Hesperian Health Guides

Pwoblèm je nou jwenn pi fasil

Katarak

 yon je ak nwa je a ki koulè blan

Ti loup la, tankou yon ti lantiy, ki pa dèyè ti twou ki nan nwa je a, li fikse limyè ki antre nan je a pou nou ka wè. Lè granmoun yo antre nan laj, loup la ka kòmanse vin twoub ; se sa ki anpeche limyè a antre. Ti kras pa ti kras yon moun vin pa ka wè, jis li pa ka wè anyen ditou. Gen de fwa nou wè ti twou a tounen koulè gri. Yo rele l yon katarak. Nou jwenn yo pi fasil kay granmoun, men gen de lè sa rive menm tibebe ak timoun piti tou.

Pou anpeche katarak devlope :

  • Pa fimen.
  • Pote chapo pou pwoteje je nou nan gwo solèy.


 Yon fanm k ap pale
«Si genyen cheve koulè gri, gade pou wè si pa genyen je koulè gri.» N ap ankouraje granmoun ki gen katarak pou yo fè operasyon an pou yo ka wè ankò.

Ajan sante yo kapab rekonèt yon moun ki gen katarak, epi fè l jwenn pwogram oubyen lopital kote yo ka fè li yon operasyon pou l ka wè ankò. Se gason ki pi fasil jwenn trètman pou katarak pase fanm. Al rann vizit lakay ti granmoun fanm ; poze yo kesyon sou ki jan yo kapab wè. Si n ap siveye ti granmoun yo konsa, nou ka ede yo jwenn trètman anvan katarak la rive fè yo avèg. Men, menm si se yon ti kras tou piti yo kapab wè, li pa janm twò ta pou ede yo.

Trètman

Pa gen medikaman ki ka geri katarak. Lè yo fè yon moun operasyon, yo wete katarak la (loup ki twoub la), epi yo mete nan plas li yon nouvo loup ki byen klè. Konsa moun nan kapab wè ankò.

Apre operasyon an, moun nan gen pou pran gout antibyotik pou je ak gout pou desann anflamasyon an, nòmalman pandan 4 senmenn. Li ka gen yon ti malèz nan je a, epi li ka wè twoub okòmansman, men li dwe fè yon ti mye chak jou. Si li vin gen doulè nan je a pandan premye 15 jou yo, se yon siy ki fè nou konnen gen danje. Kouri al chache konkou doktè anvan 24 èdtan pase depi doulè a kòmanse. Apre operasyon an, yon moun ka bezwen linèt pou l ka wè p.

Glokòm

Gwo maladi sa a rive lè gen twòp tansyon nan je a, epi li donmaje nè ki anndan je a, ki bay yon maladi grav yo rele glokòm. Yon moun ki soufri ak glokòm kòmanse pa wè byen sou kote, epi ti kras pa ti kras li ka vin avèg. Je a ka fè mal epi li vin di tankou yon mab. Gen de fwa se yon blese ki bay li, men anpil fwa nou pa konnen ki sa ki bay li.

Lè yon moun soufri glokòm, fòk li jwenn trètman ki pou desann tansyon an. Nou ka trete l ak gout pou je pou tout rès lavi li, kèk fwa ak lazè (laser), oubyen ak yon operasyon ki pou desann tansyon an.

Moun ki gen plis ke karantan (40 ane) gen plis chans pou yo gen glokòm, sitou si gen moun nan fanmi yo ki gen glokòm. Ede yo fè yon kontwol pou tansyon nan je yo chak detwa ane.

Genyen kèk kalite glokòm. Nou pi fasil jwenn glokòm ki vini tankou yon kriz epi glokòm ki vini piti piti a.

Glokòm ki vini tankou yon kriz

Li pran nou yon grenn kou. Je a vin wouj, li bay gwo doulè, epi li fè yon moun pa wè byen. Li ka bay anvi vomi, maltèt, epi doulè a pi rèd nan gwo limyè. Je a santi pi di pase lòt je ki nòmal la. Si nou pa trete l, nan kèk jou kriz glokòm nan ap fè yon moun vin avèg. Voye l kouri al chache konkou doktè. Premye bagay li bezwen se gout ki pou desann tansyon nan je a. Lè fini, gen anpil chans pou yo bezwen fè trètman lazè oubyen yon operasyon.

