Hesperian Health Guides

Apre akouchman

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè manman an fin akouche, ede li fè mèt vant lan soti. Voye je ou sou li pou ou konnen si lap senyen twòp. Pou konnen plis sou ki jan pou pran swen tibebe a, epi ede li tete, al gade nan Ti bebe ki fek fèt ak bay ti bebe tete.

Emoraji (lè manman an bay twòp san)

Veye manman an byen, pou konnen si lap bay san. Kontwole li ase souvan. Fè ti gade anba dra li pou wè si pa gen yon ma san sou dèyè li. Lè mèt vant lan ap soti, toujou gen yon ti san ki pou koule soti menm lè a tou. Pa gen pwoblèm. Men si lap fè gwo senyen, oubyen si san an pa kanpe, se ka ijan.

Si fanm lan ap bay twòp san :

  • Fè mèt vant lan soti.
  • Mande li fè pipi.
  • Fè masaj matris la.
  • Ba li medikaman ki pou fè san an kanpe.
Yon fanm ki nan kabann li ; yon lòt fanm kap fè masaj matris li

Fè masaj matris la

Depi mèt vant lan soti, fè masaj vant manman an chak 15 minit konsa, ak chak fwa ou wè lap bay san. Fè masaj ak fòs sou tèt matris la, jis ou santi li vin di, nan mitan vant lan, anba twou lonbrit la. Si matris la sou kote, sa vle di blad pipi a plen. Mande li fè pipi.

Si lap senyen toujou, peze pi fò, epi peze matris la ant de men ou. Sa ap fè li mal, men sa dwe fè san an kanpe.


Yon moun ki gen yon men sou tèt matris la; li sere lòt la epi mete li sou anba matris la
Fè masaj matris la jis li vin di. Answit, mete yon men konsa sou tèt matris la.
Sere lòt men an mete li sou anba matris la.

Si atout ou fè sa, lap senyen toujou, ou ka foure yon men andedan manman an. Sere men ou an. Answit, ak lòt men, peze matris la ant de men ou. Mete tout fòs kouray ou.

Medikaman ki pou rete san

Nòmalman, ou ka fè san an rete ak oksitosin oubyen mizopwostòl.

  • Bay piki oksitosin 10 inite nan vyann kwis la, sou kote. (Pou konnen ki jan pou ou bay piki, al gade nan Medikaman, tès, ak trètman - chapit sa a poko ekri.)
  • Lè 10 minit fin pase, epi lap senyen toujou, bay 10 inite ankò.
    OUBYEN
  • Bay mizopwostòl 600 mikwogram anba lang li.


Ou ka evite emoraji ak medikaman sa yo. Se poutèt sa, gen de ajan sante ak fanmsaj, depi yon fanm fin akouche, yo konn toujou bay ni yon dòz mizopwostòl, ni yon piki oksitosin. Si ou vle anpeche yon fanm bay twòp san, epi si ou gen medikaman sa yo disponib, ou met sèvi ak yo.

Siy ki fè ou konnen yon fanm te pèdi anpil san
Yon gason kap pote yon fanm ki malad nan bra li ; yon lòt moun kap kenbe tibebe li"

Depi ou wè nenpòt nan siy sa yo, chache konkou doktè. Pandan ou nan chemen pou al lopital, trete li pou chòk.

  • Tèt li vire.
  • Li fèb.
  • Lap dekonpoze
  • Lap depale.
  • Po li frèt, li mouye.
  • Kè li ap bat vit, oubyen lap bat pi vit toujou.
  • Tansyon li ap bese, oubyen li twò ba.

Lè twou nesans chire

Egzaminen twou nesans la pou wè si li pa chire. Ti blese ka geri pou kont yo. Blese ki long epi ki fon, yap geri pi vit si ou fè koud yo. Si gen yon venn nan kannal la ki chire, si ou koud li, sa va rete san an.

Yon vajen ki chire pa anba
Mete de bò blese a kole byen ansanm, anvan ou mete pwen kouti a.

Mete gan pwòp sou men ou. Foure dwèt ou dousman nan blese a pou konnen pwofondè li. Si ou te swiv fòmasyon sou ki jan pou ou fè sa a, ou mèt fè de twa pwen kouti. Si li fon anpil, mete kèk pwen kouti nan vyann lan ; sèvi ak fil ki fonn pou kont li. Answit, ou ka fèmen po a. Fè atansyon pou pa gen yon pòch, anba nan vyann lan, ki pa fèmen. Li ka bay absè. Aprann plis sou ki jan pou ou mete pwen kouti. Si ou pa gen bon jan fòmasyon, li ka pi bon pou ou kite blese a geri pou kont li.

Si li chire jis anndan twou dèyè a, fòk yon moun koud vyann lan ki pou sere twou dèyè a, anvan li fèmen po a. Fòk ou jwenn yon moun ki gen abilte pou fè sa. Sinon, fanm lan ka mal pou li kenbe watè li ; lap bay watè toutan.