Hesperian Health Guides

Ti bebe ki fèk fèt

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Ti bebe ki fèk fèt

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ki jan pou nou okipe yon tibebe ki fèk fèt


Pandan premye èdtan lavi tibebe a, men sa nou ka fè pou li pa mouri, pou li rete an sante, epi pou li anfòm:

  1. Kontwole pou wè si l ap respire byen.
  2. Seche kò tibebe a, kenbe li cho, mete li toutouni sou lestomak manman an, po sou po.
  3. Mete li nan tete manman an.

Eske tibebe a ap respire byen ?

Lè tibebe a ap soti, pandan ou ap seche li, epi pandan ou ap mete li nan tete manman an, kontwole pou wè si l ap pran souf byen. Si li p ap pran souf, si ou fè vit, ou gen plis chans pou ou ka sove lavi tibebe a.


NWTND Newb Page 1-1.png
Ponyèt ak pye li yo dyanm.
Li gen koulè nòmal.

L ap pran souf li byen, oubyen l ap kriye.
NWTND Newb Page 1-2.png
Kò li mou, li kraze.
Li gen koulè wouj fonse oubyen ble. Li ka tou blanch

L ap bat pou li pran souf, oubyen li p ap pran souf ditou, li p ap kriye.
Tibebe sa a sanble anfòm vit pote tibebe sa a sekou.

Si tibebe a mou, si li gen koulè ble, oubyen si li p ap respire :

Pa bay tibebe a kou.

  1. Retire flenm ki nan bouch li ak yon moso twal pwòp ki vlope sou dwèt ou. Pase li dousman nan bouch tibebe a. Oubyen sèvi ak yon sereng, oubyen yon ti ponp ki pou rale flenm ki nan bouch li, epi nan nen li.
  2. NWTND Newb Page 2-1.png
    Yon moun k ap retire flenm nan bouch tibebe a ak dwèt li
  3. Pase men ou sou do li. Sèvi ak yon sèvyèt oubyen yon twal. Sa va chofe li, epi seche li nan menm moman an. Fè ti masaj anba pye li tou. Sa dwe reveye li ase pou li pran yon gwo souf.

    Si malgre sa, li pa respire, oubyen si li sispann respire, fòk nou kòmanse fè respirasyon bouch nan bouch pou li.

Respirasyon bouch nan bouch

  1. Mete tibebe a kouche sou yon bagay ki di, tankou sou yon tab oubyen atè. Pase yon twal anba li. Apre sa, kouvri li a mwatye ak twal la, pou li pa pran fredi.
  2. Rale machwè tibebe a monte yon ti kras, pou fè machwè li pwente tou dwat sou anwo. Oubyen ou ka woule yon ti twal mete l anba zepòl li. Konsa gòj li va rete louvri, pou lè a ka pase.
    Tibebe a ak machwè li pwente tou dwat sou anwo.
    illustration of the above: Yo pa t monte machwè tibebe a ; li ret kole ak pwatrin nan
    Tibebe a ak fas li dwat sou anwo, konsa. Pa konsa.
  3. Louvri bouch ou laj. Mete bouch ou sou bouch ak sou nen tibebe a. Fè li yon fason pou lè a pa chape.
    figi tibebe a ; Yo desine yon wonn sou figi tibebe a. Kouvri kote sa a ak bouch ou oubyen ak mas la.
    Olye ou mete bouch ou sou bouch ak nen li, ou ka sèvi ak yon mas konsa. Li gen yon sak pou ou ka pouse lè a antre nan poumon tibebe a.
  4. Soufle lè a nan gòj li. Fè ti souf tou piti. Ba li yon ti souf piti chak 1 oubyen 2 segonn. Fè atansyon pou ou pa soufle twò fò. Sa ka donmaje ti poumon pitit la.
    Chak fwa ou fin ba li yon souf, pran yon ti pòz pou kite lè a soti deyò.
    Yon fanm k ap kontrole pandan l ap bay tibebe a souf.
    1 e...
    Yon fanm k ap kalkile pandan l ap ba li souf
    Soufle.

    Si ou pa wè lè a antre, kanpe la. Monte machwè li ; asire ou ke l ap pwente dwat sou anwo, epi gòj li ouvè. Eseye ba li yon lòt souf.

    Si tibebe a kòmanse kriye, oubyen si li pran pou pi piti 30 souf chak minit, li bon. Mete li sou lestomak manman an. Kenbe li cho. Tout bagay ka ale byen. Men voye je ou sou li pandan kèk èdtan. Eske li gen koulè nòmal ? Eske l ap respire byen ? Si kò li ap chanje koulè, si po ki kouwonnen bouch li ap chanje koulè, si l ap bat pou li pran souf, chache konkou.

    Lè ou fin fè 20 minit respirasyon bouch nan bouch, epi tibebe a toujou pa respire, se ka mouri li mouri. Pase yon moman ak fanmi an, pandan yo pran dèy. Kite moun wè jan kè ou fè ou mal tou. Paske yo va bezwen swen ak atansyon ou.

Kenbe tibebe a cho — po sou po, kole ak manman li



Yon tibebe k ap kouche sou pwatrin yon fanm. Yo kouvri li ak yon dra
Mete tibebe a toutouni sou kò manman an — po sou po.
Kouvri tèt tibebe a ak yon ti chapo oubyen ak yon dra.

Kote ki pi bon pou tibebe a, se kole ansanm ak manman li.


Fòk nou kenbe kò tibebe a toujou byen sèch e ase cho. Chalè kò manman an va chofe tibebe a. Pa pran tibebe a nan men manman an, ni pou ou egzaminen li, ni pou ou benyen li. Pa benyen li touswit ; sa ka fè li twò frèt. Ou pa gen dwa separe tibebe a ak manman li—sòf si tibebe a p ap respire, epi sa va oblije ou fè respirasyon bouch nan bouch pou li.

  • Seche tibebe a, pandan ou ap mete li sou po manman li.
  • Chofe tibebe a ; mete li toutouni sou lestomak manman an. Apre sa, kouvri yo toulede ak yon dra oubyen yon twal. Si yon dra vin mouye, wete li touswit, epi mete yon dra sèch sou yo. Dra ak twal ki mouye va fè tibebe a pran fredi.


Si nou oblije voye manman an al lopital, oubyen si li gen yon lòt pwoblèm ki pa pèmet li kenbe pitit li, papa a, oubyen yon lòt moun nan fanmi an, ka pran tibebe a epi mete li sou po li.

Yon fanm k ap sere tibebe li sou lestomak li, anndan rad li

Kòmanse bay tete

Yon èdtan konsa apre yon tibebe fèt, dòmi ap pran li. Mete tibebe a nan tete anvan li dòmi. Si li pa pran tete touswit, tire de twa gout lèt manman an ; mete li sou po bouch tibebe a. Oubyen pase pwent tete manman an sou po bouch li. Sa dwe eksite li pou li pran tete. Pou pitit la rete an sante, pi bon bagay yon manman ka fè se ba li tete. Pou aprann plis sou kesyon bay tete, epi poukisa li enpòtan anpil pou tibebe a bwè premye lèt manman an, ki rele kolostwòm, klike isit.