Glokòm ki vini piti piti a

Se piti piti tansyon an ap vin pi fò, pandan de mwa oubyen ane. Li pa fè mal. An premye, yon moun vin pa ka wè byen sou kote. Tank glokòm nan ap anvlimen, moun nan vin wè tou dwat sèlman. Men li ka pa remake sa jis lè li prèske pa ka wè ditou. Doktè je a konn tyeke jan li wè sou kote, epi li ka gade anndan je a pou konnen si li gen kalite glokòm sa a. Pi bonè nou trete l, se pi bon rezilta nou va jwenn. Trètman ak gout pou je, lazè, oubyen operasyon kapab anpeche pwoblèm nan vin pi grav toujou.

Chè nan je (ptérygion)

 Yon je ki gen yon moso chè ki pouse sou li, ki kouvri pati blan je a e glè je a.

Yon ti moso chè ki pouse sou je a epi k ap grandi soti sou kwen je a ale sou glas je a, se solèy ak pousyè ki fasil bay sa. Nou jwenn li souvan, men jeneralman li pa grav. Nou pi fasil jwenn yo kay moun ki pase plizyè ane ap travay deyò anba gwo solèy oubyen kote ki fè anpil van ak pousyè.

Linèt nwa ak chapo ap pwoteje je yo kont solèy, van, ak pousyè, epi li ka ralanti oubyen rete chè a sou kous li.

Pifò ka pa mande trete. Si chè a rive two pre nwa je a, oubyen si li bay malèz, yon doktè je kapab opere li anvan li kontrarye jan yon moun wè.

San nan blan je a

Yon je ak yon ti plak san ki kouvri bout anba je a
Yon ti plak san nan blan je a pa fasil bay pwoblèm.

Yon plak san wouj ki pa fè mal ka parèt nan blan je a apre yon moun leve yon bagay ki lou, apre li touse twò fò, oubyen lè li frape je li yon jan lejè. Se yon ti veso san ki pete nan je a ki bay sa. Li san danje, tankou yon mak, epi li pral fè wout li pou kont li nan 15 jou konsa. Nou pa bezwen okipe sa.

Men si gen san nan glè je a, pati nan je a ki gen koulè, se grav.

Je sèch ak kwout sou po je

Lè moun rete nan zòn kote tan an byen sèch, lè yo antre nan laj, lè gen lafimen nan lè a, oubyen lè yo pran kèk kalite medikaman, bagay sa yo ka bay moun je sèch.

Po je yo ka fè kwout lè salte oubyen ekoulman pwès ap bouche kannal dlo je yo ; sa fè je yo vin sèch epi fè yo grate. Yon moun ka fè enfeksyon po je (al gade anba), oubyen li ka gen yon kwout oubyen kal sou po je yo ki sanble ak chaplèt. Si nou kenbe po je ak bò je yo byen pwòp, dlo je ak lòt imidite ki nan je yo ka fè yo rete an sante.

Trètman

Pou soulaje je sèch, fèmen je nou yo tanzantan pou ba yo yon ti repo. Si je yo toujou sèch, eseye mete konprès dlo cho sou yo youn oubyen 2 fwa nan yon jou pandan 5 - 10 minit ; konsa n ap ogmante imidite ki nan je yo. Gout ki pou mouye je yo ka ede tou.

Si gen kwout sou po je yo, mete konprès dlo cho sou yo 2 - 4 fwa nan yon jou ; lè fini, lave yo dousman. Si yo pa fè mye, se ka yon enfeksyon bakteri ; eseye sèvi ak érythromycine pomad pou je 2 fwa nan yon jou pandan 7 jou.

Boul ak anflamasyon nan po je

Yon ti boul ki anfle epi ki tou wouj arebò po je a se ka :

  • yon klou nan je, yon boul ki wouj epi ki fè mal ; se enfeksyon bò yon pwal je a ki bay sa ;


oubyen

  • yon chalazyon, yon boul ki ka pa fè mal ; se yon bouchon anndan po je a ki bay sa.


Kèk fwa yon enfeksyon ki mete pye bò yon pwal je ka pase anba po je a.

Nou ka trete toulede ak konprès dlo cho, 4 fwa nan yon jou, pandan 15 - 20 minit chak fwa. Chofe twal la plizyè fwa pandan n ap sèvi avè l pou l ka rete pi cho ke posib san li pa boule je a. Pa fè fòs, pa pete boul la, paske sa ap fè pwoblèm nan vin pi mal.

Si anflamasyon an pa p desann nan kèk jou, al wè doktè.

 Yon je ak yon boul nan mitan po je ki anba a.
 Yon je ak yon boul anba po je ki anwo a
Yon klou nan je se yon enfeksyon bò pwal je a ki fè mal. Yon chalazyon se yon boul ki anba po je a ki ka pa fè mal.

