Hesperian Health Guides

Lè yon moun pèdi konnesans

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND fa Page 4-1-a.png
Men sa ki ka fè yon moun pèdi konnesans :


Si yon moun pèdi konnesans epi nou pa konnen ki sa ki kòz sa, tyeke pwen sa yo touswit:

  1. Èske li pran souf byen ? Si non, kage tèt li sou dèyè nèt, epi rale machwè ak lang li monte. Si gen yon bagay k ap bouche gòj li, wete l. Si li pa p pran souf, kòmanse fè respirasyon bouch nan bouch.
  2. Si gen yon chans li blese nan kou a oubyen nan zo rèl a, li ta pi bon pou nou pa deplase l. Men, si nou oblije deplase li, fè sa avek anpil swen; pa panche ni kwochi do a oubyen kou a, paske si kou a oubyen zo rèl do a kase epi nou chanje li pozisyon, nou ka fè plis donmaj toujou.
  3. Èske l ap pèdi san ? Si wi, eseye kanpe san an.
  4. Èske li anba chòk (po li blèm, li mouye, batman kè a rapid men poul la fèb) ? Si wi, mete l kouche ak tèt li pi ba pase pye li, epi delage rad ki sou li.
  5. NWTND fa Page 4-2-a.png

  6. Èske se endispozisyon gwo chalè ki te pran li (li pa swe men li gen gwo lafyèv, po a cho e wouj)? Si wi, mete li nan lonbraj, mete tèt li pi wo pase pye li, epi mouye tout kò a ak dlo frèt (dlo glase si nou genyen) epi fè van pou li.
  7. NWTND fa Page 4-3-a.png

  8. Si l ap pran souf, epi nou konnen li pa blese nan kou oubyen nan zo rèl do a, nou ka vire sou kote pou li pa toufe si li ta vomi.
  9. NWTND fa Page 4-4.png

Pa mete anyen nan bouch yon moun ki pèdi konnesans.




Nou te mete paj sa a ajou: 07 jan 2021