Hesperian Health Guides

Premye de twa zèdtan nan lavi tibebe a

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Youn oubyen dezèdtan konsa apre li fèt, lè tibebe a fin pran tete, lè nou wè manman an p ap pèdi san, epi li sanble anfòm, nou mèt bay nenpòt medikaman nou gen pou nou ba yo. Apre sa, egzaminen tibebe a. Kòmanse nan tèt li rive jis nan pye li. Gade pou wè si li pa gen lòt pwoblèm pou nou okipe. Pa kite tibebe a pran fredi pandan n ap egzaminen li.

Medikaman pou tibebe ki fèk fèt

Si manman an gen ekoulman (blenoraji) oubyen klamidya (2 kalite enfeksyon ke moun trape nan fè bagay), yo ka enfekte je tibebe a nan moman akouchman an. Sa ka bay gwo enfeksyon, epi sa ka fè tibebe a pa ka wè. Sa rive fasil pou yon fanm gen yon enfeksyon konsa, san li pa konnen sa. Pi bon fason pou evite yo, pou yo pa vin enfekte je tibebe a, se pou fi ak gason, toulede, fè tès pou wè si yo pa enfekte. Pou nou konnen plis sou ki jan nou ka rekonèt enfeksyon sa yo, ak ki jan nou ka trete yo, al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit (chapit sa a poko ekri). Pou evite tibebe a trape enfeksyon blenoraji nan je li, mete yon ti pomad érythromycine (eritwomisin) oubyen tètracycline (tetrasiklin) nan toulede grenn je li. Fè sa kou li fèt, nan 1 - 2 zèdtan.

Kote ki genyen lajonis B (epatit), oubyen kote ki genyen anpil kansè nan fwa, li bon pou nou vaksinen tibebe a kont lajonis B. Bay vaksen an jou li fèt la. Sa va anpeche maladi lajonis B soti nan manman an rive nan pitit li. Yon fanm ka fasil pote mikwòb maladi sa a san li pa konnen sa.

Egzaminen tibebe a

NWTND Newb Page 6-1.png
  • Eske tibebe a sanble ak lòt tibebe ?
  • Eske 2 kote kò li, bò gòch ak bò dwat, yo gen menm gwosè, menm fòm, ak menm pozisyon ?
  • Eske po li anfòm ? Egzaminen do li pa anba. Gen de fwa ka gen yon ti twou la. Se operasyon touswit pou yo fè pou fèmen li.
  • Eske pati li nòmal ? (Premye jou tibebe a, pati li ka anfle. Sa rive souvan. Pa gen pwoblèm.)
  • Eske li fè pipi ? Li ka pa fè pipi premye jou a. Men li dwe fè pipi kèk fwa sou dezyèm jou a, epi apre sa, chak kèk èdtan. Si li pa pipi ase, oubyen si pipi li gen koulè fonse, epi li santi fò, se pou tibebe a tete plis e pi souvan. Sa pa rive fasil, men li ka gen yon pwoblèm nan ren li yo.
  • Eske tibebe a fè poupou ? Sinon, mete yon gan. Tou dousman, foure dwèt ou ki pi piti a nan twou dèyè li. Konsa ou ka konnen si twou a fèmen oubyen non. Si li pa gen twou dèyè, fòk yo fè operasyon.


Si nou jwenn yon bagay ki pa nòmal, nou mèt konnen gen bagay ki pa bay pwoblèm ; genyen lòt ki bay gwo pwoblèm. Si nou jwenn yon pwoblèm, sa rive souvan pou li gen lòt pwoblèm toujou. Gen de pwoblèm ki anndan kò a ; nou pa ka wè yo. Kontwole tibebe sa a byen pou wè si l ap respire byen, si li gen koulè nòmal, epi si li fè pipi nòmalman.

Fòm tèt la

Tèt tibebe a anfle
Pòch san (ematòm)
Pòch san (ematòm)

Se nòmal pou tèt yon tibebe yon ti jan difòm, ki fè yon «pwent», oubyen anflamasyon, sou kouwòn tèt li. Sa rive sitou lè tranche a te long. Nan de twa jou, sa va pase.