Tach oubyen «mouch» devan grenn je moun

Gen de lè, moun konn plenyen ke yo wè kèk tach k ap deplase devan je yo lè y ap gade yon bagay ki klere (tankou yon miray osinon syèl la). Tach yo deplase lè je a vire ; yo sanble ak ti mouch tou piti k ap vole. Tach sa yo pa grav, epi nou pa bezwen okipe yo.

Men si nou gade epi nou wè yon bann tach ki rete konsa yo parèt an kantite, epi nou wè ekla limyè, sa fè nou konnen se ka retin nan ki sou andann je a ki dekole (retin nan se pati nan fon je a ki tankou yon ti miwa, ki fè nou wè). Fòk yo fè li operasyon pi vit ke posib pou

Lè moun manke vitamin A (avèg lannuit, zewoftalmi)

NWTND eye Page 23-1.png

Lè moun manke vitamin A, sa bay yon kalite malnitrisyon ki donmaje je timoun yo, epi ki ka rann yo avèg. Se yon pwoblèm nou ka evite.

Pwoteje je timoun piti ; veye pou yo toujou manje ase manje ki chaje ak vitamin A, tankou manje ki gen koulè zoranj, kawòt, mango, papay, feyaj, pwason, ak ze. Si manman an bay tibebe a tete, sa anpeche tibebe a vin manke vitamin A, mete sou sa, yo bay yon bann lòt avantay pou sante tibebe a.

Lè gen anpil ka malnitrisyon konsa, gen de kominote kote yo bay tout timoun grenn vitamin A chak 6 mwa.

Siy ki fè nou rekonèt li

Premyèman, je yo vin sèch, yo pa bay dlo jan yo te konn bay. Pitit la pa ka wè nan fènwa. Blan je a pèdi ti klere li te gen sou li, epi li kòmanse plise. Avèk kous maladi a, je yo vin pi donmaje, lè fini, pitit la ka vin avèg.

Trètman

Si yon pitit pa wè byen lannuit, oubyen si li gen lawoujòl, ba li vitamin A.

Je vèwon ak je louch

Si yon tibebe oubyen yon timoun piti gen yon je k ap gade sou anndan oubyen sou deyò, sa ka fè li pa ka wè byen nan je ki fèb la. Fè li wè yon doktè je. Se pa yon ka ijan, men fòk nou kòmanse trete l depi li tou jenn. Pi bonè nou kòmanse, se pi bon chans nou genyen pou korije pwoblèm nan.

Trètman

Doktè je a ka mande pou yo kouvri je ki bon an pou fè je ki fèb la mache pi byen, oubyen li ka preskri linèt. Yo ka fè li operasyon pou fè je a gade tou dwat, men anpil fwa li pa nesesè.

NWTND eye Page 24-1.png
Lè nou kouvri je ki bon an, sa kapab fè je ki fèb la ap gade tou dwat epi fè li wè pi byen. Pou kèk timoun, li ase pou kouvri je ki bon an pandan kèk èdtan chak jou ; lòt mande pou yo kouvri je ki bon an pandan tout lajounen.

Gwosès ak jan fanm kapab wè

Lè yon fanm ansent, òmòn nan kò a ap chanje, epi sa ka afekte jan yon fanm wè pandan gwosès la. Lè tibebe a fèt, jan fanm nan abitye wè konn tounen nan nòmal li.

Men si yon fanm ki gwo vant rete konsa li wè twoub, li wè ti tach devan je li yo, li vin avèg nan yon je, oubyen li wè doub, se ka yon siy ki fè nou konnen gen danje. Li ka soufri yon maladi ki grav, anpwazonnman gwosès (toksemi). Li vini ak maltèt epi tansyon wo (140/90 oubyen pi wo toujou). Fè vit chache konkou.

Fè tout sa ki posib pou fè yon analiz pou tout fanm ansent, pou wè si yo pa enfekte ak gonore oubyen klamidya, epi pou ede yo jwenn trètman si nesesè. Lè yo fè lamou, yon fanm ka pran nenpòt nan maladi sa yo san li pa konnen sa. Si tibebe a pran mikwòb sa yo nan moman akouchman an, li ka vin avèg.

Pwoteje fanm ki gwo vant pou yo pa pran ni ribeyòl ni Zika ; maladi sa yo ka bay tibebe yo gwo pwoblèm je. Vaksen kont ribeyòl anpeche moun trape l. Pou aprann plus sou Zika epi ki jan nou ka evite l, al gade nan chapit Malarya, lafyèv deng, ak lòt maladi moustik bay.



Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020