Hesperian Health Guides

Wete mikwòb pou anpeche enfeksyon

Nan chapit sa:

Men metòd de baz pou anpeche enfeksyon.

a person using an index finger to pull a glove onto the opposite hand.
Lave men w epi mete abiman ki ka pwoteje kò w Lave men w souvan epi mete abiman ki ka pwoteje w pou anpeche mikwòb simaye soti sou yon moun ale sou yon lòt, epi pou w anpeche mikwòb antre sou tèt pa w.
blankets drying in the sun.
Lave kote akouchman an ap fèt ak sa k sou kabann nan.
Lave zouti yo epi esterilize yo pou w ka detwi nenpòt mikwòb ki sou yo.
MW Ch5 Page 52-3.png
Lave epi esterilize zouti yo.
Lave zouti yo epi esterilize yo pou w ka detwi nenpòt mikwòb ki sou yo.
a hand placing a syringe into a box that says "DANGER, Used Needles".
Jete dechè… men, avèk atansyon.
Fè atansyon kote w jete dechè yo yon fason pou anpeche moun nan zòn nan tonbe malad akòz mikwòb ki nan dechè yo.


Sonje sa: Enfeksyon ka gaye pi vit lè yon pwofesyonèl lasante ap okipe plizyè moun. Pa egzanp, si men l pa pwòp oswa zouti l pa esterilize, l ap pase mikwòb soti nan yon fi ale nan yon lòt, epi yon lòt, epi yon lòt. Se poutèt sa, yon fi ki akouche nan yon lopital oswa nan yon sant pou akouchman kote ki gen anpil lòt medam gen plis chans pou yo fè enfeksyon pase fi ki akouche lakay yo.




Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024