Hesperian Health Guides

Pou rete san nan tibebe ki fèk fèt yo

Vitamin K, fitomenadyòn, fitonadyòn


Yon kò itilize vitamin K pou san kaye ak sispann senyen. Men tibebe yo fèt san vitamin K, se konsa si yo kòmanse senyen li ka dejenere. Si yon tibebe ki fèk fèt kòmanse senyen nan nenpòt pati nan kò li (bouch, lonbrik, tou dèyè) ou ka ba li vitamin K pou evite li pedi plis san. Ou ka bay vitamin K tou tibebe piti oswa tibebe ki fèt anvan lè (mwens ke 2 kilo) pou evite li senyen paske yo pi souvan ap senyen. Vitamin K pa rete san pou timoun ki gran oswa granmoun.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Enjekte 1 miligram (yon 1 miligram anpoul, oswa ½ nan 2 miligram anpoul) vitamin K nan yon pati deyò kwis la nan period 2 zèdtan apre nesans.

Pa enjekte plis, li pap edel epi li ka bay pwoblèm.