Hesperian Health Guides

Ki jan yon fanm vin ansent

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND FP Page 4-1.png
Dechay (espèm) - se yon likid ki gen plizyè milyon jèm gason (espèmatozoyid). Li pase nan kannal sa a pou li soti nan twou tèt pijon gason an.
Pijon, kòk, penis
Sak grenn yo, kote kò a fome jèm gason an
NWTND FP Page 4-2.png
Langèt (klitoris) - pati ki sansib anpil nan bouboun fi a; lè yo fè ti masaj sou li, sa ka eksite plezi seksyèl.
Twou pipi a, kote pipi a soti
Bouch vajen an, fant koko
Gwo lèv ak ti lèv, ki nan bouch vajen an, (gwo rebò ak ti rebò)
twou dèyè
NWTND FP Page 4-3.png
Pòch ze (ovè) - yon fwa chak mwa konsa, youn nan pòch ze yo lage yon ti ze (ovil) tou piti nan kannal ze a
Kannal ze (twonp falòp), kote ze a pase pou li rive nan matris la
Matris, manman vant lan, kote tibebe a ap devlope
Bouch matris (kòl matris)
Vajen, kannal akouchman an, kannal fi

Lè yon gason voye anndan oubyen toupre vajen yon fanm, dechay la soti nan pijon pou li antre nan matris ak nan kannal ze fanm nan. Si fanm nan rive sou jou nan règ li kote li ka ansent, yon jèm gason ka kole kò li ak ze a. Si sa rive, ze a desann pou li al kole nan matris la. Se kòmansman yon gwosès. Lè moun fè planin, metòd planin yo pa kite dechay gason an antre vajen an, oubyen yo anpeche kò fanm nan pwodui ze, oubyen yo anpeche yon jèm kole kò li ak yon ze.