Hesperian Health Guides

Aksidan ak blesi

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Timoun pran blese epi fè aksidan pi fasil pase granmoun. Men nou ka pran swen pifò blesi kay timoun menm jan ak blesi kay granmoun. Pou aprann ki jan pou nou okipe diferan blesi, al gade nan Premye Swen.

Nou ka evite anpil blesi ki fasil rive timoun.

Lè yon bagay kole nan gòj

Pou yon timoun ki poko gen 2 ane, se yon gwo pwoblèm ; yon bagay ka fasil kole nan gòj li. Si timoun nan ap touse, oubyen li ka fè ti bri ak vwa li, veye l byen pou wè si li pa p touse pou jete bagay la deyò. Si timoun nan pa ka touse, li pa ka fè okenn son, pa pèdi tan ; ba li kou sou do ak sou pwatrin li. Si li plis pase 1 ane, ba li kou sou do li, epi peze monte fò sou mitan lestomak li pou fè bagay la soti.

Moso manje ki di e ki won kou boul se bagay ki pi fasil kole nan gòj timoun. Pa bay timoun piti sirèt, nwa, gwo grenn, moso vyann, oubyen moso legim kri. Lè nou fè manje pou timoun piti, li pi bon pou nou kwit manje a byen kwit, fè pire, oubyen rache yo an piti piti.

yon tibebe lonje men li pou pran kèk ti bal.
Ti jwèt, pyès monnen, ak balon ka fasil kole nan gòj yon timoun piti. Mete yo kote timoun piti pa ka jwenn yo.

Anpwazonman

Sere tout pwazon kote timoun pa ka rive, byen wo oubyen anba kle. Pwodui ki pou netwaye kay la ak pwazon ki pou touye ti bèt yo ladann. Pou aprann ki jan pou nou trete divès kalite anpwazonman, al gade tablo pwazon yo.

yon bale ki pou lave ak yon bokit dlo
Yon timoun enn an ka kwense nan yon bokit, epi neye.

Moun ki neye

Yon timoun ka neye nan yon letan, nan yon fòs, oubyen menm nan yon bokit dlo. Toujou voye je sou timoun piti lè yo pre dlo. Timoun ki pi gran, sitou gason, ka fasil neye, paske yo pa fè atansyon lè y ap naje nan dlo ki fon, oubyen nan gwo dlo. Fè atansyon pou pon ak wout ki pase bò kote dlo a, pou yo byen fèt, epi pou timoun yo ka pase la san danje. Aprann timoun yo naje. Konsa, katye a va an sekirite.

Boule

Nou ka evite pifò ka boule. Pa kite timoun piti yo pwoche bò kote dife, lanp, ak veso ki sou dife. Men si yon timoun boule, fòk nou trete l touswit, pou kalme doulè a ak pou evite enfeksyon. Yon boule ka bay gwo enfeksyon. Genyen de boule ki grav ki pa fè twò mal, paske boule a pati ak po a e ak nè yo ki pou fè li santi doulè a. Menm si sa pa fè li mal, fòk nou trete l kanmenm.

Aksidan machin

2 granmoun ak 2 timoun k ap pote kas epi k ap monte yon moto
Pwoteje tèt pitit ou; fè li pote yon kas. Pwoteje tèt pa ou tou ; pote yon kas. Konsa w ap la lè pitit ou bezwen ou.

Si tout moun ta sèvi avèk senti sekirite oubyen kas lè yo monte machin, moto, oubyen bisiklèt, konsa pa ta genyen sitèlman anpil moun ki blese oubyen ki mouri nan aksidan machin. Epitou, nou ta evite aksidan ankò, si nou ta fè wout pou moun sou bisiklèt ka pase san danje.

Vyolans

Se yon gwo pwoblèm ki rive twò souvan : moun k ap maltrete timoun. Sa ka blese yon timoun pou tout rès lavi li - non sèlman sa ap blese kò li, men sa blese kè li ak lespri li tou. Se responsablite tout granmoun pou yo veye timoun yo, pou lòt moun pa maltrete yo. Aprann ki jan nou ka rekonèt timoun k ap pase anba move trètman, epi pi plis toujou sou koze difisil sa a ; al gade nan Vyolans (chapit la poko ekri).