Hesperian Health Guides

Zam lapolis

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND fa Page 41-1.png

Atansyon : Lè nou vle pote yon moun sekou ki sibi vyolans nan men lapolis, fè atansyon pou nou pa vin sibi menm vyolans lan. Fè efò pou nou sove ni moun ki blese a, ni pwòp tèt pa nou.

Gaz lakrimojèn, (gaz lacrymogène) ; gaz pwav (vaporisateur de poivre)

Si nou ka rale kò nou bò kote y ap flite gaz la, efè kontrè yo ap pase byen vit. (Gaz sa yo fè je yon moun boule epi fè yo bay anpil dlo.) Efè gaz lakrimojèn pase vit ; efè gaz pwav ka pran yon èdtan oubyen plis pou l pase.

Pa manyen bwat gaz yo ak men nou. Yo cho lè yo fèk fin sèvi ; si nou manche yo, y ap boule nou.

Tranpe yon mouchwa nan dlo oubyen nan vinèg, epi mare l sou bouch ak nen ou. Sa ap bay ti pwoteksyon.

NWTND fa Page 41-2.png
  1. Gade byen ki jan yon moun ap pran souf. Gaz pwav ka fè yon moun soufle anlè anlè, sitou si li konn soufri opresyon. Sa ka ba li laperèz. Fè l poze san li, mezi nou kapab.
  2. Lave je yo ak anpil dlo. Vide l sou je yo tou pre nen an pou l koule nan direksyon oubyen bò zòrèy li.
  3. Wete tout rad ki kontamine ak gaz oubyen ak pwodwi chimik, depi nou sove tèt nou, epi yo pa p flite ankò.
  4. Lave po a, yon pati alafwa (oubyen rete tann efè kontrè pase pou kont yo) : tranpe yon twal nan lwil kizin (ki sèvi pou fè manje). Siye yon pati nan po a ak twal la. Fè vit siye lwil la ak yon lòt twal ki tranpe nan alkòl. Si lwil la rete sou po a plis pase 30 segonn, l ap melanje ak pwodwi chimik la epi l ap boule po a. Si nou pa gen lwil ak alkòl, lave l ak anpil dlo. Oubyen, rete tann. Finalman, doulè a va pase.

Lòt zam lapolis

Bal ki fèt an kawotchou, gaz lakrimojèn, kanon dlo, ak baton, yo tout ka bay gwo blesi k ap senyen, zo kase, oubyen blesi anndan kò a k ap bay san. Blesi nan je ak nan tèt ka grav anpil. Egzaminen yon moun byen, depi tèt li rive sou zòtèy li. Voye je sou li pou wè si li pa p pèdi san anndan kò a, oubyen si li pa fè chòk. Men siy ki fè nou rekonèt sa : li gen tèt vire, li blèm, oubyen li fèb. Pou aprann plis sou blesi nan je.