30 kg, ba yo 500 mg. Timoun ki peze 30 - 40 kg, ba you 750 mg.
Nan pwogram kote yo bay tout moun nan kominote a azithromycine, yo konn bay dòz la selon wotè timoun nan.
NWTND bag arrow.png
Jennjan ki peze plis ke 40 kg, ak granmoun (fanm ansent ladann) : bay 1000 mg (1 gram) nan bouch, yon sèl dòz. 4 grenn ki gen 250 mg fè 1 gram (1000 mg).
Nan pwogram ki pou fini ak trakòm, kote yo bay tout moun nan kominote a azithromycine, yo konn bay dòz la yon fwa chak ane pandan 3 ane.
Si pa gen azithromycine pou vale, nou ka trete trakòm ak pomad antibyotik pou je. Sèvi ak pomad antibyotik pou je, tétracycline 1% nan toulede grenn je, 2 fwa nan yon jou, chak jou pandan 6 senmenn.

Vitamin A, retinol

Vitamin A sèvi pou evite zewoftalmi (pa wè byen nan fenwa e je sèch).

Pou moun ka jwenn ase vitamin A, yo dwe manje anpil legim ak fwi ki gen koulè jòn, feyaj, ak manje ki sòti nan bèt tankou ze, pwason, ak fwa. Nan zòn kote nou fasil jwenn moun ki avèg lannuit epi ki soufri ak je sèch, e ke li toujou pa fasil pou yo jwenn ase nan kalite manje sa yo pou yo manje, bay timoun yo grenn vitamin A chak 6 mwa.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa sèvi ak plis pase sa yo di pou nou bay la. Si yon moun pran twòp vitamin A nan fòm kapsil, grenn oubyen luil, gen danje nan sa. Pou fi ak fanm ki kapab ansent, oubyen pou fanm ki nan premye 3 mwa gwosès yo, pa ba yo dòz nòmal la, paske li ka donmaje tibebe ki nan vant manman an. Olye pou nou bay fanm ansent yon gwo dòz, bay yon dòz vitamin A ki pi piti, epi bay li pi souvan.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Bay grenn oubyen kapsil pou vale. Men pou timoun piti, kraze grenn nan, mete l nan yon ti lèt manman an. Oubyen koupe kapsil la, epi vide luil la nan bouch timoun nan.

Pou evite timoun vin manke vitamin A

Kote yo monte pwogram pou goumen ak pwoblèm sa a :

NWTND bag arrow.png
Bay 3 dòz, nan chak dòz bay :
Tibebe ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, chak dòz.
Timoun 6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, chak dòz.
Plis ke 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, chak dòz.
NWTND bag arrow.png
Fanm ansent : bay 25,000 inite nan bouch, chak 8 jou, pou 12 senmen pandan gwosès la. Si li toujou gen pwoblèm avèg lannuit oubyen lòt pwoblèm je ki grav ki rive paske li manke vitamin A, yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon gen dwa bay yon fanm ansent yon dòz ki pi gran.

Pou trete timoun ki pa ka wè nan fenwa

Si yon moun deja pa ka wè byen nan fènwa, oubyen si li fè lòt siy ki montre li gen je sèch, bay 3 dòz. Bay premye dòz la touswit, dezyèm dòz la nan demen, epi twazyèm dòz la nan 15 jou pou pi piti.

Bay 3 dòz, nan chak dòz bay :

NWTND bag arrow.png
Timoun ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, chak dòz.
6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, chak dòz.
Pi gran pase 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, chak dòz.
NWTND bag arrow.png
Fanm ansent : bay 25,000 inite nan bouch, chak 8 jou pou 12 senmenn pandan gwosès li, pandan 12 senmenn. Si li toujou montre siy maladi pa wè lannuit, oubyen lòt pwoblèm grav nan je li paske li manke vitamin A, yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon gen dwa ba li yon pi gwo dòz.

Timoun ki gen lawoujòl

Lè timoun yo pran lawoujòl, vitamin A ka anpeche yo pran nemoni oubyen anpeche yo vin avèg — 2 konplikasyon ki ka rive fasil.

NWTND bag arrow.png
Timoun ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.
Timoun 6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.
Plis ke 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.

Si yon timoun deja pran yon dòz vitamin A pandan dènye 6 mwa yo, bay yon sèl dòz vitamin A. Si yon timoun ki gen lawoujòl ap soufri ak malnitrisyon ki grav, oubyen si li deja pa ka wè byen, bay yon twazyèm dòz nan 15 jou.


Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020