Hesperian Health Guides

Travay an kolaborasyon ak sant medikal yo ak doktè yo

Nan chapit sa:

Fanmsaj, enfimyè, doktè, ak lòt pwofesyonèl lasante dwe travay ansanm an favè sante medam yo ak sante fanmi yo.

Fanmsaj yo bezwen sant medikal yo ak doktè yo. Lè yon fi gen yon ijans medikal, yon fanmsaj ki gen bon konprann konnen se yon sant medikal kote fi a ap jwenn meyè swen.

a doctor speaking with a midwife.
Fi a te pèdi anpil san apre akouchman an. Erèzman w te mennen l lopital.
M byen kontan w te ka ede l. Mwen te pè li ta pral mouri.

Malerèzman, anpil doktè pa konprann jan yo bezwen fanmsaj yo. Doktè resevwa fòmasyon sou ki jan pou yo aji nan ka dijans, e anpil ladan yo trete chak akouchman tankou yon ka dijans. Men, fanmsaj yo se ekspè nan akouchman nòmal ki fèt san pwoblèm. Jeneralman, yo gen plis pasyans ak konfyans yon fi ki an tranche bezwen pou l akouche. Anpil fanmsaj konnen kòman pou yo ititlize remèd fèy, kòman pou bay masaj, kòman pou vire yon bebe san pwoblèm, oswa yo gen lòt konesans yo pa anseye nan lekòl lamedsin yo.

Doktè yo ka pa apresye kapasite espesyal fanmsaj yo genyen. Yo gendwa imilye sitou fanmsaj tradisyonèl yo epi konsidere yo kòm moun ki pa edike oswa ki pa konpetan. Li gendwa difisil anpil pou yon fanmsaj kolabore ak yon sant medikal an favè yon fanm ansent.

Poutèt defi sa yo, li enpòtan pou w kiltive yon bon relasyon avèk sant medikal yo epi avèk doktè yo anvan yon ka dijans rive. Konsa, lè w bezwen èd, gen plis chans pou yo resevwa w ak respè. Eseye pale avèk omwen yon doktè ki sanble li konprann enpòtans fanmsaj yo genyen. Pale sou ki jan w ta renmen kolabore avèk lopital la. Si sa posib, yon reyinyon ant yon gwoup fanmsaj avèk yon gwoup doktè ka ede tout mout kolabore youn ak lòt.

Lè fanmsaj ak lopital gen tèt ansanm, tout moun benefisye. Lè yon fi an danje, si fanmsaj la voye l lopital byen vit, doktè yo gen plis bagay yo ka fè pou anpeche yon pwoblèm grav rive. Epitou, yon fanmsaj ki jwenn respè ap pi anvi mennen fi a lopital. Men yon istwa ki te pase toutbon:

Yon fanmsaj ki pa t janm bay vag:

Neusa se yon fanm toupiti ki travay latè nan peyi Brezil, men li se yon fanmsaj tou. Laura, youn nan medam Neusa t ap pran swen yo, te ansent 3 fwa deja, men toule 3 pitit yo te mouri nan foskouch paske li te fè tansyon wo epi kriz te pran l chak fwa li rive sou dènye mwa gwosès la. Laura te toujou tris, li te poze l, e li te reziyen l pou l pa janm gen pitit. Neusa te pale ak Laura sou zafè sante l, epi li te ba l vitamin ak ankourajman sou kesyon gwosès la. Laura potko janm jwenn swen konsa. Laura te toujou kontan lè Neusa t ap vin rann li vizit. Yon jou sou uityèm mwa gwosès la, Laura te leve avèk yon gwo tèt fè mal epi pye l te anfle. Laura pa t gen yon glas nan ti kay pay li a pou l te ka wè figi l, men lè Neusa te rive, li te sezi wè kòman figi Neusa te anfle. Neusa te konnen si Laura pa t jwenn èd, li t ap pèdi pitit sa a tou, e menm li menm li te ka mouri!


Piske se te semèn anvan Nwèl, lopital la te gen sèlman kèk doktè ak enfimyè ki t ap travay. Yo pa t vle pran plis malad, donk, yo te bay Laura yon piki epi yo te voye l lakay li pou l tann lè pou pitit la fèt. Neusa pa t dakò ak sa, e li t al wè direktè lopital la pou l te ka esplike l sitiyasyon Laura a ak pwoblèm li te genyen nan gwosès anvan yo. Men, menm apre direktè a te fin wè badj li epi li tande Neusa se yon fanmsaj, li te di Neusa pa gen plas nan lopital la, epi se pou l mennen Laura al tann lakay li a.

MW Ch24 Page 439-1.png


Men, Neusa pa t bay vag. Li te konnen Laura te nan yon kondisyon ki twò danjere pou l ta mennen l tounen lakay. Olye de sa, li te mennen Laura nan yon komisarya lapolis. Lè l rive, li fè yon pakèt bri. Li se yon ti bout fanm se vre, men li gen yon vwa avèk yon ekla nan je l pèsonn pa ka bliye. Lè l nan batay, ou pa ka pa wè l.


