Hesperian Health Guides

Tibebe ki fèk fèt : Medikaman

Tibebe ki fèk fèt : Medikaman

Antibyotik konbat enfeksyon

Ampicilline, amoxicilline (anpisilin, amoksisilin)


Anpisilin ak amoksisilin se 2 antibyotik ki ka touye anpil kalite mikwòb. Nou ka sèvi ak ni youn ni lòt; nòmalman, toulede bon. Lè nou li nan liv sa a kote yo di pou nou bay anpisilin, souvan nou ka sèvi avèk amoksisilin nan plas li. Men sèvi avè l jan yo di nou an (al gade anba).

Pa genyen anpil danje nan anpisilin ak amoksisilin. Yo bon anpil pou tibebe ak timoun piti. Nou ka sèvi avèk yo pou trete nemoni ak enfeksyon nan zòrèy. Anpisilin bon pou trete menenjit ak lòt enfeksyon ki grav kay tibebe.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Toulede medikaman sa yo, sitou anpisilin, ka bay gwo anvi vomi ak dyare. Si timoun nan deja ap soufri ak dyare, ba li yon lòt antibyotik si nou ka jwenn li.

Malad la ka fasil gen yon gratèl ki leve sou tout kò li. Men si li leve glòb ak boul ki vini ale nan kèk èdtan, se byen posib se yon reyaksyon alèji l ap fè. Fòk li sispann pran li. Fòk li pa janm pran li ankò. Si li ta sèvi avè l ankò, alèji a ka pi fò. Li ka menm rive touye li. Gen de fwa, nou ka sèvi ak érythromycine (eritwomisin) nan plas li. Genyen moun ki konn gen gratèl ak chofi ki sanble ak lawoujòl, ki leve sou kò li, 8 jou konsa apre li kòmanse pran medikaman an. Li dire kèk jou. Se pa fasil se alèji li ye. Men nou pa ka sèten si se alèji oubyen non. Jeneralman, li pi bon pou moun nan sispann pran antibyotik la.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Gen de lè, mikwòb yo vin gen yon fòs pou kenbe tèt ak medikaman an. Pwoblèm sa a ap vin pi rèd toujou. Nan chak zòn gen kèk kalite enfeksyon, tankou chigela, estafilokòk (staphylococque) ak lòt enfeksyon, kote nou pa ka sèvi ankò ak medikaman ke nou te konn sèvi pou trete yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninjectpill.png

Anpisilin ak amoksisilin, toulede bay bon rezilta lè moun pran yo nan bouch. Pou bay yon tibebe grenn, kraze grenn nan oubyen louvri kapsil la. Separe poud la pou fè valè medikaman nou dwe ba li a. Mete l nan yon ti lèt manman an. Sèvi ak yon gode e kiyè pou bay tibebe a lèt ak medikaman an. Nou ka bay piki anpisilin, men sèlman lè pitit la gen yon maladi ki grav tankou menenjit, oubyen lè moun nan ap vomi oubyen si li pa ka vale.

Pou tout antibyotik, yo ekri konbyen jou apeprè pou malad la pran medikaman an. Se pou li toujou pran medikaman an pou pi piti kantite jou ki ekri. Si li toujou bay siy enfeksyon, kontinye ba li medikaman an jis tout siy enfeksyon an disparèt depi 24 èdtan pou pi piti. Si nou bay malad la medikaman pou pi gran kantite jou yo, epi li toujou malad, sispann ba li medikaman an. Chache konkou doktè. Tout moun ki gen VIH/SIDA, toujou bay yo pou pi gran kantite jou.

Fòs doz pou li pran an depann de laj timoun nan, pwa kò li, oubyen si li malad grav oubyen non. Jeneralman, timoun chetif ak timoun ki pa malad grav, ba yo dòz ki pi piti a. Pou timoun ki gwo ak timoun ki malad grav, bay dòz ki pi gran an.

AMOXICILLINE ; AMOXICILLIN (AMOKSISILIN)
Pou pifò enfeksyon tibebe ki fèk fèt yo
Bay 62 mg, 3 fwa nan yon jou, soti 3 rive 7 jou. Men chak dòz :
Ka, (¼) yon kapsil 250 mg OUBYEN
Mwatye (½) yon ti kiyè (2.5 mililit) nan siwo ki gen 125 mg nan chak 5 ml. OUBYEN
Ka (¼) yon ti kiyè (1.25 ml) nan yon siwo ki gen 250 mg nan chak 5 ml.


AMPICILLINE ; AMPICILLIN (ANPISILIN)
Pou pifò enfeksyon kay tibebe ki fèk fèt
Bay 125 mg 3 fwa nan yon jou, soti 3 rive 7 jou. Men chak dòz :
Mwatye (½) yon kapsil 250 mg OUBYEN
1 ti kiyè (5 ml) siwo ki gen 125 mg nan chak 5 ml.


Pou enfeksyon ki grav, tankou menenjit, kay tibebe ki fèk fèt
Bay piki anpisilin ansanm avèk jantamisin. Bay piki nan vyann sou deyò kwis la. Pou konnen ki jan pou nou bay piki, al gade nan Medikaman, tès ak trètman (chapit sa a poko ekri).
Nan yon flakon anpisilin ki gen 500 mg, ajoute dlo esterilize 2.1 ml. Sa bay yon solisyon ki gen 500 mg nan 2.5 mililit.

