Hesperian Health Guides

Malnitrisyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon timoun mèg ki soufri anba malnitrisyon
Kote pifò timoun malnouri, moun ka kwè yo parèt nòmal. Men se pa nòmal pou timoun rete piti, pou yo fèb, ak figi yo kagou, epi pou yo malad prèske toutan. Timoun konsa pa an sante.
Siy ki fè nou rekonèt li
  • Yon timoun pa gen pwa li dwe genyen pou laj li, li pa byen vini.
  • Li mèg.
  • Li fin mèg; lè kò a manke nitrisyon, se souse li souse vyann nan pou l ka jwenn fòs bay malad la.
  • Lespri li lou, kò li kraze, paske sèvo li manke nitrisyon.
  • Li malad pi souvan, li trape enfeksyon fasil.
  • Dyare sou li souvan, ki fè malmanje a vin pi grav ankò.
Yon timoun mèg ki soufri anba dyare. Imaj la montre nou ke malnitrisyon bay dyare, epi dyare bay malnitrisyon

Genyen anpil timoun ki soufri anba malnitrisyon ki dire sou yo. Sa vle di, timoun sa yo rete grangou pandan lontan. Konsa, yo pa rive wotè yo ka te rive si yo ta manje byen. Yo malad pi fasil, yo soufri anba dyare pi souvan, yo manke san (anemi), yo gen lòt pwoblèm sante.

Tretman

Li posib pou nou trete malnitrisyon, menm si se ti kras lajan sèlman nou gen, si nou bay malad la pi gran kantite ak pi bon kalite manje.

Tibebe ki poko gen 6 mwa : ba yo tete souvan, men pa ba yo okenn lòt manje. Si nou bay lòt kalite manje, sa ogmante pwoblèm malmanje a. Kòm tibebe ap grandi, toujou ba li tete ansanm ak kèk lòt bon kalite manje.

Tout moun ki malnouri, ba yo bouyon ki chaje ak manje ki bay fòs ak kouray. Pou kòmanse, fè bouyon ak manje moun manje pi plis nan zòn nan. Mete sou li :

Lap mete yon kiyè luil kizin, ze, fig mi, ak siwo myèl sou bouyon an
  1. Pwoteyin (ki ede kò a devlope): farin pistach, manba, farin fèt ak lòt nwa, farin pwa, osinon sòs pwa. Pwa kwit, ze, pwason; lèt, osinon yawout. Pran nenpòt pwoteyin nou ka jwenn, ki pa twò chè.
  2. Manje ki bay fòs ak kouray: mete sou li yon kiyè luil kizin, yon kiyè sik, siwo myèl, osinon siwo kann. Oubyen ajoute ti fwi.
  3. Vitamin ak mineral (ki pwoteje kò a, epi ki ede l refè) : fwi, osinon legim kwit.

Gen de fwa nou ka pa jwenn manje ki gen pwoteyin ak legim ladan l pou bay timoun yo manje chak jou. Kanmenm, fè jefò pou n pa ba li manje chèch, san mete anyen sou li. Sa va rasazye l, men lap febli, lap tonbe malad souvan. Mete yon kiyè luil kizin sou li (luil ki sèvi pou fè manje). Kiyè luil kizin la pap ba li pwoteyin ak legim. Men annatandan, li bay timoun nan enèji li pa ka jwenn nan lanmidon sèlman.

Yon timoun gen yon gwo pla diri chèch. Yon lòt timoun gen yon ti pla diri ak yon kiyè luil kizin ladan l. Li pa oblije manje menm valè diri ak lòt la pou l jwenn sa li bezwen
Pou l jwenn fòs kò li bezwen, yon timoun ta oblije manje tout kantite diri sa a.
Si nou mete ti luil kizin sou diri a, kantite sa a ase.

Kontwole tout timoun pou wè si yo malnouri

Twò souvan, moun pa remake malnitrisyon kap rete chita sou timoun. Pou siveye yo, peze yo regilyèman. Make pwa ak wotè yo sou yon kat tèlke yon kat Chemen lasante. Si pa gen balans, mezire anwo ponyèt yo. Souvan genyen klinik osinon pwogram ki kontwole ki jan timoun ap devlope. Avèk pwogram sa yo, nou ka jwenn timoun ki grangou anvan yo fin chèch.