Finalman, yon machin lapolis mennen Neusa ak tout Laura nan yon lopital ki te nan yon distans inèdtan parapò ak kay Neusa a. Distans pou yo te rive, tansyon Laura a te monte byen wo, donk doktè yo te fè yon sezaryèn, epi Laura te fè yon pitit gason byen pòtan. Konesans Neusa, dètèminasyon l, ak lanmou l genyen pou travay li te sove lavi pitit la, e petèt li te sove lavi manman an tou!

Nan yon system kote sèvis sante mache byen, fanmsaj avèk doktè travay nan tèt ansanm.

  • Lè yon fanmsaj mennen yon fi lopital nan yon ka dijans, li dwe gen dwa pou l rete avèk fi a pandan tout peryòd akouchman an. Sa ap pèmèt fi a pi anvi al lopital lè gen yon ka dijans, paske l ap pi poze e l ap santi l pi an sekirite. Epitou, sa ap pèmèt fanmsaj la aprann pandan l ap gade kòman sant medikal la ap trete ka dijans yo.
  • Fanmsaj, doktè, ak lòt pwofesyonèl lasante yo dwe pale youn ak lòt sou zafè pwoblèm sante ki genyen nan kominote a, epi sou kòman chak ladan yo ka ede rezoud pwoblèm sa yo.
  • Fanmsaj yo ta dwe ka poze doktè yo kesyon sou lamedsin, epi doktè yo dwe reponn kesyon yo alèz. Doktè ak sant medikal yo ka bay fanmsaj yo materyèl ak fòmasyon.
4 people speaking together: first a doctor, then a midwife, a nurse, and another midwife.
Si yon fi ap pèdi san, ou dwe voye l isit nan lopital la.
Nan ka dijans, pa toujou gen tan pou sa. Nou bezwen “oxytocin” pou rete san an apre akouchman an.
M panse se yon bòn ide pou n montre fanmsaj yo sèvi ak “oxytocin” san danje.
Epi petèt nou ka travay ansanm pou n ede medam yo konbat anemi.

Pandan w nan sant medikal

Sant medikal ak lopital yo gen pwòp regleman ak metòd pa yo. W ap santi yo etranj pou w jiskaske w vin abitye avè yo.

Si w ka akonpanye fi ki gen pwoblèm sante a lè l vin nan sant medikal la, ou ka aprann pwosedi ak teknik sa yo epi w ka esplike yo bay fi a ak fanmi l. Petèt ou ka menm ede chanje pwosedi ki pa nesesè yo.

Aprann nan men moun sant medikal yo

Suiv tout bagay k ap fèt nan sant medikal la. Poze kesyon lè w kapab.

a midwife speaking with a doctor while he sews a tear in a woman's vagina.
Doktè, poukisa w chanje kalite fil w ap koud la ?
Paske m ap koud yon mis. Gade, fil 00 pi solid pase 000 a.

Esplike sa k ap fèt la

Fè fi a ak fanmi l konnen poukisa chak pwosedi ap fèt. Asire w fi a konprann epi li dakò ak tretman y ap fè pou li a.

Travay pou n ka chanje pratik ki pa nesesè, ki pa montre respè, oswa ki danjere

Gen kèk bagay lopital yo fè ki pa nesesè. Yo ka bay medam yo malèz san okenn bon rezon. Pa egzanp, pa gen okenn rezon pou raze plim vajen yon fi ki pral fè yon akouchman nòmal. Li pa nesesè, men anpil lopital fè l. Yon lòt bagay lopital renmen fè se epizyotomi (koupe ouvèti vajen an) anvan chak akouchman pou yo ka asire ap gen pasaj pou pitit la. Sa pa nesesè. Sa ka lakòz plis dechiri ki rive jis nan twou dèyè fi a, epi li ka pa geri byen menm jan ak yon dechiri ki pi piti.

Si w gen yon bon relasyon ak yon sant medikal, ou ka sijere pou yo pote kèk chanjman. Li pwobab pou w gen plis siksè si w sijere yon sèl chanjman alafwa. Men kèk bagay ki ka plis enterese w:

  • Yo dwe esplike pwosedi yo byen klè bay moun k ap resevwa l la.
  • Medam yo dwe gen dwa pou yo manje e bwè pandan yo gen tranche.
MW Ch24 Page 441-2.png
  • Se pou yo bay (ankouraje) medam yo chita, kanpe, oswa mache pandan yo gen tranche.
  • Medam yo ta dwe kapab akouche chita, akwoupi, oswa kanpe.
  • Yo dwe evite pwosedi ak operasyon ki pa nesesè (tankou epizyotomi ak sezaryèn).
  • Medam yo ta dwe kapab kenbe tibebe yo kou yo fin akouche. Yo dwe ankouraje yo bay yo tete tousuit.
  • Tibebe dwe rete bò kote manman yo; se pa nan kouvèz oswa pepinyè pou yo rete, sof si gen yon ka dijans.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024