Hesperian Health Guides
Pwobem sante pou tibebe ki fèk fèt yo
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Chapit 27: Ti bebe ki fèk fèt ak bay ti bebe tete > Pwobem sante pou ti bebe ki fèk fèt yo
Maladi ki pran anpil jou oubyen anpil semen pou touye granmoun kapab touye yon tibebe nan kèk èdtan. |
Kontni yo
Enfeksyon
Enfeksyon yon tibebe ki fèk fèt danjere anpil epi li mande tretman ak antibyotik touswit. Tou depann ki bò sant sante a ye oubyen ki medikaman ou genyen, ta dwe chache èd touswit oubyen ba li tretman pou kont ou – menm si se sou wout la ou jwenn èd.
Siy danje yo
- Respirasyon vit: plis pase 60 souf nan yon minit lè lap dòmi oubyen ap repose.
- Batay pou li jwennn lè: lestomak antre, groyman, nen briyan ki ouvri soti pandan lap dòmi oswa repozel.
- Fyèv, plis ke 37.5º C, oswa tanperati ki twòp ba, pi ba ke 35.5º C.
- Gratèl ki grav ak anpil bouton oswa zanpoul. (Gratèl ki piti nòmal.)
- Pa pran tete.
- Pa reveye souvan, oswa sanblans pou li pa reponn ou.
- Kriz: pèdi konesans ak mouvman tranblad.
Nenpòt siy sa yo ka vle di bebe a gen yon enfeksyon. Si bebe a gen plis pase yon siy, li nan plis danje epi li bezwen antibyotik touswit. Si li gen sèlman yon siy, men li pa miyò rapid li bezen tretman.
Si manman te gen fyèv pandan akouchman an, dwe plis veye siy danje nan tibebe a. Menm jan tou, yon bebe ki fè poupou andedan matris la pafwa ka respire poupou a nan nesans la. (Dlo yo ta dwe gen fragman mawon oswa koulè vèt soti nan poupou a. Oswa po tibebe a te tache yon ti jan jòn nan nesans la.) Sa ka koze enfeksyon nan poumon nan premye jou yo, se konsa pouw pare byen vit pouw trete tibebe sa yo nan premye siy enfeksyon.
Tretman
Enjekte anpisilin ak jentasin touswit. Kontinye ba li pou 5 jou. E kantite ekzat medikaman depann nan pwa tibebe a.
Tibebe ta dwe santi li miyò nan lespas 2 jou. Si li pa amelyore pandan peryòd sa a, li bezwen diferan antibyotik pou sove lavi li. Jwenn swen medikal.
Enjekte medikaman nan misk lonn sou kote kwis la. Al gade nan Medikaman, tès ak tretman (chapit sa a poko ekri). |
Kriye
Kèk tibebe kriye plis pase lòt. Yon tibebe ki kriye anpil kapab oke si lòt siy yo nòmal. Tcheke pou wè si li respire byen lè li pap kriye.
Si bebe a preske toujou ap kriye, ki souvan vin pi mal nan mitan lannwit, yo rele sa tranche. Li ta dwe amelyore nan lespas 3 mwa. Li nòmalman konn pi rèd pou fanmi an ke tibebe a. Se pou nou gen bon jan nouvo manman yo (manman ki fè pitit premye fwa). Asirew ke yo jwenn repo ak èd yo bezwen.
Si tibebe kriye pou pi fò jounen an epi pa manje tou, gen fyèv, oswa gen pwoblèm respire, konsidere sa ka yon siy enfeksyon.
Vomisman
Tibebe ran gaz monte lèt. Pafwa gen anpil epi li soti nan bouch oswa nan nen. Rann lèt pa yon pwoblèm depi li pran tete souvan epi gwosi. Eseye kenbe li dwat anlè apre li fin manje. Yon tibebe vomi reyèlman se si li redi lè lap vomi an– olye ke lèt jis ranvèse deyò.
Kenbe tibebe sou zepòl ou oswa jenou ou epi bat do li tou dousman pou li ran gaz lè li fin manje. Sa ap ede li monte lè ke li te vale pandan li tap pran tete. |
Siy danje yo
- Vomi anpil anpil, li paka kenbe anyen nan vant li.
- Vomi san
- Siy dezidratasyon
Dezidrate (pa gen ase likid nan kò a)
Tibebe fasilman vin dezidrate, epi dezidratasyon tibebe espesyalman danjere.
Causes
|
Siy yo
|
Men nenpòt tibebe ka dezidrate.
Gwo dezitrasyon ka lakòz je fon, yon fonsman anlè tèt la, pèdi pwa, ak pa fè pyès reyaksyon.