Pou mezire anwo ponyèt yon timoun, koupe yon riban papye, plastik, osinon twal ki gen longè 25 santimèt konsa.

Make sou riban mezi sa a ki mezi ki montre ke timoun nan twò mèg, ak ki mezi ki montre li gen ase vyann (grès ak vyann). Bò 0 santimèt, ekri, ‘kòmanse mezire bò isit’. Bò 11.5 santimèt, ekri, ‘twò mèg’. Bò 12.5 santimèt, ekri, ‘byen vini’. Oubyen nou mèt sèvi ak koulè osinon lòt ti mak. Fè travay la yon fason pou tout moun ka konprann ki jan pou yo fè l.

Sèvi ak riban mezi sa a pou mezire anwo ponyèt tout timoun ki gen laj ennan rive 5 an. Konsa nou va kontwole pou wè si yap grandi byen. (Si yon timoun soufri anba kwatchòkò, yon kalite malnitrisyon ki grav, ki fè tout bra ak janm li yo anfle, li pa tèlman itil pou n mezire anwo ponyèt li.)

Yon moun kap sèvi ak yon riban mezi pou l pran mezi anwo ponyèt gòch yon timoun
Pran mezi anwo ponyèt la nan mitan bra gòch la.

Lè anwo ponyèt yon timoun pi piti pase 11.5 santimèt (li pa rive mak ‘twò mèg’ la), oubyen lè kat Chemen Lasante montre li manke sou pwa li, oubyen nou rekonnèt siy malnitrisyon grav, al gade anba. Li malad grav. Se pou nou prese trete li. Nou ka sove lavi timoun sa a si nou ba li manje ki bay fòs ak kouray. (Klike isit).

Yon riban mezi pou kontwole gwosè anwo ponyèt yon timoun. Si li pa rive sou 11.5 santimèt, sa vle di li ‘twò mèg’. 11.5 rive 12.5 santimèt vle di li nan ‘zòn danje’. Pi wo pase 12.5 santimèt vle li lap ‘grandi byen’

JÒN (zòn danje)

Si anwo ponyèt yon timoun rive nan zòn jòn, li ka fasil tonbe malnouri. Ba li plis manje. Voye je n sou ki jan lap devlope, pou li pa tonbe malnouri tout bon.

Atansyon: Sèvi ak yon santimèt pou fè yon riban mezi. Imaj sa a ka pa gen mezi egzak.
Twò mèg

Malnitrisyon ki grav anpil

Malnitrisyon ki grav anpil rive kote ki gen lagè, sechrès, osinon dezas natirèl, lè moun pa ka transpòte machandiz. Oubyen, li frape moun ki toujou pa konn jwenn ase manje. Kay moun sa yo, yon bagay rive ki fè yo pa ka jwenn ti manje sa a, oubyen yo bezwen plis manje pase sa yo te konn gen. Pa egzanp, sa ka rive yon timoun ki toujou grangou, lè li fè kwasans li. Sa rive tou lè yon moun ki malnouri trape VIH/SIDA, malaria, lawoujòl, oubyen lòt maladi. Lè sa a, fòk li jwenn plis manje pou li konbat enfeksyon an. Sibitman konsa, ti manje yo te gen an pa sifi.

Nan koze malnitrisyon an, nou pale plis sou malnitrisyon kay timoun, paske se timoun ki soufri plis anba malnitrisyon. Yo pèdi pwa pi vit, ki fè yo pa gen apeti. Lè konsa, yo bezwen èd pou yo refè, epi pou yo pa mouri. Si nou pa ede yo, malnitrisyon ka donmaje yo pou tout rès lavi yo. Malnitrisyon ki grav ka antre sou gran moun tou. Se menm tretman pou n ba li.

Pitit sa a soufri anba malnitrisyon ki grav; se po ak zo li ye :

Yon timoun, ki mèg e piti, ki gen cheve ki tonbe. Bra ak janm li fin mèg, nou ka wè tout zo li.
Cheve li tonbe fasil
Po li chèch, fen, po li sanble ap tonbe.
Yo rele kalite malnitrisyon sa a maras.
Li fèb, bra ak janm li chèch kou bwa alimèt.
Li fin mèg, li pa gen pwa li dwe genyen.



