Hesperian Health Guides

Gwosès ak akouchman

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Gwosès ak akouchman

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Si yon fanm ki gwo vant rete an sante, epi si li jwenn bon swen pandan moman gwosès li, konsa li ka byen pase moman gwosès la san li pa gen gwo pwoblèm. An plis, li gen dwa akouche yon tibebe ki an sante. Se pou tout manman, fanmsaj, ak ajan sante mete men ansanm pou yo ede fanm ki gwo vant rete an sante, pou yo evite, trete, oubyen chache konkou pou pwoblèm sante ki ka rive.

Ki sa ki fè nou konnen yon fi ka gwo vant (ansent)

 "Yon fanmi ki kontan"

Depi yon fanm wè kèk siy nan sa yo ki ekri anba a, sa fè li konnen li ka ansent.

  • Li pa wè règ li.
  • Li gen kè plen ak anvi vomi.
  • Li santi li bouke.
  • Li anvi pipi dri.
  • Tete li kòmanse vin pi gwo, yo sansib.
  • Li pran pwa.


Nou ka fè yon tès san, oubyen yon tès pipi, pou konnen si yon fanm ansent, lè 15 jou konsa fin pase depi li vin ansent (sa vle di, lè yon mwa fin pase aprè li te wè dènye règ li).

Depi sou 4 mwa edmi konsa, pitit la kòmanse souke kò li nan vant manman li. Yon ajan sante ka tande batman kè tibebe a ak yon estetoskòp espesyal (sa vle di yon aparèy espesyal ki fèt pou sa)

Ki jan yon manman ka konnen nan ki dat pitit la ta sipoze fèt

Yon gwosès nòmal dire 9 mwa konsa (10 lalin, oubyen 40 senmenn). Pou kalkile ki jou tibebe a ka fèt :

Yon fanm kap kontwole ak dwèt li

Ajoute 9 mwa plis 7 jou sou dat li te wè dènye règ li. Sa se dat pwobab pou li akouche. Pifò tibebe fèt swa nan 22 jou ki vini anvan dat sa a, swa nan 15 jou ki vini aprè menm dat la.

Pa egzanp, annou di fanm lan te wè dènye règ li jou ki te 10 fevriye.

Sou 10 fevriye nou ajoute 9 mwa, sa fè 10 novanm.

Sou 10 novanm nou ajoute 7 jou, sa fè 17 novanm.

Li mèt espere tibebe a pou 17 novanm.