Genyen tibebe ki bay san anba po cheve yo. Sa fè yon ti pòch san, ki tou mou lè nou touche ak li. Pa gen danje, men sa ka pran yon mwa oubyen plis tan pou li pase.

Po bouch fann, plafon bouch fann (twou nan nen)

Yon tibebe ak po bouch li fann

Lè yon pitit gen po bouch li fann, depi li fèt nou wè sa. Men si li gen plafon bouch la fann (yon twou nan nen an), nou pa toujou remake sa. Foure yon dwèt ki byen pwòp nan bouch tibebe a pou wè si li pa fann anndan. Danje ki genyen ak pwoblèm sa a, sè ke tibebe a va gen traka lè l ap tete.

Lè manman an ba li tete, se pou li eseye bouche twou nan po bouch la ak dwèt li. Konsa tibebe a ka pran tete a nan bouch li, epi souse lèt la. Si li gen yon twou nan nen li, fè tete a ak wonn tete a antre nèt nan bouch tibebe a, sou kote fant lan. Si tibebe toujou pa ka tete, ba li lèt manman an ak kiyè oubyen konngout. Lè li pi gran, li ka pi fasil aprann tete. Ba li lèt ase souvan, pou li ka rete an sante. Pou konnen ki jan pou tire lèt manman an, pou bay li ak kiyè, klike isit.

Depi pitit la rive nan laj 3 mwa konsa, yo ka fè operasyon pou fèmen po bouch la. Si gen twou nan nen, yo ka fè operasyon lè li rive nan laj 12 mwa. Nan anpil peyi, gen de lopital kote yo fè operasyon sa yo pou granmèsi. Operasyon an ka rann lavi pitit la pi bon anpil. Mande konsèy nan yon sant oubyen yon lopital.

L ap montre nou ki jan pou nou tyeke zo ranch yo

Zo ranch dejwente

Gen de timoun ki fèt ak zo ranch yo tou dejwente, ki vle di, zo janm nan soti nan jwenti ki kole ak zo ranch lan. Pi souvan, pwoblèm nan regle pout kont li, nan kèk jou oubyen nan kèk senmenn.

Pou tyeke zo ranch yo, kenbe toulede janm yo ak jenou yo pliye. Poze bout dwèt ou sou de ranch tibebe a. Louvri yon janm alafwa. Woule li dousman pou fè wonn—louvri li, fè wonn, desann, epi monte li ankò. Si nou remake gen yon janm ki pa ka fè wonn, ki sote, oubyen ki krake lè ou louvri li laj, li ka dejwente.

Yon fanm k ap pote yon tibebe ak janm li yo louvri.
Mande manman an pou li pote pitit la ak janm li louvri, konsa. Egzaminen pitit la nan 15 jou. Si nou remake janm nan toujou sote, oubyen li krake, chache konkou. Genyen yon aparèy senp yo ka mete sou tibebe a, pou kenbe jenou li yo louvri. Sa va anpeche li rete andikape pou tout lavi li.

Pye kwochèt

Si yon tibebe fèt ak pye li tounen lanvè, oubyen mal fèt (kwochi), eseye vire li pou li vin dwat. Si nou ka fè sa fasil, fè li plizyè fwa nan yon jou. Pye a ka pran tan pou li vin dwat, men sa ka bay bon rezilta. Si nou pa ka vire pye a fasil pou fè li vin dwat, mennen li nan yon sant kote yo ka mete pye a nan yon aparèy. Pou nou ka jwenn pi bon rezilta, li bon pou nou fè sa de twa jou apre li fèt. Pa rete tann twò lontan anvan nou fè sa. Konsa yo p ap oblije fè operasyon pi devan, epi n ap evite li rete difòm pou tout rès lavi li.
Yon tibebe ak pye li tounen lanvè.
Yon tibebe ak yon aparèy sou janm li.

Dwèt oubyen zòtèy an plis

Yon ti dwèt an plis ; yo mare l ak yon fil

Sa ka rive pou yon tibebe gen yon ti dwèt, oubyen yon zòtèy an plis. Si li tou piti oubyen si li pa gen zo ladann, mare li ak yon fil byen sere. L ap sèch, epi l ap tonbe pou kont li. Si li gwo, oubyen si li gen zo ladann, kite li konsa. Pa gen pwoblèm.

