Hesperian Health Guides
Ki jan pou nou pran swen fanm ki gwo vant
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Gwosès ak akouchman > Ki jan pou nou pran swen fanm ki gwo vant
Fanmsaj ak ajan sante, nou menm dwe ankouraje fanm ki gwo vant yo pou yo vin fè vizit nan sant lan, anvan pitit la fèt, pou nou swiv gwosès la. Li ta bon pou wè yo kèk fwa pandan 8 premye mwa gwosès yo. Answit, se pou nou wè yo yon fwa chak 8 jou pandan dènye mwa a. Men ki koze nou ka fè nan moman vizit sa yo :
- Ba li repons sou tout kesyon li poze.
- Fè ti pale ak li sou sa li bezwen pou sante li, pa egzanp, ki sa pou li manje, oubyen ki jan pou li jwenn ase repo.
- Kontwole sante manman an ak tibebe a, pou wè si yo an sante, oubyen si yo gen pwoblèm.
Chak vizit, ekri sou dosye li sa nou wè. Konsa nou ka konnen si manman an ap pran pwa jan li dwe, oubyen si tansyon li ap monte. Si tansyon li monte wo, se ka yon siy ki fè nou wè fanm lan ap soufri anpwazonnman gwosès.
Siy ki fè nou konnen gen danje |
Si nou wè nenpòt siy nan sa yo ki ekri anba, voye chache konkou doktè, oubyen mennen li lopital. Fanm nan ka mouri.
|
Kontni yoKesyon pou nou poze yon fanm ki gwo vant |
|||
Anba se yon lis kesyon pou nou poze pandan premye vizit la. Nou mèt mete lòt kesyon sou lis la, si nou wè lòt pwoblèm nan kominote pa nou an. | |||
Depi ki lè li gwo vant ? Ki dat pitit la ta sipoze fèt ?
|
Nan chak vizit, kalkile sou ki senmenn li ye nan gwosès li. Verifye yon fwa ankò sou ki dat li te wè dènye règ li. Kalkile konbyen senmenn ki pase depi dat sa a.
|
||
Si nou konnen sou ki mwa li ye, nou ka kalkile si tibebe ap devlope dapre jan li dwe ye a.
|
|||
Si li deja fè pitit, ki jan sa te pase ? |
|||
Eske tansyon li te monte wo ? Eske li te fè kriz ?
|
Si li te fè tansyon twò wo, si li te fè kriz pandan yon lòt gwosès, se ka anpwazonnman gwosès (toksemi) li te soufri. Lè li rive sou 28èm senmenn gwosès sa a, fè li tounen vin jwenn nou chak 8 jou, pou pi piti. Nan chak vizit, verifye tansyon li, epi verifye pipi li pou wè si pa gen pwoteyin ladan l. Fè plan pou li ale lopita si nou wè li nesesè.
|
||
Eske li te gen yon tibebe fèt tou mouri ? Pouki sa ?
|
Genyen plizyè bagay ki ka fè pitit la mouri nan dènye de twa mwa gwosès la. Se ka dyabèt (maladi sik). Alò, verifye manman an pou wè si li pa gen dyabèt (al gade nan Maladi ki dire sou moun - chapit sa a poko ekri). Men pi souvan, nou pa janm ka konnen pouki sa li te pèdi pitit la. Epi menm si nou ta konnen, sa pa vle di li va rive ankò. Kanmenm, sèvi ak jantiyès epi tande sa li rakonte ou.
|
||
Ki jan sa te pase ak lòt akouchman ? |
|||
Eske li te bay anpil san lè li fin akouche ?
|
Fè plan pou fanm lan akouche nan yon lopital byen ekipe. Si pa gen mwayen pou pote li lopital, epi lap akouche lakay, prepare medikaman ki pou fè san an kanpe.
|
||
Eske li konn genyen tranche byen kout — oubyen tranche ki twò long ?
|
Si li konn gen tranche kout, lè tranche li kòmanse, al jwenn li pi vit ke nou kapab. Oubyen fè plan pou li rive vit nan yon sant oubyen yon klinik.
|
||
Si tranche li konn long, se ka zo basen li (anba ti vant) ki piti, ki pa pèmèt tibebe a pase. Oubyen se ka yon lòt pwoblèm. Prepare tèt nou pou nou ale lopital ak li, si tranche a twò long.
|
|||
Eske li te gen yon tibebe ki te twò piti lè li fèt ? Oubyen twò gwo ?
|
Tibebe ki twò piti konn gen mal pou yo respire byen. Yo pi fasil trape enfeksyon. Bay manman an yon kout men pou wè si li pa ka fè yon tibebe ki pi gwo. Si li manke jwenn ase manje, eske gen mwayen pou li ka jwenn plis?
|
||
Lafimen sigarèt ak lot kalite pwazon ka fè yon fanm fè yon pitit ki twò piti. Ki sa nou ka fè pou pwoteje manman an ak tibebe li ?
|
|||
Maladi sik (dyabèt) ka lakòz li fè yon pitit ki twò gwo, ki peze plis pase 4 kilogram. Al gade nan Maladi ki dire sou moun (chapit sa a poko ekri).
|
|||
Eske yo te fè operasyon pou fè tibebe a soti (sezaryèn) ? Eske yo te sèvi ak fòsèp (zouti ki pou ede pitit la soti) ? Eske li konnen pouki sa ?
|
Se ka tranche a ki te twò long ki lakòz yo fè operasyon, oubyen ki fè yo sèvi ak fòsèp. Sa ka rive ankò. Eske tranche li te twò long ? Sinon, petèt operasyon pa te vrèman nesesè
Sa ka mache pou yon fanm akouche nòmalman apre yo te fè operasyon pou fè pitit la soti. Men sa ka bay pwoblèm. Se poutèt sa, li ta pi bon pou li akouche nan lopital.
