Hesperian Health Guides

Vant fè mal, dyare ak vè : Medikaman

Vant fè mal, dyare ak vè : Medikaman

Medikaman ki bon pou trete dyare

Nenpòt sa ki bay dyare a, pi bon trètman se bay malad la bwè, pou li pa vin manke dlo nan kò a. Anpil fwa, nou pa bezwen lòt remèd pase ba li bwè epi ba li manje. Lè yon moun gen gyadya, disantri (amib oubyen chigela), oubyen kolera, sitou si se timoun piti oubyen ti granmoun, li ka mande pou nou trete yo ak antibyotik epi lòt medikaman.

Gyadya

Métronidazole se pi bon remèd ; bay li pandan 5 jou. Nou gen dwa sèvi ak Quinacrine epi li kapab pi bon mache.

Amib

Bay métronidazole pandan 7 - 10 jou. Mete sou sa, sèvi ak diloxanide.

Chigela

Chigela ka kenbe tèt ak plizyè antibyotik. Konsa li enpòtan anpil pou nou chache konnen ki medikaman ki toujou bon nan peyi kote nou rete a. Mande konsèy bò kote otorite Sèvis Sante Piblik yo. Gen de fwa nou ka sèvi avèk ampicilline oubyen cotrimaxazole. Men anpil kote, mikwòb yo vin rezistan ak medikaman sa yo. Lè sa a, sèvi ak céftriaxone. Nou ka bay granmoun ciprofloxacine, men pa bay timoun li. Si nou bay nenpòt medikaman pandan 2 jou, epi nou pa wè yon kòmansman gerizon, sispann bay li, epi chache yon lòt kalite antibyotik.

Kolera

Pou sove lavi yon moun k ap soufri ak kolera, fòk nou ba li bwè ase pou ranplase dlo l ap pèdi a. Ba li bwè sewòm oral san rete, jis dyare a rete epi nou pa wè siy manke dlo ankò. Epi kontinye ba li bwè yon vè chak fwa li watè dlo. Sewòm oral ki fèt ak diri oubyen mayi moulen ka pi bon pase sewòm oral ki fèt ak sik.

Moun ki malad ak kolera oubyen ak lòt kalite dyare ki grav yo dwe pran zinc.

Antibyotik pa twò efikas pou trete kolera. Prèske tout kote mikwòb kolera yo vin kenbe tèt ak plizyè antibyotik. Pa sèvi ak antibyotik sòf si nou konnen ki antibyotik ki mache byen nan zòn pa nou an. Lè malad la sispann vomi, kòmanse ba li antibyotik nan bouch. Men kèk antibyotik ki ka sèvi : doxycycline, tétracycline, cotrimaxazole, ciprofloxacine ak érythromycine. Medikaman ki pi bon pou fanm ansent ak timoun yo se érythromycine.

Genyen vaksen kont kolera ki ka anpeche moun pran maladi sa a. Yo mache pi byen lè nou vaksinen tout moun nan kominote a nan menm tan pou anpeche maladi a gaye. Mande responsab yo nan Sèvis Sante Piblik nan peyi kote nou rete a pou yo ban nou vaksen an.