Si genyen ti po ki mare zòtèy yo ansanm konsa, pa gen pwoblèm.

NWTND Newb Page 8-5.png

Si genyen po ki mare 2 dwèt ansanm, oubyen plis, fòk yo fè operasyon pou pitit la ka sèvi byen ak men li.

Trizomi 21, (trisomie 21, mongolisme ; trisomy 21, Down’s syndrome)

Si yon pitit fèt kannannan, gen de fwa nou ka rekonèt sa depi li fèt ; gen de fwa nou p ap ka remake sa jis li pi gran. Trizomi 21 an se li ki lakòz plizyè timoun fèt kannannan. Men ki jan pou nou rekonèt yon pitit ki gen pwoblèm sa a :

NWTND Newb Page 9-1.png
Je li chire
Figi li plat
Li gen yon sèl pli sou pla men li
Zòrèy li piti, yo gen yon pli anwo
Kò li yon ti jan lage


NWTND Newb Page 9-2.png
Li gen yon gwo espas ant premye ak dezyèm zòtèy yo.
Yon gason ki sèvi ak beki epi ki gen yon tifi chita zou zepòl li. Tifi a gen yon pankat nan men li
Chache konnen
ki sa chak timoun
kapab fè byen

Se pa yon bagay manman an te fè, ni yon bagay ke lòt moun te fè li, ki fè pitit la soti konsa. Si yon fanm gen plis pase 35 ane lè li vin ansent, li pi fasil pou fè yon pitit ak pwoblèm sa a. Tibebe sa yo bezwen menm lamou, menm swen ak tout lòt tibebe. Nou ka fè ti aktivite senp ak yo pou ede yo aprann.

Ki jan pou nou okipe timoun ki donmaje

Lè yon pitit fèt ak yon enfimite ki ba li pwoblèm, yon ajan sante ka bay fanmi li kout men pou yo konnen ki jan pou yo ede pitit la. Plis pase tout trètman kay doktè, timoun andikape bezwen lamou. Se pou fanmi li montre li jan yo renmen li, se pou yo jwe avè l, pou yo montre li fè kichòy, epi pou yo ede li ede tèt li. Se menm bagay pou tout timoun. Chache konnen ki sa chak timoun kapab fè, nan ki aktivite li fonksyone pi byen.

Pi bon mwayen pou nou pwoteje timoun nou se pou nou pran swen manman yo.


Pwoblèm ki grav timoun fèt ak yo

Genyen de pwoblèm ki si grav, y ap pote tibebe a ale. Se gwo lapenn pou fanmi li ak pou moun nan katye a. Kòm ajan sante, nou dwe rekonèt chagren yo, epi montre yo jan kè nou ap fè nou mal tou.

NWTND Newb Page 10-1.png

Netwaye e mete rad sou tibebe a

NWTND Newb Page 11-1.png
Genyen anpil manman ki chache pwoteje tibebe yo, pou «move lè» pa rive kote yo. Konsa yo vlope yo nan yon pakèt rad ak dra, sa ki ka chofe tibebe a twòp! Sonje : jan nou abiye tèt nou, mete sou li yon sèl kouch ankò. Se ase pou tibebe a.

Siye ti san ki sou po tibebe a, ak premye poupou li (watè koulè nwa ki kole, yo rele li mekonyòm). Pa benyen li. Lè de twa jou fin pase, fanmi li dwe benyen li regilyèman pou wete vye lèt, bave, kras ak poupou.

Lè n ap abiye tibebe a, mete rad sou li tankou nou ta abiye tèt nou. Apre sa, mete yon dra an plis. Pandan premye 15, 22 jou, kouvri tèt tibebe a. Si tèt li rete toutouni, sa ka fè tibebe a pèdi twòp chalè kò li. Chanje rad li, oubyen kouchèt li, depi nou wè yo mouye, oubyen yo sal ak poupou. Si po li wouj, si li leve chofi kouchèt, wete rad ak kouchèt yo, epi kite li pran lè. Konsa l ap geri.