Hesperian Health Guides

Gwosès ak akouchman : Medikaman

Gwosès ak akouchman : Medikaman

Medikaman ki pou trete fanm kap bay anpil san

Oksitosin


(oxytocine ; oxytocin)
Oksitosin sèvi pou anpeche fanm senyen, oubyen trete fanm kap senyen anpil lè yo fin akouche. Li ka ede fanm lan delivre tou, si li pran twòp tan pou mèt vant lan soti. Si nou sèvi avè l pou trete pwoblèm sa yo, pa gen danje. Yo bay bon rezilta.

Nan lopital, yo konn sèvi avè l pou fè tranche a avanse. Men pa janm sèvi avè l lakay pou fè doulè tranche a mache. Sa ka fè tranche a vin si cho, li fè matris la chire. Se sèlman doktè ak mis nan lopital ki pou sèvi avè l pou fè pitit la soti pi vit.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png
Pou anpeche oubyen trete fanm kap senyen anpil lè yo fin akouche
Bay piki 10 inite, nan vyann sou deyò kwis la. Si lap senyen toujou, rete tann 15 minit, epi bay yon lòt dòz 10 inite.

Mizopwostòl


(misoprostol)
Mizopwostòl sèvi pou anpeche fanm senyen, oubyen trete fanm kap senyen anpil lè yo fin akouche.

Nan lopital, yo konn sèvi ak yon ti dòz tou piti pou fè tranche a avanse. Men pa janm sèvi avè l lakay pou fè doulè tranche a mache. Sa ka fè tranche a vin si cho, li fè matris la chire. Se sèlman doktè ak mis nan lopital ki pou sèvi avè l pou fè pitit la soti pi vit.

Gen de fwa yo sèvi avè l pou met fen ak yon gwosès pandan premye de twa mwa gwosès la. Oubyen, si yon fanm fè yon foskouch oubyen yon avòtman, nou ka sèvi avè l pou rete san an.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Anvi vomi, vant fè mal, dyare

EnpòtanNBgrnimportant.png

Kontwole tanperati (chalè kò) manman an anvan nou ba li medikaman sa a. Gen de fwa li bay lafyèv cho. Si sa rive, sispann ba li mizopwostòl. Trete lafyèv la touswit ak parasetamòl.

Si fanm nan te deja fè sezaryèn (operasyon pou fè tibebe a soti), jeneralman nou dwe evite ba li mizopwostòl.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Fè grenn mizopwostòl fonn anba lang fanm nan, anndan bouch la pandan 30 minit. Sa mache byen tou, pou nou bay li nan vajen an, oubyen nan twou dèyè a. Si fanm nan gen kè plen, li pi bon pou nou pa bay li nan bouch.

Pou evite yon fanm senyen twòp lè li fin akouche
Bay 600 mikwogram nan bouch, touswit apre tibebe a fèt.
Pou trete yon fanm kap senyen anpil lè li fin akouche
Fè fonn 800 mikwogram anba lang li pandan 30 minit, oubyen mete grenn yo nan twou dèyè a.