Hesperian Health Guides

Pou griv (kandida, enfeksyon ledven)

Vyolèt jansyàn, kristal vyolèt, klorid metilrosanilinyòm


Yon tretman ki pa chè pou enfeksyon ledven nan bouch, nan pwent tete nan yon manman kap bay tete, nan po ki pliye, oswa nan bouboun, oswa nan vajen. Li bay bon rezilta tou kont kèk enfeksyon mikwòb po yo.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Vyolèt jansyàn ka irite po lakòz maleng lè itilize l nan bouch oswa vajen. Sispann itilize si gratèl oswa maleng devlope.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Vyolèt jansyàn fè tout bagay vin genyen yon koulè mov. Koulè mov sou po a prale nan 2 jou men li ka tache rad nèt.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrneyedrop.png
Itilize yon solisyon 0.5% klorid metilrosanilinyòm (vyolèt jansyàn).
Pentirel sou po a, nan bouch, oswa nan bouboun 2 oubyen 3 fwa pa jou.
Si enfeksyon pa kòmanse geri nan period 2 jou, eseye yon lòt medikaman.

Nistatin


Nistatin bay bon rezilta kont pi fò enfeksyon chanpiyon, nan pwent tete yo, oswa po, oswa nan bouboun. Li vini nan likid pou bouch la, yon krèm, yon pomad, yon poud, oswa yon dlo twalèt pou vajen.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Po a ka vin irite kote nistatin nan te itilize a. Sa a pa komen. Sispann itilize si li bay gratèl. Nistatin pafwa bay dyare.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Yon enfeksyon ledven ki pa miyò ak nistatin, oswa ap retounen chak lè li geri, ka yon siy VIH.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrneyedrop.png
Likid nistatin nan vini nan 100,000 inite pa mililit (oswa pafwa nan 500,000 inite pa mililit). Pi fò moun ta dwe itilize 100,000 de 200,000 inite, men moun ki gen VIH yo ka bezwen otan ke 500,000 inite chak dòz.
Pou yon tibebe ki gen enfeksyon ledven nan bouch
Ba li 200,000 inite likid (2 mililit, mwens ke ½ ti kiyè), 4 fwa pa jou. Itilize yon moso twal pwòp pou gaye nistatin an andedan bouch la. Kontinye ba li medikaman pou 2 jou apre enfeksyon ledven an geri, li ka tounen.
Pou manman ki gen enfeksyon ledven nan pwent tete kap bay tete (gratèl, woujè, oswa doulè)
Mete 100,000 de 200,000 inite krèm, poud, oswa likid nan pwent tete li 4 fwa pa jou.