Hesperian Health Guides

Boule ak pwodwi chimik

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ht NWTND fa Page 40-1.png

Premyeman, pwoteje tèt nou  : pote rad manch long, ak gan oubyen sak plastik sou men nou. Kouvri bouch nou ak yon mouchwa. Lè nou fin ede yon moun ki kontamine ak pwodwi chimik, lave kò nou ak rad nou yo byen lave.

Pi bon bagay nou ka fè se debarase nan ak pwodwi chimik la pi vit ke nou kapab, pou l pa ka fè plis donmaj.

  1. Wete tout rad ak tout bijou bò boule a.
  2. Si pwodwi chimik la kole, fè vit grate leve l ak yon ti bout bwa, yon kouto, oubyen nenpòt bagay ki di epi ki ka sèvi.
  3. Depi nou fin grate tout pwodwi chimik nou kapab wete, lave boule a byen lave ak anpil dlo. Genyen de pwodwi chimik, depi nou mete dlo sou yo, y ap boule pi rèd. Konsa, anvan nou lave l, fòk nou wete tout pwodwi chimik nou kapab. Si se yon pwodwi chimik ki fèt ak lwil, sèvi ak dlo e savon. Sèvi avèk yon tiyo si nou genyen youn. Si li pran pwodwi chimik la nan figi li, lave figi a an premye. Fè atansyon pou nou lave tout grafouyen ak koupe. Pi vit nou kòmanse lave l epi pi lontan n ap lave l, se nan pi bon eta po a va ye.


Lè nou fin netwaye tout pwodwi chimik ki sou li, okipe boule a menm jan ak nenpòt lòt boule.

Lave oubyen jete tout rad ki kontamine ak pwodwi chimik la, paske yo ka fè donmaj, yo menm tou.

NWTND fa Page 40-2.png
Si pwodwi chimik la antre nan je yon moun, vide dlo nan je a. Vide l tou pre nen an pou l koule nan direksyon oubyen bò zòrèy li.