Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou okipe timoun

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Ki jan pou nou okipe timoun

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon timoun ki gen kè kontan ap manje
Yon timoun k ap benyen
Men bagay ki pwoteje timoun kont maladi, epi ede yo rete an sante: manje bon kalite manje, kenbe kò nou, kay nou, ak katye nou pwòp, epi vaksinen tout timoun.
Yon timoun k ap pran vaksen

Se pou papa ak manman pitit la, avèk ajan sante yo tou, al gade nan Byen manje bay bon sante pou konprann ki jan nou ka byen manje. An plis, al gade nan Dlo ak pwòpte, pou aprann ki jan nou dwe pwòpte kò a ak kote n ap viv la. Lè fini, vaksinen timoun yo se sa ki va pwoteje timoun nou yo kont anpil maladi timoun.

Evite miyò pase mande padon. Ti efò nou fè pou evite yon maladi vo pi plis pase gwo efò nou ka fè pou trete maladi a.


Byen manje

Li enpòtan anpil pou timoun yo manje bon kalite manje, pou yo ka byen vini, epi pou anpeche yo tonbe malad. Nan Byen manje bay bon sante, yo di nou ki jan nou menm ak timoun nou yo ka byen manje menm si nou pa gen anpil lajan. Li di tou ki jan pou nou trete malnitrisyon kay granmoun ak kay timoun. Si nou swiv konsèy ki nan chapit sa a, nou ka bay tibebe ak timoun nou yo pi bon kalite manje.

Yon manman k ap bay tibebe li tete

Premye 6 mwa

Tout sa yon tibebe bezwen se nan lèt manman an l ap jwenn li. Se pou manman an ba li tete chak fwa tibebe a vle, chak 3 - 4 èdtan pandan jounen an. Nan nwit, nou gen dwa tann yon ti jan pi long. Pa ba li ni dlo, ni ji, ni labouyi, jis li fè premye dan li, nan anviwon laj 6 mwa, paske bagay sa yo ka ba li dyare.

Aprann ki jan pou bay tibebe tete.

Soti 6 mwa rive 12 mwa (1 ane)

Se nan anviwon laj sa a, anpil timoun kòmanse soufri malnitrisyon. Pou sa pa rive, kontinye bay tibebe a tete. Nan menm tan, kòmanse ba li ti manje kèk fwa nan jounen an. Kòmanse ak 1 oubyen 2 kalite manje. Li mèt yon labouyi senp oubyen manje n ap prepare pou tout fanmi an. Mete yon ti luil oubyen lòt grès ladann.

Yon fanm k ap ede tibebe li manje yon moso fig mi.

Men lòt bon kalite manje nou ka kòmanse ba li :

  • Manje ki pou bati kò a, yon fwa nan yon jou pou pi piti : pwa ki byen kwit oubyen sòs pwa, ze, lèt, fwomaj, yawout, oubyen pire pwason ki byen kwit.
  • Legim : joumou ki byen kwit, pwa frans, kawòt, legim fèy vèt, tomat, oubyen nenpòt legim koulè jòn oubyen koulè vèt ke nou ka jwenn kote nou rete a.
  • Fwi : ti mòso fwi tankou mango, papay, ti grenn bwa, oubyen fig mi.
centeralt=Yon timoun piti k ap manje ak yon kiyè nan yon bòl

Plis pase 1 ane

Bay tibebe a tete toujou jis li rive nan 2 ane pou pi piti, oubyen plis pase sa.

Ba li menm bon kalite manje ak sa nou konn bay granmoun : pwoteyin (ki pou bati kò a), lanmidon (ki pou bay fòs ak kouraj), epi legim ak fwi (ki pou pwoteje kò a). Timoun dwe manje 4 fwa nan yon jou, oubyen plis pase sa. Depi yon timoun pa tete ankò, se pou l manje pi souvan.

Tifi gen dwa manje menm kantite manje ak ti gason. Lè timoun yo jwenn ase bon kalite manje, y ap grandi byen, epi y ap rete an sante. Manje fè lespri yo ap devlope tou - pou yo ka kalkile, aprann, epi jwe.

Timoun se poul ; se toutan pou y ap beke.


NWTND cfc Page 3-3a.png

Bibwon

Nou pa dwe sèvi ak ni bibwon, ni tetin, paske li pa fasil pou lave yo epi kenbe yo pwòp. Sa bay anpil enfeksyon ak dyare paske mikwòb ka rete anndan yo. Si manman an pati al nan travay, se pou nou bay bebe a lèt manman li nan yon gode ak yon ti kiyè. Pa janm sèvi ak bibwon pou bebe ki pi gran, ak pou jènn timoun. Si nou mete ji, bouyon, oubyen lèt nan bibwon bay timoun yo, sa fè dan yo benyen yon bon ti tan nan sik la. Sa konn ba yo dan pike. Yon timoun ka fasil aprann bwè nan vè.

