Hesperian Health Guides
Tibebe ki fèk fèt yo ak bay tete: Medikaman
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Chapit 27: Ti bebe ki fèk fèt ak bay ti bebe tete > Antibyotik goumen kont enfeksyon
Kontni yo
Tibebe ki fèk fèt yo ak bay tete: Medikaman
Anpisilin ak amoksisilin:
Antibyotik ki fo anpil
Anpisilin ak amoksisilin se yon kalite penisilin ki fo anpil, ki vle di yo pral touye plis mikwòb ke lòt medikaman yo nan fanmi penisilin nan. De sa yo pi souvan ka ranplase youn lòt. Lè yo preskri ou anpisilin, ou ap ka souvan itilize amoksisilin, nan dòz kòrèk la, nan plas li (wè anba).
Anpisilin ak amoksisilin bon anpil pou tibebe ak timoun piti. Yo tou de ka itilize pou maladi poumon (nemoni) ak enfeksyon nan zòrèy. Anpisilin bon tou pouw ka trete mennenjik ak lòt enfeksyon grav nan tibebe ki fèk fèt yo.
Tou de medikaman sa yo, men espesyalman anpisilin, gen tandans bay noze (anvi vomi) oswa dyare. Evite bay timoun ki gentan gen dyare li, si ou ka ba li yon lòt antibyotik pito.
Lòt efè segondè komen ki genyen se gratèl. Bouton ki grate ki ale ki vini nan kèk zèdtan kapab yon siy alèji ak penisilin. Sispann bay medikaman touswit epi piga ou bay timoun sa yon medikaman penisilin ankò. Pwochen fwa, lòt alèji li pral genyen an ka pi grav; li ka menm menase touye li. Pou kèk pwoblèm ou ka itilize eritwomisin pito. Yon gratèl ki sanble ak lawoujòl, epi pi souvan kòmanse apre yon semenn ou pran medikaman, epi pran jou pou yo ale, pa nesesèman yon alèji. Men li enposib pouw konnen tout bon vre si gratèl la soti nan alèji vre, se konsa li toujou bon pouw pa pran medikaman ankò.
Rezistans medikaman sa yo vin pi komen. Depann de ki bò ou rete, yo ka pa bay bon rezilta ankò kont estafilokòk, gonore, chigela, oswa lòt enfeksyon..
Anpisilin ak amoksisilin bay bon rezilta lè ou pran li nan bouch. Pouw bay tibebe grenn oswa kapsil, kraze grenn nan oswa vide poud la ki nan kapsil la epi divize poud la pou ka pran valè ou bezwen an. Epi melanje li ak yon ti lèt tete. Bay tibebe a medikaman nan yon gode oswa yon kiyè. Ou ka bay anpisilin tou pa piki, men se sèlman pou maladi ki grav tankou menenjit, oswa lè timoun ap vomi oswa li paka vale.
Tankou lòt antibyotik yo, nou pafwa sijere konbyen tan pouw kontinye bay medikaman sa yo. Kontinye medikaman pou jis lè tout siy enfeksyon yo ale (menm lafyèv la) 24 trèd tan. Si timoun nan gen VIH, ba li medikaman pou tout jou yo ki make a. Menm jan an tou, pafwa nou sijere ki kantite medikaman pou w bay. An jeneral, ba li pi piti kantite pou yon timoun ki pi piti oswa pou enfeksyon ki pa twò grav epi pi plis kantite pou yon timoun ki pi gwo oswa ki gen yon enfeksyon ki grav.
AMOKSISILINPou pifò enfeksyon tibebe ki fèk fèt yo
¼ nan 250 miligram kapsil OSWA
½ ti kiyè (2.5 mililit) nan 125 miligram/5 mililit siwo OSWA
¼ ti kiyè (1.25 mililit) nan 250 miligram/5 mililit siwo.
Ba li jiska 24 trèdtan apre tout enfeksyon yo ale.
ANPISILINPou pi fò enfeksyon tibebe ki fèk fèt yo
½ nan 250 miligram kapsil OSWA
1 ti kiyè (5 mililit) nan 125 miligram/5 mililit siwo.
Bay jiska 24 trèdtan pou tou siy enfeksyon yo ale.
Pou enfeksyon ki grav nan yon tibebe ki fèk fèt tankou maladi poumon (nemoni) oswa mennejit
Enjekte yon konbinasyon anpisilin ak djenntamisin sou kote misk kwis la. Epi wè avètisman de jetamisin.
Eritwomisin
Eritwomisin bon rezilta kont anpil menm maladi yo tankou peniisilin men li koute yon ti kras pi chè. Nan plizyè pati nan mond la, eritromisin kounye a bay pi bon rezilta ke anpisilin pou kèk ka maladi poumon (nemoni). Yo ka itilize l tou pou difteri ak koklich.
Pou moun ki alèji ak penisilin yo, eritwomisin se yon bon ranplasman. Pou plizyè enfeksyon, li ka tou ranplase tetrasiklin.
Eritwomisin souvan lakòz noze (anvi vomi) ak dyare, espesyalman nan timoun yo. Pa itilizel plis ke 2 semenn paske li ka lakòz lajonis.
0.75 mililit (sa se yon ti kras plis ke 1/8 ti kiyè) nan 250 miligram/5 mililit siwo eritwomisin OSWA
¼ nan 250 miligram grenn pile nan yon ti lèt tete oswa dlo.
Djenntamisin
Djenntamisin se yon antibyotik ki fò anpil nan fanmi aminoglikosid la. Li ka bay sèlman nan enjeksyon oswa nan venn. Dwòg sa ka domaje ren oubyen tande, epi ta dwe itilize sèlman nan ka ijans.
Pou maladi poumon (nemoni) oswa menenjit nan tibebe yo ak ti moun, bay yon konbinezon djenntamisin ak anpisilin.
Djenntamisin ta dwe bay selon dòz ekzakt la kòrèkteman. Bay twòp ka domaje nan ren oubyen fèl soud pou tout rès vi li. Bay kantite ekzat pou pwa timoun nan– piga ou gade sou laj timoun nan pouw ba li dòz la. Epi piga ou bay djenntamisin pou plis ke 10 jou. Evite gwo konsantrasyon medikaman (10 miligram/mililit pi bon ke 40 miligram/mililit).
Ceftriaxone
Se yon antibyotik ki fò anpil ki ka itilize pou sepsis ak menenjit, men se yon dezyèm chwa pou enfeksyon sa yo paske li pi danje dwòg pou timoun ki fèk fèt. Medikaman sa bon espesyalman pou gonore, menm enfeksyon gonore nan zye tibebe ki fèk fèt.
Li ka fè mal pouw enjekte. Men pa gen pwoblèm pouw ta melanje 1% lidokayine siw konn kouman.
Piga ou bay yon tibebe medikaman sa a si li poko gen 7 jou depi li fèt. Pa bay tibebe ki te fèt avan lè oswa tibebe ki fèt piti (si toutfwa gen yon chans petèt tibebe sa a te fèt avan lè). Pa ba li l si gen lajònis.
Pou gonore nan yon tibebe ki gen 7 jou oswa plis depi li fèt
Pou yon tibebe ki fèk fèt mwayen gwosè nan 3 kilo, enjekte 150 miligram.
Pou yon tibebe 3 kilo, enjekte 225 miligram 1 fwa pa jou.
Pou yon tibebe ki pi gran 6 kilo, enjekte 450 miligram 1 fwa pa jou.