Hesperian Health Guides

Nan kèk èdtan kap vini yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Nan 1 oswa 2 èdtan apre nesans, lè tibebe fin pran tete epi ou asirew ke manman pap senyen epi li trè byen ba li nenpòt medikaman ke li ka bezwen epi ekzaminen tibebe ak anpil atansyon soti nan tèt rive nan zòtey pou wè si pa gen okenn pwobèm ki bezwen atansyon. Pa kite tibebe a fret lè wap
konsilte li a.

Medikaman pou tibebe ki fèk fèt

Si manman gen gonore oswa klamidya (2 enfeksyon jenital) sa ka afekte zye tibebe a pandan nesans la, lakòz gwo pwoblèm zye oswa avèg. Li fasil pou yon fanm gen yon enfeksyon jenital epi pouw pa konnen sa. Fason ki pi bon an pou w asirew ke gonore oswa klamidya pap gaye nan zye tibebe se pou ni fanm ak gason yo fè tès epi swiv tretman pou maladi transmisib sa yo. Pou evite enfeksyon zye nan gonore ak klamidya, mete yon ti eriktromisin oswa pomad tetrasiklin nan chak zye tibebe ant 1 oswa 2 èdtan apre nesans la.

Nan zòn kote epatit B oswa kansè nan fwa komen anpil, li t ap trè bon pouw bay tibebe yon vaksen kont epatit B nan premye jou apre nesans la. Sa ap enpoze manman bay tibebe a epatit B. Epi li komen anpil pou yon fanm genyen epatit B epi li pa menm konnen.

Konsilte tibebe a

NWTND Newb Page 6-1.png
  • Èske tibebe a sanble tankou tout lòt tibebe?
  • Èske pati nan kò li yo nan bò gòch ak bò dwat men gwosè, fòm, ak pozisyon?
  • Èske po li entak? Gade senti do li espesyalman. Pafwa gen yon ti fann ki bezwen operasyon touswit.
  • Èske pati jenital li nòmal? (Anfleman nan premye jou a komen epi yo pa danje.)
  • Èske li pipi? Yon tibebe ka pa pipi nan premye jou a. Men li sipoze pipi plizyè fwa nan demen epi chak 2 zèdtan apre sa. Si li pa pipi ase oswa si pipi li fonse oswa gen gwo sant li bezwen nouri plis. Oswa raman li ka gen yon pwoblèn ren li yo.
  • Èske tibebe a twalèt? Si li pa twalèt, mete yon gan epi tou dousman foure ti dwèt ki pi piti a nan tou bouda li pouw wè si li pa fèmen. Si pa gen tou li bezwen operasyon.

Gen kèk diferans ki pa enpòtan, epi kèk nan yo ka siy yon gwo pwoblèm. Si yon tibebe gen yon diferans, konnen ke li ka gen lòt toujou, e pafwa, yo kapab andedan kò a. Nou dwe gade tibebe sa yo ak anpil atansyon pou respirasyon, koulè, ak pipi

Fòm tèt

NWTND Newb Page 7-1.png

Li nòmal pou tibebe a gen yon tèt pwenti oswa anfle anpil, tankou sa, espesyalman apre yon prosesis akouchman ki te long. Nan 2 jou anfleman ap desann.

NWTND Newb Page 7-3.png
Yon ematòm

Kèk tibebe ap senyen anba po tèt la, sa rele ematòm. Li parèt mou lè ou peze li. Sa pa danjere, men li ka pran yon mwa oswa plis pou li ale.

Po bouch fann oswa palè fann

NWTND Newb Page 7-2.png

Yon divizyon nan lèv la (po bouch fann) li fasil pou wè. Yon divizyon andedan bouch (fann palè) li pa toujou fasil pou wè. Mete yon dwèt pwòp nan bouch tibebe a pou manyen si anlè a fèmen. Danje ki genyen pou yon tibebe lèv fann ak palè sa yo ka fè zafè bay tete a pi difisil.

Pouw bay tete, eseye kouvri lèv la ak yon dwèt, se konsa bouch la ap sele alantou tete a. Pou palè fann nan mete pwent tete a ak apti nwa alantou li a byen fon nan bouch tibebe a epi nan yon bò lèv la. Si tibebe a toujou gen difikilte, ba li lèt tete nan yon kiyè oswa pa gout, jiskan li gwosi li ka plis rale tete a pou kont li. Ba li manje pi souvan pou li ka anfòm. Pou aprann kijan pou tire lèt la ak men pou w kapab ba li nan kiyè, klike isit la.

Yon lèv fann ka repare ak operasyon apre 3 mwa. Yon yon palè fann ka repare ak operasyon nan yon ane. Nan plizyè peyi operasyon sa yo fèt pou gran mesi epi ka fè yon gwo diferans nan lavi timoun nan. Mande yon lopital pou plis enfòmasyon.

illustration of the below: checking for a dislocated hip.