=kola, chip, ak bonbon ; yo mete yon X sou tout

Tyaw

Gato, sirèt, chip, kola, fritay, ak manje ki fèt tou nan bwat, tout sa yo, yo rele yo «tyaw». Genyen twòp sik, sèl, grès ak pwodui chimik ladan yo. An plis, yo manke bon nitrisyon (bon kalite manje). Lè timoun manje manje dous sa yo, sa ap ba yo dan pike. Lè yo rive granmoun, sa ap bay maladi tansyon, dyabèt, ak lòt gwo maladi granmoun.

Si nou fasil jwenn tyaw, timoun ka byen mande nou ba yo sa, paske yo bon nan bouch. Se pou nou, paran ak ajan sante yo, fè atansyon pou nou pa ba yo abitid manje kalite manje sa yo. Lè yon timoun mande manje, ba li fwi, pistach, yawout, labouyi oubyen lòt manje ki pa genyen sik ladann. Montre yo ki jan bon kalite manje kapab bon nan bouch tou. Konsa y ap pran abitid byen manje. Sa va ede yo pou tout rès lavi yo.

Se bon kalite manje ki fè timoun yo byenvini, epi ki kenbe yo an sante - se pa tyaw.


Yon tifi k ap lave men li yo nan yon kivèt ak savon

Pwòpte

Lave men timoun yo anvan yo manje, epi souvan pandan jounen an. Anpil enfeksyon moun trape, tankou dyare, grip, rim, ak lòt maladi, yo gaye lè mikwòb, ki kole nan men ki sal, rive nan bouch (epi timoun toujou mete men yo nan bouch!). Depi yo lave men yo souvan, sa anpeche mikwòb antre nan bouch yo. Si yo lave men yo souvan, yo pi fasil rete an sante.
yon moun k ap koupe zong li yo

Benyen timoun yo chak jou. Koupe zong yo byen kout pou yo pa kenbe kras. Lave rad ak dra yo souvan.

Fòk tout moun, timoun kou granmoun, gen yon kote pou yo al fè bezwen yo chak jou. Sinon, watè ak tout mikwòb maladi ki ladann va gaye tout kote. Fè latrin pou fanmi nou ; fè travay la ansanm ak vwazen nou yo oubyen ak kominote a. Sa va anpeche dyare vin sou timoun nou yo.

Chapit Dlo ak pwòpte ban nou bon konsèy ki byen detaye sou ki jan nou ka pwòpte kote n ap viv la, epi ki jan nou ka anpeche dyare vin sou timoun nou yo.

Vaksen ak medikaman

Vaksen yo pwoteje timoun kont anpil maladi grav ki konn fè malè sou yo, tankou lawoujòl, tetanòs, polyo, ak tibèkiloz. Li pi fasil, pi bon mache, epi pi efikas pou nou bay vaksen, pase pou nou chache sove yon timoun ki malad oubyen k ap mouri. Youn nan pi bon fason pou nou kenbe timoun an sante, se pou nou mennen yo pran vaksen.

Al gade nan Vaksen chapit pou wè lis vaksen pou nou bay ak ki lè pou nou bay yo.

Asire nou ke timoun nou yo pran tout vaksen yo bezwen.


yon gason k ap ede ti frè li bwose dan li

Lòt fason pou nou pwoteje sante timoun

  • Pou pwoteje dan timoun yo, bwose dan yo. Pa ba yo anpil bonbon, sirèt, oubyen kola. Aprann plis sou koze tyaw.
  • Bay tibebe yo tete. Lè nou ba yo manje oubyen ba yo bwè lòt likid, sèvi avèk yon veso e yon ti kiyè ki pwòp. Pa sèvi ak bibwon ni tetin paske nou mal pou kenbe yo pwòp.
  • Timoun ki malad, oubyen timoun ki gen bouton, enfeksyon je, gal, pyas oubyen pou, pa kite yo dòmi nan menm kabann, ni mete menm rad, ni sèvi ak menm sèvyèt la, ak lòt timoun. Mete yo anba remèd touswit pou maladi a pa jwenn okazyon pou l sòti nan timoun malad la al sou lòt timoun. Pwoblèm sa yo konn gaye byen vit.
Timoun yo k ap dòmi nan yon kabann, anba yon moustikè
  • Kouvri kabann yo ak yon moustikè oubyen ak yon ti twal fen fen. Marengwen yo peple nan dlo ki dòmi. Netwaye tout ma dlo, tout twou, epi tout ti mamit ki ka kenbe dlo. Konsa marengwen pa p jwenn kote pou yo peple. Si gen posiblite, mete moustikè sou pòt ak fenèt yo.
NWTND cfc Page 5-3.png
WI
NON
  • Si genyen gwo vè won nan katye a, bay timoun yo remèd vè chak 6 mwa. Bay premye dòz lè yo gen enn an.
  • Si genyen ankilostòm (yon kalite vè nan trip) nan katye a, pa kite timoun yo mache pye atè. Mete sapat oubyen soulye nan pye yo. Pa kite yo chita toutouni atè.
  • Lè timoun yo rive nan laj 1 ane, ba yo remèd vè chak 6 mwa, mébendazole oubyen albendazole.