Tretman
Nan premye siy dezitrasyon, oswa si bebe a gen dyare oswa ki gen vomisman nouri bebe a pi souvan tout tan li kapab bwè . Reveye tibebe a pou pi piti chak 2 zèd tan. Ou kapab tou ba li sewòm oral (yon resèt senp nan dlo ak yon ti sèl ak sik). Bay siwòm oral apre li fin pran tete. Trè rareman, yon manman pran swen ase souvan men pa pwodwi ase lèt. (Klike isit la).
Si yon tibebe dezidrate pa kòmanse amelyore nan kèk èdtan, chache èd medikal pou bay tibebe a likid.
Gratèl
Tibebe ki fèk fèt yo gen gratèl, tach, ak diferans ki genyen nan koulè po ki se sitou inosan, epi yo disparèt pou kont yo. Si nou kite dèyè tibebe a mouye ak pipi oswa twalèt, sa kapab ba li gratèl nan dèyè li. Netwaye zòn sa a pi souvan. Chanje kouchèt yo ak rad mouye oswa sal pi vit. Pou yon tibebe ki pi gran, si li fè chalè ou ka kite anba li tou touni pou li ka geri. Krèm oksid de zen ka ede, si li pa geri nan kèk jou, li ka gen yon ti chanpiyon. Sèvi ak krèm nistatin.
Si tibebe a gen ti zanpoul oswa bouton anpil, espesyalman si tibebe a sanble malad oswa gen lafyèv, li gen dwa yon enfeksyon. Si li pa kòmanse amelyore byen vit, oswa si nenpòt siy enfeksyon vin pi mal, bay antibyotik ki nan lis sa klike isit la.
Lajonis
Po oubyen zye jòn rele lajonis. Pou yon tibebe nwa, tcheke je yo. Lajonis soti nan dezyèm pou rive nan senkyèm jou a pa danjere. Pi bon tretman se ba li tete souvan. Sa pral fè tibebe a pase sibstans ki ap fè li jòn nan. Reveye li chak 2 zèdtan pou bay li tete. Limyè solèy ap ede li tou. Kenbe tibebe a toutouni nan solèy la pou 15 minit konsa, kèk fwa pa jou.
Siy danje
- Lajonis kòmanse touswit- nan premye 24 èdtan li fèt la.
- Lajonis ki kòmanse âpre premye 24 èdtan, men kouvri tout kò a.
- Si tibebe ki gen lajonis la gen dòmi anpil, oswa li paka leve poul pran tete.
Chache èd pou nenpòt nan siy sa yo.
Zye yo
Ti twou yo ki pèmèt dlo ak lòt likid ki ap soti nan zye yo ka kanpe epi zye a ka anfle epi fè lasi. Netwaye yo ak yon twal mouye tyèd. Itilize diferan moso twal pou chak grenn zye. Fason sa si gen youn enfeksyon nan yon zye, li pa pral gaye nan lòt la.
Yon pòpyè anfle, wouj ak sanglan apre tibebe a gen 5 jou gen anpil chans pou li gen klamidya oubyen gonore nan zye a. Ba li eritwomisin nan bouch li, pile grenn nan epi melanje li ak lèt tete a. Manman ak papa ta dwe trete pou klamidya ak gonore tou. Al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit (chapit sa a poko ekri). Si yon enfeksyon nan zye amelyore nan 1 oubyen 2 jou, wap bezwen yon lòt antibyotik pou n apeche l avèg. Jwenn èd medikal.
Yon pati mou
Yon pati ki mou nan mitan tèt sipoze plat. Yon pati fon oswa anfle se 2 siy ki bay gwo pwoblèm.
Yon pati ki fon nan mitan tèt la se yon siy dezidratasyon. Bay bebe a plis tete ak sewòm oral. | Yon pati anfle se yon siy menenjit. |
Kòd la
Apre yo fin koupe kòd la, kite kòd lonbrik la poukont li. Pa kouvri l. Pa mete kouchèt ak rad sou li. Evite touche li, men si ou ta dwe manyen li, lave men ou anvan ak savon ak dlo. Si kòd lonbrik oswa lonbrik la vin sal oswa kaye ak san ki sèch, pwòpte li ak savon ak dlo ak yon moso twal ki pwòp.
Si manman an kouvri kòd lonbrik la ak yon bandaj oswa yon mòso twal, asirew ke li pwòp epi li pa sere, chanje rad la kèk fwa chak jou.
Rete lwen kòd tibebe a – epi pral kenbe enfeksyon lwen tou. |
Lonbrik ta dwe seche epi tonbe nan yon semenn.
Si pati alantou kòd la vin wouj oswa cho, gen move sant oswa pij ap sot ladan li, li ka pwobableman enfekte. Netwaye byen epi bay tibebe a amoksisilin.
Si tibebe a tris, li paka pran tete, oswa li parèt rèd, espesyalman si alantou kòd la parèt enfekte, li ka gen tetanòs. Sa se yon ijans.