Hesperian Health Guides

Fè plan pou fanmi nou : Grenn planin

Fè plan pou fanmi nou : Grenn planin

Grenn planin (grenn pou kontwole fè pitit)

Pifò grenn planin yo gen 1 oubyen 2 òmòn ladan yo. Yo kòresponn ak 2 kalite òmòn kò fi a pwodui pou kontwole règ yo. Òmòn sa yo rele oestrogène e progestérone (estwojèn ak pwojestewòn).

Yo vann grenn planin sou divès non mak. Òmòn ki nan grenn yo gen plizyè fòs dòz. Premye 3 gwoup grenn, ki ekri anba, yo gen estwojèn ak pwojestewòn, sa vle di toulede ladan yo (grenn konbine). 4èm gwoup la gen pwojestewòn sèlman (mini pilil).

Ethinyl estradiol (etinil estradyòl) se yon estwojèn, yo sèvi ak li anpil. Pifò grenn yo gen 35 mcg (mikwogram) ladan yo. Nòmalman, grenn konbine yo gen pwojestewòn 0.1 mg (miligram) ladan yo.

An prensip, depi yon fi ap pran grenn pou li pa fè pitit, san an p ap koule anpil lè li gen règ li. Se ka yon gwo avantaj pou fi ki soufri feblès. Men si fi a pase anpil mwa san li pa wè règ li, oubyen li wè li bay ti san tou piti pandan règ li, epi si sa fatige tèt li, li mèt pran yon grenn ki gen pi gwo dòz estwojèn nan.

Pou asire ke grenn yo ap bay bon pwoteksyon, se pou fanm yo bwè grenn nan nan menm lè a chak jou. Epitou, sa fè yo sonje pou yo bwè grenn nan lè sa a. Sa pi enpòtan toujou lè nou pran grenn ki gen pwojestewòn sèlman, grenn senp (mini pilil). Ak grenn senp yo, yon fanm ka vin ansent si li sote yon sèl jou san li pa pran grenn nan.

Si se yon pakèt 28 grenn nou genyen, bwè yon grenn chak jou san sote jou. Kou pakèt la fini, ouvri yon lòt pakèt. (Dènye 7 grenn nan yon pakèt ki gen 28 grenn, yo pa gen òmòn ladan yo. Yo mete yo la pou fè nou sonje pou nou toujou pran yon grenn chak jou.) Men genyen pakèt 28 grenn kote tout grenn yo gen òmòn ladan yo. Si nou genyen yon pakèt 21 grenn, n ap pase 21 jou ap bwè grenn, epi apre sa, n ap pase 7 jou san nou pa bwè li. Kòmanse ak yon lòt pakèt 7 jou apre nou fini ak premye pakèt la (esepte si ou bwè yo san sote jou, pou ou pa wè règ ou chak mwa).

GRENN KONBINE: FÒS DÒZ ÒMÒN YO CHANJE PANDAN MWA A
Grenn sa yo gen estwojèn ak pwojestewòn ladan yo. Paske fòs dòz òmòn yo ki nan grenn yo chanje pandan mwa a, veye pou nou pran grenn yo nan lòd yo ye nan pakèt la.
Men kèk non mak : Gracial, Logynon, Qlaira, Synphase, Trinordiol, Trinovum, Triquilar, Triphasil


GRENN PLANIN KONBINE : TOUT GRENN GEN MENM DÒZ ESTWOJÈN AK PWOJESTEWÒN
Grenn sa yo gen estwojèn (nòmalman 35 mcg), ansanm ak pwojestewòn (nòmalman 0.1 mg). Yon pakèt 28 grenn gen 21 grenn ki gen òmòn ladan yo, epi 7 grenn ki pa gen òmòn. (Yo mete yo la pou fè fi yo sonje pou yo pran yon grenn chak jou.) Nan yon pakèt 21 grenn, tout grenn yo gen òmòn ladan yo. Tout 21 grenn nan toulede pakèt yo gen menm fòs dòz.
Men kèk non mak : Alesse, Cilest, Diane, Femoden, Gynera, Harmonet, Norinyl, Ortho-Novum, Ovysmen


GRENN PLANIN KONBINE : TOUT GRENN GEN MENM FÒS DÒZ; PI GWO DÒZ PWOJESTEWÒN AK YON DÒZ ESTWOJÈN KI PI PITI
Grenn sa yo gen yon pi gwo dòz pwojestewòn (0.15 mg), epi you dòz estwojèn ki pi piti (30 mg). Yon pakèt 28 grenn gen 21 grenn ki gen òmòn ladan yo, epi 7 grenn ki pa gen òmòn, ki pou fè fi yo sonje pou yo pran yon grenn chak jou. Nan yon pakèt 21 grenn, tout grenn yo gen òmòn ; tout grenn nan pakèt yo gen menm fòs, menm dòz. Kalite grenn sa yo ka pi bon pou fi ki senyen anpil nan moman yo gen règ yo, osinon fi ki gen tete yo ap fè yo mal anvan règ yo parèt.
Men kèk non mak : Lo-Femenal, Lo/Ovral, Microgynon, Microvlar, Nordette


GRENN KI GEN PWOJESTEWÒN (PWOJESTIN) SÈLMAN (GRENN SENP, MINI PILIL)
Grenn sa yo gen pwojestewòn sèlman ladan yo. Nou jwenn yo nan pakèt 28 grenn ; chak grenn gen menm dòz pwojestewòn ladann.
Men kèk non mak : Femulen, Microlut, Micronor, Micronovum, Neogest, Microval, Ovrette, Exluton