Hesperian Health Guides

Esterilè (aparèy yo mete nan matris)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon esterilè (filaman) se yon ti aparèy ki fèt an plastik oubyen an plastik e kwiv. Se yon ajan sante ki byen fòme ki pou mete li anndan matris yon fanm pou anpeche li ansent. Genyen kèk fason yon esterilè ka anpeche gwosès ; li aji sou jèm gason an pou li pa kole kò li ak ze a, epi li anpeche ze a pou li pa kole nan matris la. Pou konnen plis sou kesyon mete yon esterilè, al gade nan chapit 21 nan liv la, Yon Liv pou Fanmsaj ; se Hesperian ki piblye liv la.

Yon esterilè bay rezilta ki pi bon nèt. Li gen dwa fè anviwon 5 rive 12 ane nan matris yon fanm (sa depann de kalite esterilè a). Esterilè yo pa pwoteje kont enfeksyon moun pran nan fè bagay, ni kont VIH.

NWTND FP Page 16-2.png

Pa gen pwoblèm pou fanm ki deja fè pitit, oubyen pou fanm ki poko fè pitit, pou yo sèvi ak esterilè. Depi fanm nan pa gwo vant, epi li pa gen enfeksyon nan vajen li oubyen yon enfeksyon moun trape nan fè sèks, li ka fè mete yon esterilè nenpòt lè. Depi li fè wete l, fanm nan ka vin ansent touswit.

WWHND10 Ch13 Page 217-1.png

Depi yo mete yon esterilè nan matris la, li pa fasil soti, men gen de lè sa konn rive. Yon fwa chak mwa, tyeke pou wè si li toujou chita byen nan plas li. Foure dwèt ou nan vajen ou pou wè si 2 ti fil, ki pandye nan bouch matris la, si yo toujou la (men pa redi fil yo). Si yo pa la, oubyen si ou kwè ke esterilè a te glise soti, sèvi ak kapòt oubyen pa fè lamou jis ou al wè yon ajan sante.

Pwoblèm esterilè yo ka bay

Pwoblèm ki bay plis traka (men ki pa gen danje) se kote yo fè fanm yo bay plis san nan moman règ yo, epi lakranp lan pi rèd sou yo. Pifò pwoblèm sa yo ap diminye ti kras pa ti kras pandan kèk mwa. Genyen esterilè ki gen òmòn pwojestewòn ladan yo ; pwojestewòn nan ap soulaje kèk fanm ki konn gen doulè epi ki konn senyen plis lè yo sèvi ak esterilè. Yo ka bay menm pwoblèm ak grenn senp.

Fanm ki pa dwe sèvi ak esterilè :

  • Fanm ki soufri kansè nan matris oubyen nan bouch matris. Fanm ki gen kansè nan tete pa dwe sèvi ak esterilè ki gen pwojestewòn, men yo ka sèvi ak esterilè ki fèt an kwiv.
  • Fanm ki soufri ak ekoulman, klamidya, oubyen enfeksyon nan anba tivant. Pou aprann plis sou ekoulman ak klamidya, al gade nan Pwoblèm nan Aparèy ki pou fè Pitit (chapit sa a poko ekri).
  • Pou aprann plis sou "Enfeksyon nan anba tivant", al gade nan Vant fè mal, dyare, ak vè.