|
||
Eske li te pèdi yon tibebe tou piti ?
|
Genyen anpil bagay ki ka fè tibebe ki fèk fèt mouri, tankou tetanòs (maladi kò rèd), nemoni, dyare, ak lòt enfeksyon ki grav. Nou ka evite maladi sa yo. Pou aprann ki jan pou nou evite ak pou trete yo, al gade nan Ti bebe ki fèk fèt ak bay ti bebe tete.
|
||
Eske li konn gen pwoblèm pou li bay tete ?
|
Al gade nan Bay tete pou ede yon fanm kap bay tete.
|
||
Ki jan sante li ye koulye a ? |
|||
Eske li gen yon enfeksyon ki grav, tankou malarya, tibèkilòz (maladi pwatrin), VIH/SIDA, oubyen lòt maladi ?
|
Fòk nou trete yon enfeksyon ki grav. Al gade nan lis mo nan dènye pati liv sa a pou nou jwenn kote yo di nou ki jan pou nou trete yo.
|
||
Eske li gen gratèl, maleng, li santi fò, vajen an bay yon likid jòn ? Eske sa fè mal nan vajen li, oubyen anba tivant li, lè lap fè lanmou ?
|
Li nòmal pou yon fanm ki gwo vant bay plis likid nan vajen li. Men si likid la santi fò, oubyen vajen li ap fè li mal, sa fè nou konnen ke li gen yon enfeksyon. Al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit (chapit sa a poko ekri).
|
||
Eske sa boule, oubyen fè mal, lè li fè pipi ? Eske sa fè mal sou de bò ren li ?
|
Fè tès pou wè si li pa gen enfeksyon nan aparèy pipi. Al gade nan Pwoblèm aparèy pipi (chapit sa a poko ekri).
|
||
Eske vajen li ap bay san ?
|
Si yon fanm bay san pandan premye 20 senmenn gwosès li, jeneralman lap pèdi pitit la. Nòmalman, se pa gwo danje. Si li pase 20 senmenn, (4 mwa edmi), se grav. Chache konkou doktè san pèdi tan.
|
||
Eske li gen maladi sik (dyabèt)?
|
Yo bay esplikasyon sou maladi sik nan Maladi ki dire sou moun (chapit sa a poko ekri). Yon fanm ki gen dyabèt dwe kontinye pran ensilin pandan tout gwosès li. Si gen posibilite, se pou li fè tès chak fwa li fin manje, pou konnen valè sik ki nan san li. Fòk li swiv trètman kay doktè pou li ka akouche an sekirite.
|
||
Gen yon lòt kalite dyabèt ki mete pye lè yon fanm ansent. Se pandan gwosès li sèlman nou wè maladi a. Si nou fè tès pipi li, epi gen sik ladan l, se pou nou fè tes san pou li tou.
|
|||
Eske li pran medikaman ?
|
Sèvi ak Lis medikaman (ki poko ekri), oubyen yon lòt liv ki bay enfòmasyon sou medikaman, pou konprann sa lap pran. Mande tèt nou, ‘Eske li dwe pran medikaman sa a ?’ epi, ‘Eske li bon pou fanm ansent ?’ Si nou wè medikaman an vrèman nesesè, men li ka bay pwoblèm, chache yon lòt medikaman pou nou ba li.
|
||
Eske li konn fè yon reyaksyon alèji ak nenpòt medikaman ?
|
Ekri sou dosye li, si li konn fè reyaksyon alèji ak yon medikaman. Pa ba li kalite medikaman sa a. Si nou gen pou trete li ak medikaman, chache jwenn yon lòt.
|
||
Eske li konn sèvi ak remèd fèy ?
|
Genyen de remèd fèy ki gen danje ladan yo. Al gade nan Medikaman, tès, ak trètman (chapit sa a poko ekri), pou ede nou deside ki medikaman ki ta bon
|
||
Eske li konn sèvi ak pwodui chimik ki ka anpwazonnen moun, lakay, oubyen nan travay li ? Pi gran danje se pwazon ki pou touye ti bèt, pwodui ki sèvi pou netwayaj, epi pwodui chimik ak lòt bagay ki sèvi nan faktori.
|
Genyen danje pou tout moun ki sèvi ak pwodui chimik sa yo. Genyen sa ki konn donmaje oubyen ki konn menm touye tibebe ki poko fèt la. Ki sa nou ka fè pou pwoteje manman an ?
|
||
Dabitid, ki sa li manje pandan yon jounen ?
|
Al gade nan Byen manje bay bon sante. Sèvi ak chapit sa a pou nou fè ti koze ak manman an sou ki jan li ka manje byen chak jou.
|
||
Eske gen moun ki ba li kout men ak lòt pitit li yo, ak travay lakay la ? Eske gen moun ki pou pòte manje ba li, al nan dlo, oubyen chache bwa pou fè dife, lè li bezwen yo ?
|
Pale ak fanmi fanm lan pou wè si yo pa ka ba li kout men ak travay lakay la. Si fanmi li pa kapab, nou ka ankouraje vwazin li yo, moun legliz pa l, oubyen zanmi travay li, pou yo pote li lanmen fòt.
|
||
Ki kote li vle akouche ?
|
Si li vle akouche lakay, fè plan pou konnen ki sa li va fè si li dwe prese chache konkou yon doktè.
|
||
Si li vle akouche nan yon sant, oubyen nan yon lopital, fè plan davans pou konnen ki jan li va rive la. Fè plan pou gen kòb pou peye machin ak lopital la.
|