Hesperian Health Guides

Zo rèl do kase ak kou kase

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Genyen yon kannal mwèl epinyè ki nan mitan zo rèl do a. Mwèl epinyè a se nè ki soti depi nan sèvo a, ki pase nan kannal la pou yo al nan tout kò a. Si mwèl epinyè a vin blese, yon moun ka kokobe pou tout rès lavi li. Oubyen li ka mouri. Si gen yon ti chans pou yon moun blese nan zo rèl do a, nou ka evite plis donmaj si nou kenbe kou a ak zo rèl do a nan yon pozisyon fiks!

Si yon moun fè aksidan machin, moto, oubyen bisiklèt, si li pran yon gwo so, oubyen si li pran yon kou nan tèt oubyen nan kou, li te ka blese zo rèl do li. Pran anpil prekosyon pou nou pa kite do a oubyen kou a panche sou yon bò, epi pou nou pa pliye okenn pati nan do a ak nan kou a. Si sa ta rive, sa ka fè plis donmaj toujou. Fè yon woulo ak rad, twal, eponj, oubyen lòt bagay. Mare woulo a sou kou li pou kou a pa ka fè mouvman.

Y ap fè yon woule ak yon rad epi yo mare l sou kou yon moun.


Pa bay moun nan medikaman ki pou fè doulè a pase, jiskaske nou sèten li pa blese nan zo rèl do a, oubyen nan kou a. Konsa doulè a ap ase rèd pou pa pèmèt li fè mouvman.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT KE YON MOUN BLESE NAN ZO RÈL DO LI
  • Li gen kote nan zo rèl do a oubyen nan kou a ki fè mal, e ki sansib.
  • Bra li oubyen janm li yo fèb, oubyen li pa ka fè mouvman menm.
  • Bra li oubyen janm li yo mouri nèt.

Genyen lòt siy, tankou li pa ka kenbe pipi ak watè li, souf li kout, oubyen li bay menm siy ak lè yon moun fè chòk. Si nou pa byen konnen sa li genyen, li pi bon pou nou trete l tankou yon moun ki blese nan zo rèl do a.

Yon mesye k ap kouche sou do, ki leve bra li yo anlè

Pou konnen si li blese nan zo rèl do a, mande moun nan rete kouche sou do. Mande l leve jenou li yo. Apre sa, mande l leve bra li yo. Èske li ka bouje yo tout ? Èske li gen kote ki fè mal ? Manyen dwèt li ak zòtèy li yo. Èske li ka santi sa ? Èske li ka santi l lè nou pichkannen li ?

Si genyen yon pwen nan kò a epi anba pwen sa a moun nan pa ka fè mouvman epi li pa ka santi anyen, se rèl do a ki kase. Men avèk konkou lòt moun, nou ka evite plis donmaj toujou.

Yon mesye k ap pale ak 2 lòt moun pandan y ap òganize yo pou vire kò yon fanm sou kote.
Lè nou rive sou 3, vire. En, de...
Kenbe tèt la ak kou a tou dwat ; pa kite yo ni panche ni kwochi.
mesye yo k ap vire moun nan sou kote pandan premye an ap pale
twa

Si li pa gen pati nan kò a ki mouri, epi li ka fè mouvman, tyeke zo rèl do a li menm. Ak anpil prekosyon, vire li sou kote, jan yo montre nou nan desen an. Ansanm ansanm vire tout kò li tankou yon bout bwa.

Kenbe tèt la, kou a, ak do a tou dwat, san nou pa pliye okenn pati nan kò a. Ak prekosyon, manyen chak zo rèl do, depi tèt li rive nan kannal dèyè li. Manyen l pou wè si pa genyen zo ki deplase, zo ki kase, oubyen kote ki fè mal.

Fè menm jan an pou nou vire l sou do a ankò. Pran anpil prekosyon.

(Si moun nan ap vomi, mete yon bagay anba tèt li pou li kapab rete kouche sou kote.)

Si genyen kote ki fè mal e ki sansib, li mande pou fè radyografi pou wè si li pa gen zo ki fele. Se pou li rete kouche nan yon pozisyon fiks. Nou dwe vire l chak de twa zèdtan, men toujou kenbe do a ak kou a tou dwat. Fè sa jis doulè a ba li yon souf, nan 8 jou konsa.

NWTND fa Page 22-3.png

Pou deplase moun nan, vire li sou kote jan yo di nou anwo a, kòmsi se yon bout bwa n ap vire, ki pa ka ni panche ni kwochi. Mete anba li yon planch long, tankou yon pòt kay bwa, ki ka sèvi tankou branka, epi vire tounen moun nan sou planch lan. Lè fini, sèvi ak kèk bann twal long oubyen ak sentiwon, pou mare tèt li, lestomak li, ak janm li yo sou branka a. Si moun nan oblije rete sou branka sa a pandan yon bon ti tan, vire li sou kote chak de twa zèdtan.

Yon moun ki blese nan zo rèl do a gen pou swiv trètman pandan lontan. Mande konkou bò kote moun ki fè esperyans nan travay sa a. Oubyen etidye yon liv ki montre nou ki sa pou fè, tankou youn nan liv sa yo ki disponib nan Hesperian : Disabled Village Children, A Health Handbook for Women with Disabilities, oubyen : L’Enfant Handicapé au Village (épuisé).