Pitit sa a soufri anba yon lòt kalite malnitrisyon; se po, zo ak dlo li ye:

Yon timoun, ki pa si tèlman mèg, cheve li vin blan, yo tonbe, vant ak pye li anfle, li gen mak nwa sou po.
Cheve li pèdi koulè li, li vin wouj, jòn osinon blan. Li tonbe fasil.
Po li chèch, lap dekale.
Vant li anfle.
Po li kouvri ak bouton, li gen mak nwa.
Yo rele kalite malnitrisyon sa a kwatchòkò.
Figi l bò je li anfle. Men li ak pye li anfle.
Li ka gen pwa li dwe gen pou laj li, li pa gen lè mèg.
Li depafini, li pa vle bouje.
Li peze sou je pye yon moun. Sa fè yon ti twou ki rete lè l leve dwet li.
Si nou peze sou je pye (chevi) li, dwèt nou ap fè yon ti twou la.

Gen de timoun ki gen siy de kalite malnitrisyon an menm tan.

Moun ki malad ak VIH/SIDA, tibèkilòz (maladi pwatrin), vè, osinon lòt maladi kap rete lontan sou moun, yo ka soufri anba malnitrisyon, menm si yo manje nòmalman. Si genyen timoun osinon gran moun ki manje kont kò yo, men yo gen lè malnouri, yo ka soufri anba yon maladi grav. Li enpòtan anpil pou moun ki malad lontan, pou yo manje ase bon kalite manje. Men li enpòtan tou, pou nou chache konnen ki pwoblèm yo genyen.

De foto, premye a se yon timoun ki toutafè mèg, kap kriye. Dezyèm nan se menm timoun nan, men li gen pwa nòmal epi li kontan.
Lè Achika te vin konsilte nan klinik la, li te malad grav ak malnitrisyon. Li manje bon jan manje pandan kèk senmenn. Li geri.

De foto sa yo, se foto menm tifi a, Achika, ki vin fè konsiltasyon nan yon sant Reyabilitasyon nitrisyonèl (Nutritional Rehabilitation Home) nan Kathmandu (Katmandou), Nepal. Li tap soufri anba malnitrisyon ki grav. Yo trete li pandan 26 jou avèk lèt anrichi, epi plizyè lòt bon kalite manje. Yo sèvi ak manje yo jwenn nan zòn sa a. Lè fini, li te pran pwa ase pou laj li, li te gen bon sante, epi li tounen lakay ak manman li. Sant sa a, se pa yon lopital li ye. Se yon gran kay ak anpil kabann, yon jaden legim, ak travayè ki gen kè sansib. Yo pran swen 20 timoun konsa chak mwa. Sant sa a se pou timoun ki malnouri grav akòz lamizè, maladi, inyorans (fènwa) sou koze nitrisyon, epi lagè ak grangou. Manman yo patisipe nan trètman pitit yo. Yo aprann ki jan pou yo fè bon jan manje. Konsa, lè yo tounen lakay, yo ka bay lòt moun kout men sou koze nitrisyon an. Yon tèl sant sove lavi pifò timoun ki vin trete la.

Ki jan pou nou trete malnitrisyon ki grav

Lè yon timoun gen malnitrison ki grav, se ka ijan. Si gen yon sant nitrisyon nan zòn nan, mennen l la. Sinon, manman an osinon lòt moun oblije okipe l li menm. Men sa pou nou ba li :

  • Ba li manje
  • Ba li bwè.
  • Gade l cho, sitout lannwit.
  • Ba li medikaman.

Ba li Manje

Ba li manje ki chaje ak fòtifyan, manje ki gen bon remontan. Sik ak lanmidon se manje ki bay fòs ak kouray. Yon diri chèch osinon yon mayi moulen chèch pa ase.

Nou ka prepare bon jan remontan lakay, ki bay fòs ak kouray. Remontan sa yo konn gen menm valè nitrisyonèl ak manje sinistre. Pafwa yo pi bon (klike isit). Yon manje sinistre se Plumpy’Nut, (plòmpi nòt). An plis, manje ki fèt lakay bon pou tout timoun piti, paske tout timoun bezwen manje ki bay fòs ak kouray, manje ki gen fotifyan. Konsa yap byen vini, yo va rete an sante.

Mete 4 kalite manje sa yo ansanm. Sèvi ak sa nou jwenn nan zòn nan : viv, pwoteyin, grès osinon luil kizin, ak legim.