Jantamisin gen 2 ml nan yon flakon, chak mililit gen jantamisin 40 mg ladann. Pa mete dlo nan flakon an.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Gentamycine (jantamisin) se yon antibyotik ki fò anpil. Li soti nan fanmi aminoglycoside (aminoglikosid). Sèl fason pou bay li se nan piki nan vyann oubyen nan venn. Medikaman sa a ka donmaje ren yo, epi rann yon timoun soud. Akòz sa a, sèvi avè l sèlman nan ka ijan pandan nou nan wout pou al kay doktè a. Si tibebe a manke dlo, ba li lèt manman an ansanm ak sewòm oral san pèdi tan.

Pou tibebe ki poko gen 8 jou
ANPISILIN : Bay piki 50 mg pou chak kilogram pwa tibebe a, 2 fwa nan yon jou, pandan 5 jou, pou pi piti.
ANSANM AVÈK
JANTAMISIN : Bay piki 5 mg pou chak kilogram pwa tibebe a, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou, pou pi piti.
Pa bay li pandan plis pase 10 jou.


Pou tibebe ki gen laj 8 jou rive 1 mwa
ANPISILIN : Bay piki 50 mg pou chak kilogram pwa tibebe a, 3 fwa nan yon jou, pandan 5 jou, pou pi piti.
ANSANM AVÈK
JANTAMISIN : Bay piki 7.5 mg pou chak kilogram pwa tibebe a, 1 fwa nan yon jou, pandan 5 jou, pou pi piti.
Pa bay li pandan plis pase 10 jou.

Érythromycine (eritwomisin)


Souvan eritwomisin ak penisilin ka trete menm enfeksyon yo e bay bon rezilta. Nou ka sèvi avè l nan plas penisilin pou moun ki fè alèji ak penisilin. Nou ka sèvi avè l nan plas tetrasiklin pou trete plizyè enfeksyon, epi pou trete difteri ak koklich tou.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Eritwomisin ka fasil bay anvi vomi ak vomisman, sitou kay timoun. Pa sèvi avè l pandan plis pase 15 jou, paske li ka bay lajonis.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnspoon.png
Tibebe ki fèk fèt rive 1 mwa
Bay 30 - 50 mg pou chak kilogram pwa pitit la, nan yon jou, separe an 3 dòz. Bay li soti 7 rive 10 jou.
Pou tibebe ki fèk fèt, ki gen pwa nòmal, 3 kilogram konsa, sa fè:
0.75 ml (yon ti jan pi plis pase uityèm (⅛) yon ti kiyè) nan siwo eritwomisin ki gen 250 mg nan chak 5 mililit. OUBYEN 62 mg (yon ka, ¼, yon grenn 250 mg). Kraze l mete l nan ti lèt manman an oubyen nan dlo.
Pou manman ki gen enfeksyon nan tete (mastit)
Bay 250 - 500 mg (1 oubyen 2 grenn eritwomisin 250 mg) 4 fwa nan yon jou pandan 10 jou.

Ceftriaxone


Seftriyaksòn se yon antibyotik ki soti nan fanmi céphalosporine (sefalosporin). Yo ka kraze anpil kalite mikwòb. Yo ka koute chè, epi nou ka mal pou jwenn yo. Poutan, yo pa bay pwoblèm ak danje menm jan ak anpil lòt antibyotik. Yo bon pou trete de kalite enfeksyon ki grav, tankou enfeksyon nan san (enfeksyon ki rann tout kò a malad), menenjit, ak enfeksyon kote penisilin pa aji plis sou yo. Pou anpeche mikwòb yo pa vin pi fò pase medikaman sa a, sèvi avè l sèlman lè nou konnen li bay bon rezilta nan zòn kote nou rete a. Sa va anpeche medikaman an pèdi fòs li. Seftriyakzòn bon anpil pou trete blenoraji (ekoulman), ak enfeksyon blenoraji nan je tibebe. Men pa sèvi avè l pou trete lòt kalite enfeksyon kay tibebe ki poko gen 8 jou. Evite sèvi avè l pou tibebe ki poko rive laj 1 mwa.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay tibebe a li ki poko gen 8 jou. Pa bay tibebe a li ki fèt anvan lè, oubyen tibebe ki fèt twò piti (li ka te fèt anvan lè). Pa bay tibebe a li si li gen lajonis.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Sèl fason pou nou bay setriyaksòn se nan piki nan vyann sou deyò kwis la, oubyen nan venn. Piki sa a ka fè mal anpil. Melanje l ak lidocaïne (lidokayin) 1% si nou konnen ki jan pou nou fè sa.

Blenoraji nan je yon tibebe ki gen laj 7 jou oubyen ki pi gran
Bay piki yon sèl dòz, 50 mg pou chak kilogram pwa tibebe a. Pa bay plis pase 125 mg.


Pou trete enfeksyon ki grav kay yon tibebe ki pi gran pase 7 jou, kote nou pa ka jwenn lòt antibyotik
Bay piki 75 mg pou chak kilogram pwa pitit la, yon fwa nan yon jou, soti 7 rive 10 jou. Men doz pou nou bay :
Tibebe ki fèk fèt ki peze 3 kilogram, bay piki 225 mg yon fwa nan yon jou.
Tibebe ki pi gran, ki peze 6 kilogram, bay piki 450 mg yon fwa nan yon jou.