Hesperian Health Guides

Konnen ki lè pou al lopital

Nan chapit sa:

Lè yon fi gen yon gwo pwoblèm sante, oswa li riske gen yon gwo pwoblèm, li bezwen al lopital san pèdi tan. Lè yon fi an danje, fanmi l ak fanmsaj la ka panse pa gen espwa pou li ankò. Se pa vre. Si nou chèche asistans medikal rapid, sa ka sove lavi fi a.

MW Ch24 Page 438-1.png

Yon fi ki rete byen lwen andeyò ka pran plizyè jou pou l rive nan sant medikal ki pi pre a. Gen fi ki pran bis oswa yo mache plizyè kilomèt pou yo rive kote yo ka jwenn asistans medikal. Menm fi ki rete toupre yon lopital gendwa pa ale ladan l paske yo pa gen lajan oswa transpò. Se pou w planifye ki jan w ka mennen yon fi nan yon sant medikal anvan li nan yon ka dijans, e se pou w fè planifikasyon sa ansanm avèk chak fanmi epi avèk tout kominote a. Gade lide sou kòman pou w fè aranjman transpò.

Pran yon desizyon rapid pou al lopital

Si w wè yon siy nenpòt lè ki montre gen risk, pa ret tann. Si w ka trete pwoblèm nan lakay, fè sa vit. Si w pa ka trete l ou menm, oswa si w eseye epi anyen pa chanje, li lè pou w al lopital!

Tank ou al lopital pi vit, se tank pwofesyonèl k ap travay nan sant medikal la oswa lopital la ap kapab ede fi a ak pitit la pi byen.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024