  1. Prepare yon gode bouyon ak yon manje ki gen lanmidon (manje ki bay fòs ak kouray).
    Yon bòl bouyon ak yon kiyè.
    Prepare sa nou abitye prepare pou fanmi an. Fè bouyon a pwès, (fòk li pa klè).
    • pitimi
    • mayi
    • diri
    • ble
    • kasav
    • yanm, ponmtè, malanga, manyòk osinon patat
  2. NWTND Nut Page 25-2.png
  3. Mete sou sa yon pwoteyin.
    Chwazi youn nan sa yo ki ekri anba:
    • 2 gwo kiyè lèt an poud
    • 1 ze
    • ½ gode pistach osinon sereyal ki griye epi ki pile osinon moulen.
    • ½ gode pwa sèch osinon pwa frans ki kwit epi ki kraze fè pire.
    • ½ gode farin fèt ak pwa kwit.
    • ½ gode pwason ki seche epi pile.
    • ¼ gode vyann, fwa, kè, osinon grenn vant (ren), koupe nan ti moso tou piti.
  4. NWTND Nut Page 26-1.png
  5. Mete sou li 2 gwo kiyè grès osinon luil kizin.
    Chawzi youn nan sa yo ki ekri anba:
    • Luil kizin, luil nwa, bè, la kochon
  6. Mete sou li yon demi gode legim kwit.
    Chawzi youn nan sa yo ki ekri anba:
    NWTND Nut Page 26-2.png
    • tomat
    • legim fèy vèt, (epina, lyann panye, lalo)
    • joumou
    • pwa tann
    • pwa frans
    • kalalou gonbo
    • nenpòt
    • lòt legim


Ba li bouyon rich sa a 4 rive 5 fwa lajounen.

Yon timoun ki malnouri ka manke gen lapeti. Afòs li fèb, li mal pou li manje. Ba li ti kras manje soti inè rive dezèd tan. Pran pasyans avè l, men pa lage. Kontinye ba li manje sa a, ki rich nan sa ki bay fòs ak kouray, jis timoun nan tanmen pran pwa, epi li gen fòs ak lespri li ankò.

Yon manman kap kenbe ti pitit li ki malnouri. Lap ba li manje ak yon bòl e kiyè

Lave men nou anvan nou prepare manje, osinon anvan nou separe manje, sèvi ak asyèt ki pwòp, epi pa sere rès manje a plis pase yon jou. Tankou lòt kalite manje, manje rich sa a ka gate. Li gate pi vit kote l fè cho.

Si timoun nan tete ankò, ba li tete dabò, answit ba li manje rich sa a. Ba li tete pi souvan— yon timoun malnouri ka twò fèb pou li pran ase alafwa.

An plis, ba li fwi chak jou. Tout fwi chaje ak vitamin. Si nou kapab, ba li plizyè kalite fwi—konsa timoun nan va jwenn plizyè kalite vitamin.

Ba li bwè

Pifo timoun ki malnouri manke dlo akòz yo gen dyare. Si manman an ap toujou ba li tete, se pou li kontinye ba li tete, mezi li kapab.

Lè l fin pran tete, ba li sewòm oral. Si timoun nan malnouri grav, wete yon ti kras sèl sou jan nou konn prepare sewòm. Ajoute yon ti kras sou sik la.

: I lit dlo nan boutèy. Pran 1 lit dlo potab
Yon ka (¼) ti kiyè sèl

Ajoute ka (¼) nan yon ti kiyè sèl

Goute pou wè si dlo je a yon ti kras pi sale pase sewòm nan.
9 ti kiyè sik

Mete 9 ti kiyè sik. Brase l.

Ba li kèk kiyè sewòm sa a chak de twa minit. Yon timoun ki malnouri ka menm twò fèb pou li bwè. Soutni tèt li pandan nap ba li sewòm.

Gade l cho

Lè yon moun malnouri grav, li manke fòs pou l chofe pwòp kò pa l. Kontwole tanperati li (chalè kò li) tanzantan. Mete dra sou li pou de twa jou, pou chofe kò l, jis li tanmen retabli. Lannuit fè pi frèt; ba li dra an plis.