Anch deplase, anch soti nan jwenti, deplazi

Kèk timoun fèt ak anch deplase –janm nan glise soti nan jwenti nan zo anch. Pi souvan, sa ranje pou kont li nan kèk jou oswa semenn

Pliye janm yo pouw ka kenbe kwis ak janm ki pi ba ansanm. Epi vire yon janm youn apre lòt an won. Kite pwent dwèt nan anch tibebe a. Epi, tou Dousman, vire yon pye, youn apre lòt. Vire li– deyò, alantou, anba, epi monte anlè. Si yon pye kanpe anvan lè li, kou, oswa bri lè ou ouvè li laj li ka delocalize.

a woman carrying a baby in a sling with his legs apart.
Mande manman pou pote tibebe a pye ouvè, konsa. Gade tibebe a ankò nan 2 semenn. Si toujou santi oubyen tande kou ak bri a, chache èd. Yon senp bodriye ki kenbe janm tibebe a ouvè pou 2 semenn ka evite yon dezabilite pou lavi.
a baby with his foot turned in.
the baby with a cast on his leg.

Pye kwochi

Si pye yon tibebe ki fèk fèt vire andedan oswa nan move direksyon (kwochi), eseye pliye li nan bon direksyon an. Si ou ka fè sa fasilman, repete sa plizyè fwa chak jou. Pye oswa pye yo sipoze dousman grandi nan bon direksyon an. Si ou paka pliye pye a nan sans nòmal la, mennen li nan yon klinik sante nan kèk jou kap vini yo apre nesans. Pye li ap bezwen bòt (kas) pou li dwat. Si sa fèt bone bòt la ap evite operasyon oswa domajman apre.

NWTND Newb Page 8-4.png

Dwèt ak zòtèy anplis

Yon ti dwèt oswa zòtèy anplis, ki pa gen zo andedan li, ka retire lè ou mare li ak yon kòd byen sere alantou li. Lap sot tonbe. Si dwèt la oswa zòtèy la pi gwo epi li gen yon zo, li pap bay pwoblèm ou ka senpleman kite li.

Yon ti palme konsa ki tou lejè (yon ti ouvèti) ant zòtey yo konsa pa yon pwoblèm.

NWTND Newb Page 8-5.png


Si 2 oswa plis dwèt kole ansanm, yo pral bezwen operasyon pou yo kapab fonksyone byen.

Sendròm Down, trizomik

Yon andikap ki afekte kapasite timoun nan pou li panse ak aprann ka parèt depi lè li fèt la, oswa ou ka pa wèl jiska timoun nan vin gran. Sendròm Down se yon koz komen ki bay aktivite mantal yo reta. Tibebe yo ki fèt ak Sendròm Down genyen kèk oswa tout siy sa sa yo:

NWTND Newb Page 9-1.png
Zye panche anlè
Figi plat
Sèlman yon sèl liy nan
pla men li
Zòrey piti ak yon po
polye anlè li
Mwens mis


NWTND Newb Page 9-2.png
Gwo espas
ant premye ak
dezyèm zòtèy
NWTND Newb Page 9-3.png
Chache sa ki
bon nan
chak timoun

Sendròm Down pa lakòz paske manman oswa yon lòt moun fè yon bagay. Si yon fanm gen plis ke 35 lè li ansent, tibebe li ap gen plis chans pou li genyen li. Tibebe sa yo bezwen menm lanmou ak atansyon tankou tout lòt timoun, epi kèk aktivite senp ka ede yo aprann.

Pran swen timoun andikape yo

Anpil diferans medikal ki lakòz yon pwoblèm pou yon timoun ka trete nan kay pa fanmi ak èd travayè sante. Petèt sa ki pi enpòtan yon timoun ki andikape bezwen se lanmou, atansyon, tan pou aprann, ak responsabilite, tankou nenpòt lòt timoun. Gade pou w wè kisa chak timoun kapab ofri oswa kapasite yo chak genyen.

Fason ki pi bon pouw proteje timoun yo se pran swen manman yo.


Defo nesans ki pi di

Kèk defòmasyon konn tèlman grav yo ka fè bebe a pèdi lavi li. Se moman ki gen anpil doulè pou fanmi an oswa kominote a. Kòm travayè sante, ou ka ede fanmi an pale de tristès oswa lanmò a.

NWTND Newb Page 10-1.png

Netwayaj ak abiye tibebe a

NWTND Newb Page 11-1.png
Anpil manman vle proteje pitit yo de move lè avèk anpil rad oubyen dra. Sa ka fè tibebe a twò cho! Yon sèl kouch ase.

Siye tout ti san epi premye poupou tibebe a (yon bagay nwa kolea) men piga ou benyen li. Apre 2 ou 3 jou, fanmi an ta dwe benyen bebe regilyèman pou netwaye lèt, bave, kras ak poupou.

Lè ou abiye tibebe a, itilize menm kantite rad yon granmoun bezwen, plis yon kouch. Pou premye ak dezyèm semen yo, kouvri tèt tibebe a– yo pèdi anpil chalè nan tèt yo. Chanje rad oswa kouchèt pi vit lè yo mouye oubyen sal ak poupou. Si po a vin wouj oubyen gen yon gratèl anba yon kouchèt, kite li san rad oubyen kouchèt pou li ka ede li ale.