Hesperian Health Guides

Kriz kè (kriz kadyak)

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Gason ak fanm, yo toulede konn fè kriz kè. Li rive lè yon boul san kaye ap bouche yon venn ki alimante kè a. Si venn lan bouche nèt, vyann kè ki sou bò sa a ap mouri. Òdinèman, se maladi kè ki lakòz sa a.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT KRIZ KÈ
NWTND fa Page 27-1.png
  • Yon doulè k ap kenbe tankou yon pwasenkant ki chita sou lestomak li, lestomak li sere l, l ap boule l, l ap fè mal, oubyen li santi lestomak li lou.
  • Doulè a konn monte ti kras pa ti kras, men kèk fwa yon doulè rèd mòde l sibit.
  • Dabitid, doulè a monte ti pa ti pa, men pafwa yon doulè rèd mòde l sibit.
  • Souf li kout.
  • L ap swe.
  • Li gen kè plen.
  • Li santi li fay.


Doulè lestomak se yon siy ki pi kouran kay gason ak fanm; se doulè sa a ki fè nou rekonnèt yon kriz kè. Men pi souvan se fanm ki pa soufri doulè lestomak. Okontrè, souf yo kout, yo bouke, yo gen kè plen, vomisman, oubyen do ak machwè fè mal.

Tretman

Bay moun nan aspirin yon grenn touswit (300 oubyen 325 mg). Mande li kraze grenn lan nan bouch, epi vale l ak dlo. Nou mèt bay aspirin menm si nou pa konnen si l ap fè yon kriz kè tout bon. Sa pa p fè li mal.

Si nou genyen li disponib, ba li nitroglycérine (nitwogliserin) anba lang lan morphine (mòfin) ap soulaje doulè ak laperèz la. Eseye mete l alèz. Chache konkou.