Hesperian Health Guides

Lè pa gen batman kè

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yo montre ki kote pou nou tande batman kè a, sou bò gòch lestomak la.

Pran batman kè a bò kou a. Oubyen, koute sou bò gòch lestomak la : bò X la.

Si pa genyen batman kè, eseye fè li bat ankò. Kòmanse peze lestomak li. Fòk ou fè vit. Poutèt sa, si nou pa sèten si kè li ap bat, oubyen si batman kè a fèb anpil, li pi bon pou nou peze lestomak la.

Yon fanm k ap kontwole pandan l ap peze lestomak la.
Youn, de, twa, kat, senk...
Bra yo tou dwat
Yon men sou lòt la

Peze lestomak (réanimation cardiopulmonaire, RCP)
Peze fò e vit nan mitan lestomak la 30 fwa. Peze li desann tou dwat, fonse lestomak la 5 santimèt (2 pous) konsa. Fè efò pou fè l vit, 100 fwa nan yon minit pou pi piti. Li pa nesesè pou fè egzakteman 100. Men peze fò e vit !


Fè respirasyon bouch nan bouch
Lè ou fin peze lestomak la 30 fwa, ba li 2 souf, byen fò nan gòj li jis nou wè kòf lestomak la ap monte.


Kontinye peze lestomak la epi fè respirasyon bouch nan bouch.
Peze lestomak la 30 fwa ; apre sa, bay 2 souf ki ase fò pou fè lestomak la monte. Kontinye sou menm lanse a. Gen de lè nou oblije kenbe la ap ba li souf pandan yon bon ti tan. Fè l jis moun nan ka pran souf pou kont li epi je li klè, oubyen jis nou konnen li mouri tout bon vre.


Chache konkou
Si gen posiblite pou mennen moun nan lopital nan yon ti moman, degaje nou. Pandan nou nan wout, toujou fè respirasyon bouch nan bouch epi peze lestomak la. Sa ap fè ògan kò a fonksyone jiskaske nou jwenn sekou.

Tout sa kapab reveye yon moun ki te pran nan kouran, ki neye, ki sibi yon gwo kou sou lestomak li, ki twò frèt, oubyen ki pran twòp medikaman.

Men si yon moun te fè yon kriz kè (kris kadyak), nou pa p fasil rive fè kè li bat ankò. Men nou mèt eseye, sitou si nou ka jwenn konkou doktè byen vit. (Aprann plis sou kriz kè).

Genyen yon aparèy (défibrillateur) ki sèvi ak chòk elektrik pou fè kè a pran bat ankò. Lè yon moun fè yon kriz kè ki fè batman kè a rete, gen de fwa aparèy sa a ka fè l bat ankò. Mande si gen yon aparèy konsa nan kominote pa nou. Chache konnen ki kote li ye, anvan nou bezwen li. Yo konn mete yo nan anbilans yo, oubyen nan batiman piblik tankou nan yon kazèn oubyen nan yon gran otèl.