Ba li medikaman

NWTND Nut Page 27-4.png

Malnitrisyon se yon maladi ki bezwen trete ak medikaman. Yon timoun ki malnouri grav ka byen soufri anba enfeksyon. Men, afòs kò li fèb, li ka pa kapab bay siy ki fè nou wè li malad. Akòz sa a, ba li medikaman pou konbat enfeksyon, menm si li pa gen lafyèv, epi nou pa wè li gen siy enfeksyon. Men sa pou nou bay timoun ki malnouri grav:

  • Amoksisilin(amoxicillin) osinon yon lòt antibyotik, 3 fwa nan yon jou, pandan 7 jou.
  • Vaksen kont lawoujòl (anwenske nou sèten li deja fin pran tout vaksen kont lawoujòl). Al gade nan Vaksen (chapit sa a poko ekri).
  • Vitamin A.
  • Zenk.
  • Mebendazòl (si gen vè nan zòn nan).

Voye je nou sou pitit la

A woman holding a malnourished child, feeding him with a cup and spoon

Yon timoun ki soufri ak malnitrisyon ka vin pi mal anvan nou bat je nou. Fòk nou voye je n sou li.

Lè nou kòmanse bay timoun nan manje ak bwè, se pou nou kontwole batman kè li ak souf lì. (Al gade nan Ki jan pou nou egzaminen yon malad (chapit sa a poko ekri.)) Si kè li bat pi vit, si souf li anlè lè nou ba li sewòm oral, kanpe la. Prese chache konkou doktè. Se ka kè li ki pa ka sipòte kantite dlo ke sewòm oral la mete nan kò li.

Eske timoun nan ap refè ? Si l pa fè mye nan de twa jou, li ka soufri anba enfeksyon osinon lòt maladi kap ba li plis pwoblèm. Nou ka oblije mennen l lopital. Chache konkou si timoun nan pèdi konnesans, si li fè kriz, oubyen si li gen lafyèv ki depase 38 degre santigrad (100.4 degre farennayt).

Yon fanm kap kenbe yon timoun malnouri sou jenou li, epi yon lòt ap karese tèt li

Moun kap pran swen pitit la, fè li konprann byen ki jan pou li okipe li, ki sa pitit la bezwen pou l pa mouri nan men li, epi ki jan pou ede l geri. Ba li bon esplikasyon sou ki jan pou l ba li sewòm oral, manje ak medikaman yo. Fè l konprann ki jan pou li fè pitit la manje kont kò li. Ankouraje l pran pasyans avèk pitit la, lè lap ba li manje. Men fòk li pa lage. Si yo pa fè atansyon pou yo ba timoun nan bon jan manje, li ka fasil chite. Mande moun kap okipe timoun nan pou li repete tout esplikasyon nou gen tan ba li. Konsa nou ka konnen si li konprann byen sa nou di li. Fè tou sa nou kapab pou ede l. Nòmalman, se manman an kap okipe pitit ki malnouri a. Manman an chaje ak travay. Lap okipe lòt timoun, lap okipe kay la, epi twò souvan, li pa gen ase manje li menm. Si nou bay manman an yon kout men, sa va ede pitit la tou.

Menm si li retabli, nou dwe voye je n sou yon timoun ki gen tan soufri anba malnitrisyon grav. Chache wè si lap byen vini, si lespri li ak fizik li ap devlope byen.

Manje sinistre

Kote moun mouri grangou, petèt nou ka jwenn manje nan bwat, manje sinistre, non angle se ‘Ready-to-use therapeutic food’ (RUTF), sa vle di manje ki bay plis fòs ak kouray, tankou remontan. Li ka sove lavi moun ki pa gen anyen pou yo met nan bouch, tankou nan kan refijye, (kote moun pran refij lè lagè osinon dezas fè yo kouri kite lakay yo.) Men kalite manje sa a bay pwoblèm tou. Doktè Massimo Serventi (Masimo Sèvanti), yon doktè timoun nan peyi Tanzanie (Tanzani), ekri nou sou sije Plòmpi nòt (Plumpy’Nut), manje sinistre ki pi koni.

(Gen yon òganizasyon an France (Frans), Médecins sans Frontières (Medsen san Fwontyè), doktè ki sot nan peyi rich pou yo al rann sèvis nan peyi pov. Yo te fè presyon sou gwo konpayi ki tap fabrike Plòmpi nòt la. Lè konsa, konpayi a te dakò pou kite lòt peyi fabrike Plòmpi nòt.)