Hesperian Health Guides
Voye je nou dri sou tibebe a pandan premye 2 mwa yo
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Ti bebe ki fèk fèt > Voye je nou dri sou tibebe a pandan premye 2 mwa yo
Fanmsaj la oubyen yon ajan sante dwe pran swen manman an ak tibebe li apre akouchman an. Nou gen dwa mande yo vin jwenn nou nan klinik la, oubyen nan sant lan. Men li ta pi bon pou nou al rann yo vizit lakay yo, pou pa oblije yo soti, epi pou yo pa pran kontak ak moun malad ki nan sant lan. Pase wè yo nan demen apre akouchman an. Vizite yo ankò sou twazyèm jou a, epi sou uityèm jou a. Li bon pou nou wè yo yon lòt fwa nan 6 senmenn. Si nou wè yo gen pwoblèm, rann yo vizit pi souvan. Konsa n ap remake pwoblèm sante tibebe a anvan yo vin grav anpil.