Hesperian Health Guides

Tcheke tibebe a souvan pandan 2 premye mwa yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

NWTND Newb Page 11-2.png

Fanm saj la oswa yon lòt travayè sante ta dwe kontinye swiv manman an ak tibebe a apre akouchman an. Manman ak bebe a ka al nan yon klinik pou tcheke si tout bagay oke, men premye tcheke a ta dwe fèt lakay pou yo pa vwayaje oswa pou yo pa ekspoze ak moun ki malad nan yon klinik. Tcheke bebe a ak manman an jou apre nesans la, 3 jou apre nesans la, yon semen apre nesans la. Yon visit apre 6 semenn ap ede anpil. Vizite souvan si gen nenpòt siy pwoblèm. Vizite souvan se fason ki pi bon pouw wè pwoblèm yo avan yo vin pi grav.