Hesperian Health Guides

Metòd planin natirèl

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Bay tete

woman breastfeeding a baby while a man places a hand on her shoulder.

Lè yon fanm ap bay tete, sa fè kò li bay yon òmòn ki ap anpeche li ansent pandan kèk mwa. Nou ka konte sou li pandan n ap bay tete si :

  • Tibebe a poko gen 6 mwa.


AN PLIS

  • Se lèt manman sèlman timoun nan bwè ; sa vle di, ou pa ba li okenn lòt manje ak likid, epi tibebe a toujou jwenn lèt ase souvan, lajounen kou lannuit.


AN PLIS

  • Depi ou akouche, ou poko gen règ ou.


Depi ou kòmanse bay tibebe a lòt manje, oubyen ou wè règ ou, ou pa ka konte sou metòd sa a si ou vle evite vin ansent.

Metòd kontwòl jou yo ak metòd kontwòl glè

Yon fanm gen sèlman kèk jou chak mwa kote li ka vin ansent ; se lè pòch ze a lage yon ze ki desann nan yon kannal ze jis li rive nan matris la. Moman sa a dire kèk jou yon fwa chak mwa konsa. Fanm yo ka evite gwosès si yo evite fè lanmou pandan jou sa yo. (Oubyen, si yo vle fè pitit, yo ka planifye fè lanmou nan lè sa a pou yo gen plis chans pou yo fè yon pitit.)

Pou sèvi ak metòd sa yo, fòk fanm nan regle sou menm kantite jou chak lè, epi fòk li kontwole byen ki jan règ li yo ap dewoule. Fòk gason an dakò ak metòd sa a, paske lè fanm nan sou jou kote li ka ansent, fòk yo pase jou sa yo san yo pa fè lanmou (sa vle di pati gason an pa anndan pati fi a). Yo ka fè sèks yon lòt jan, tankou fè ti bèf oubyen karese. Oubyen yo ka sèvi ak kapòt.

Se ka yon bon metòd pou yon fanm ki vle kontwole konbyen pitit l ap fè. Men gen de lè règ yon fanm ka chanje, epi li pa regle sou menm kantite jou. An plis, yo ka pa kontwole jou yo ak glè a twò byen. Konsa fanm ki sèvi ak metòd sa yo ka pa jwenn bon rezilta. Metòd natirèl pa bay okenn pwoteksyon kont VIH ak lòt enfeksyon moun pran nan fè bagay. Yon fanm ka trape yon maladi konsa nenpòt lè ; sa pa gen anyen pou wè ak règ li.

Ki jan pou nou sèvi ak metòd kontwòl jou yo ak metòd kontwol glè

woman counting on her fingers and thinking.
Sa fè 8 jou depi mwen kòmanse gen règ mwen. Sa vle di, nou pa ka fè lanmou jodi a, ni nan 10 jou k ap vini yo. Pito m al rete kay sè m nan.

Pandan kèk mwa, kontwole konbyen jou ou fè ak règ ou yo. Kòmanse kontwole jou yo sou premye jou règ ou. Dènye jou règ ou se dènye jou anvan ou wè san an ankò. Si ou regle sou menm kantite jou konsa chak lè, epi ou gen règ ou soti 26 jou rive 32 jou, ou ka swiv metòd sa a.

Lè ou fin kontwole règ ou yo pandan kèk mwa, epi ou konnen w ap regle sou menm kantite jou konsa, ou mèt kòmanse sèvi ak metòd sa a. Fòk ou pa fè lanmou, soti 8èm jou apre premye jou règ ou, rive 19èm jou. Oubyen sèvi ak kapòt. Pou sa mache, toujou kontwole byen konbyen jou ou fè nan chak moman règ la. Si règ ou yo chanje, fòk ou sèvi ak yon lòt metòd planin jiska règ ou vini nòmalman pandan kèk mwa.

Glè ki nan vajen yon fanm chanje lè li rive nan jou kote li ka vin ansent ; li vin pi mouye, se sa ki ede jèm gason an monte nan matris la. Lè yon fanm egzaminen glè ki nan vajen an, sa ap ede li rekonèt jou sa yo.

NWTND FP Page 18-2.png
NWTND FP Page 18-3.png
Si glè a file tankou blan ze nan mitan 2 dwèt ou yo = ou ka vin ansent. Si glè a sèch, li gonmen—li kole nan 2 dwèt yo san li pa file = ou p ap fasil ansent.

Voye deyò

Lè gason an prè pou voye, li wete pijon an nan vajen fanm nan, epi li voye jèm yo deyò. Li pa kite jèm yo tonbe nan vajen fanm nan. Metòd sa a ka mache si gason an kapab kontwole tèt li pou li pa voye, epi li kanpe fèm nan metòd sa a. Li ka pa mache twò byen si gason an konn voye anvan li kapab wete pijon li. Lè fini, jèm yo konn gen tan tonbe anndan vajen fanm nan anvan gason an voye. Metòd sa a pa twò bon pou moun ki konnen yo pa vle fè pitit. Li p ap pwoteje yo kont enfeksyon moun pran nan fè bagay.

Fè lanmou san fè sèks

NWTND FP Page 19-1.png

Genyen plizyè fason pou moun pran plezi nan entimite, nan santiman seksyèl, ak nan lanmou, san yo pa fè sèks. Genyen gason ak fi ki fè ti bèf ; yo mete bouch yo sou pijon an oubyen sou lèv nan bouch vajen an, pou eksite plezi seksyèl. Metòd sa yo p ap ka bay gwosès. Si yo fè sèks nan dèyè, sa p ap kapab bay gwosès nonplis, men VIH/SIDA ak lòt enfeksyon moun pran nan fè bagay ka pase byen fasil nan fason sa yo. Si ou karese yon moun ak men ou yo pou ba li plezi seksyèl, pa gen danje. Li p ap ka bay gwosès, ni li p ap ka bay patnè a yon maladi.