Hesperian Health Guides

Antibyotik pou zye

Antibyotik pomad pou zye ak gout pou proteje zye tibebe ki fèk fèt la kont enfeksyon grav oswa avèg ki ka fèt si manman an gen yon enfeksyon transmisib nan vajen li pandan akouchman. Yo itilize yo tou pou trete enfeksyon mikwòb nan zye. Men si enfeksyon nan zye a grav, ba li antibyotik nan bouch oswa enjeksyon pito.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrneyedropoint.png

Pomad 1% tetrasiklin OSWA 0.5% de 1% eritwomisin yo itilize pou proteksyon apre nesans oswa pou enfeksyon zye ki pa grav. Ba li sa yo yon fwa, nan peryòd 2 zèdtan apre nesans.

     Si ou paka jwenn antibyotik pomad pou zye, ou ka itilize yon gout 2.5% solisyon povidòn-yodin oswa yon gout 1% solisyon nitrat ajan nan chak zye. Nitrat ajan vin plis konsantre tout tan lap evapore– se konsa pouw pa itilize silver nitrate ki ansyen. Li ap boule zye tibebe a. Siw nan dout, li pi bon pou w pa itilize silver nitrate di tou.

     Pou itilize pomad la, tou dousman leve chak pòpyè yo epi peze yon ti kras pomad soti andedan rive nan direksyon deyò a. Pou gout nan zye, rale pòpyè ki anba a epi peze 2 gout ladan li. Piga ou kite tib la oswa boutèy la touché zye a.