Hesperian Health Guides

Akouchman

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè ou wè tèt pitit la ap parèt, lave men ou byen, epi mete gan. Si pitit la parèt dèyè devan, Al gade nan anba a.

Lè tèt pitit la ap soti, se konsa nap wè li :

“Tèt tibebe a kap soti nan vajen an. Tèt la soti fas ba; apre sa tèt tibebe a vire sou kote.”

Ou pa dwe janm rale tèt tibebe a ni tòde li.


Soutni tèt la tou dousman. Dirije li dousman nan direksyon dèyè manman an. Kite kò pitit la sòti; pran li nan men ou.

Si kòd lonbrit la sere nan kou a, prèske toujou ou ka lage kòd lonbrit la san pwoblèm, epi fè li pase anwo tèt tibebe a, oubyen sou zepòl li. Sa prèske pa janm rive, men si kòd lonbrit la byen sere, si li sanble ap redi pitit la dèyè, ou ka oblije mare li de kote pou ou koupe li. Lè fini, fè manman an pouse pou tibebe a ka soti pi vit ke li kapab.

“Yon fanm kap akouche sou kat pat. Lè tèt la fin soti, zepòl tibebe a kole”


Apre tèt la fin soti, zepòl tibebe a ka kole. Lè sa a, fè vit mete manman an sou 4 pat. Mande li rale yon gwo souf, epi fè li pouse ak tout fòs li.

 "desen ki anba a montre yon fanm ki kouche sou do; yon moun kap peze anba tivant li desann. Yon lòt fanm, ki pote gan, kap desann tèt tibebe a




Si pozisyon sou 4 pat la pa bay rezilta, fè fanm nan kouche sou do. Mande li pou li rale jenou li anlè nèt. Nan menm moman an, fè yon moun peze jis anwo zo devan fanm nan, konsa. ↓ Ou ka pran tèt tibebe a nan men ou, epi desann li dousman, pou zepòl la ka chape anba zo a, epi soti deyò.

Si tibebe a toujou poko soti, foure men ou nan vajen an. Pou vire tibebe a, pouse bout anlè zepòl la annavan. Oubyen glise bra tibebe a fè li soti nan kannal la. Kò tibebe a dwe soti san pwoblèm.

desen ki anba a montre yon moun kap foure men li nan vajen an, pou li pouse bout anlè zepòl la annavan


Kou tibebe a fin fèt, remèt li bay manman an, mete li toutouni sou lestomak manman an ki toutouni—po sou po. Konsa tibebe a ap rete cho, an tout sekirite. Wete flenm ki sou bouch ak nen li, tou dousman. Seche li byen ak yon sèvyèt oubyen twal ki byen pwòp. Apre sa, kouvri tibebe a e manman li ak yon twal oubyen yon dra. Pou konnen plis sou ki jan pou ou okipe tibebe ki fèk fèt, al gade nan Ti bebe ki fek fèt.

Ki sa pou ou fè pou tibebe ki fèk fèt

  • Eske tibebe a ap respire byen ? Si li pap respire, si li gen difikilte pou li respire, oubyen si kò li tounen koulè ble, al gade nan Eske tibebe a ap respire byen ?.
  • Eske manman an ap bay anpil san ? Si lap senyen lè li fin akouche, al gade nan Apre akouchman.
NWTND pab Page 26-2.png
Fè yon ne kare.
Yon moun kap fè yon dezyèm ne sou kòd lonbrit la.”

Kòd lonbrit

Pa prese koupe kòd lonbrit la. Fè yon ti tann. Manyen li ak dwèt ou. Lè li pa bat ankò, alèkile, ou mèt mare li epi koupe li.

Lave men ou byen pwòp.

Sèvi ak yon pens esterilize, oubyen sèvi ak 2 lèz twal oubyen 2 riban. Se pou ou bouyi yo oubyen pase yon fè cho sou yo.

Pran longè 2 dwèt soti nan kò tibebe a pou rive sou premye ne a. Pran longè 2 dwèt ankò, pou ou fè dezyèm ne a.

Yon moun kap sèvi ak yon jilèt pou koupe kòd la nan mitan de ne sa yo


Koupe kòd la nan mitan 2 ne sa yo, ak yon jilèt pwòp ki poko janm sèvi, ak yon sizo, oubyen ak yon kouto pwòp. Nenpòt zouti ou sèvi, fòk ou toujou lave li, answit esterilize li. Li pi bon pou ou bouyi li. Si ou pa ka bouyi li, fè pase li nan dife, oubyen netwaye li ak alkòl, ki va touye pifò mikwòb. Lè ou fin koupe kòd la, pa touche ak li pou li pa pran enfeksyon. (Pou konnen ki jan pou ou pran swen lonbrit la, al gade nan Kòd lonbrit.)

Lè mèt vant lan soti (plasenta)

Yon fanm ki chita akwoupi kap rann mèt vant lan nan yon kivèt

Si fanm lan pap pèdi twòp san, ou mèt rete tann li rann mèt vant lan (plasenta). Tann jis manman an santi li dwe pouse li soti. Si lap pèdi san, lè li gen yon tranche, mande li pouse fò. Si mèt vant lan pa vle soti:

  • Mete pitit la nan tete manman an, pou li kòmanse tete. Si ou fè li kou li fin akouche, sa ka ba li tranche ki pou pouse mèt vant lan soti.
  • Mande li fè pipi. Yon blad pipi ki tou plen ka jennen mèt vant lan pou soti.
  • Fè li chita akwoupi, epi mande li pouse ankò.
yon moun kap rale tou dousman sou bout kòd la ak yon men; ak lòt men lap peze sou anba matris la
Peze sou anba matris la — pou li pa soti — toutotan ou rale kòd la tou dousman.

Si manman an ap pèdi anpil san, oubyen si tout sa ki ekri anwo a pa bay rezilta, eseye rale tou dousman sou rès kòd lonbrit la. Si li pa glise soti fasil, kanpe la. (Si ou rale li twòp, ou ka kase kòd la oubyen fè matris la soti.)

Yon moun kap kenbe yon mèt vant nan men li; genyen yon moso ki manke
Genyen yon moso nan mèt vant lan ki manke.

Depi mèt vant lan soti, ranmase li, epi egzaminen li byen pou wè si tout la. Si li chire, oubyen si ou wè sanble gen kèk moso ki manke ladan l, fè masaj vant lan jis moso yo soti. Ba li oksitosin oubyen mizopwostòl. Si yon moso mèt vant lan rete anndan matris la, sa ka lakòz fanm lan ap senyen san rete, epi li ka rive pran enfeksyon ki grav.

Depi ou wè tout bagay ale byen kay manman an ak kay tibebe a, pran yon ti moman pou ou pwòpte kabann ak chanm yo. Lave pati ak janm manman an. Ba li manje ak bwè. Ede manman an kòmanse bay pitit li tete. Pandan fanmi an ap swete yon nouvo bebe byenvini nan lemonn, bay benediksyon ou !