Hesperian Health Guides

Istwa manzè Wanita a

Nan chapit sa a, n ap jwenn:


Wanita ap viv nan yon ti bouk nan lwès peyi Ondiras, kote li menm ak mari li plante mayi nan yon ti mouchwa tè yo genyen. Jaden an pa rapòte ase pou 3 pitit Wanita yo byen manje. Kon sa, plizyè fwa nan yon ane, Rawoul, mari Wanita a, blije pati ansanm ak lòt jenn gason nan ti bouk la pou y al travay bò lanmè nan gwo plantasyon bannann.

a woman sitting on an outdoor toilet


3 semèn konsa dènye pase mari a te fè nan kay la, Wanita te kòmanse bay yon ti dlo nan pati siperyè l. Li pa t abitye bay tout dlo sa a. Apre sa, li te kòmanse santi doulè, lè l ap fè pipi. Wanita te santi gen yon bagay ki pa nòmal, men li pa t konn kisa l te ye.


Finalman manmzèl deside mande zanmi li, Souyapa, kèk konsèy. Souyapa konseye l bwè te bab mayi paske li menm, se kon sa l te jwenn yon kanpo lè l te konn santi doulè, lè l ap pipi. Wanita eseye bwè te bab mayi a, men sa pa bay ankenn rezilta. Lè sa a, Souyapa konseye l itilize remèd fanmsaj la te bay zanmi yo Maria del Carmen pou doulè manmzèl te genyen apre akouchman. Wanita fè remèd la: li vlope yon bann remèd fèy nan yon twal koton epi li sèvi ak twal la kòm bannvant. Lè manmzèl wè sa pa bay rezilta, li panse l ap pi bon si l foure fèy yo nan pati siperyè l. Men sa pa regle anyen. Pwoblèm la vin pi grav.


Alòs, Wanita deside al wè Donn Pedwo, travayè sante a. Li te wont kite yon gason konsilte l, men li te blije reziyen l, paske li te gen tan byen pè pou se pa yon gwo maladi li trape.

Ak ki pwoblèm nou annafè?


illustration of the below: health worker asking questions
Donn Pedwo di Wanita pou li ridel, fòk li konnen byen kisa maladi l la ye. Se pou sa, li poze Wanita kesyon sa yo:
  • Ki premye fwa ou te santi pwoblèm nan?
  • Ki siy ki te fè w sispèk ou gen yon pwoblèm?
  • Nan yon jounen, konbyen fwa ou wè menm siy sa yo? Ak kisa yo sanble?
  • Èske w te konn santi siy sa yo anvan, oubyen èske gen moun nan fanmi oubyen nan kominote a ki konn gen menm siy sa yo?
  • Èske gen yon bagay ki ba w soulajman? Èske gen yon bagay ki fè siy yo vin pi grav?


Kèk maladi nou ka mal pou distenge

Apre l fin byen koute tout detay Wanita ba li sou doulè yo ak sekresyon an, Donn Pedwo eksplike kijan siy sa yo montre, an jeneral, ak ki kalte maladi nou annafè. Men kèk fwa, plizyè maladi diferan ka gen menm siy yo. Paregzanp, men maladi ki ka chanje kantite, koulè ak odè sekresyon pati siperyè yon fanm:

  • yon maladi seksyèlman transmisib (MST)
  • yon enfeksyon nan pati siperyè a, ki pa yon MST.
  • yon maladi enflamasyon basen (MEB) ki se yon enfeksyon nan matris ak nan tromp yo e ki souvan se rezilta yon MST.
  • kansè kòl iteris.

Pou l te ka konnen pi klè ki yès nan pwoblèm sa yo ki ba Wanita siy sa yo, Donn Pedwo te bezwen konnen si Wanita ak mari l sèvi ak kapòt osinon si gen youn ladan yo ki konn kouche ak lòt moun. Wanita rekonèt li sispèk mari l konn kouche ak lòt fanm, paske misye konn fè plizyè mwa deyò, lè l al travay nan plantasyon. Men kòm yo pa janm pale kesyon sa a ansanm, li pa ka met men l nan dife pou sa. Se vre, dènye fwa mari a te pase nan kay la, misye te konn ap plenyen doulè lè l ap pipi, men li te di se akòz kalte manje li manje, lòtbò a, nan zòn lanmè kote plantasyon yo ye a.

Lè li fin gen tout enfòmasyon sa yo, Donn Pedwo vin sispèk Wanita trape yon MST, ki kapab se gonore oubyen klamidya. Kòm moun mal pou fè diferans ant 2 maladi sa yo, pito yo fè tretman pou tou 2.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025