Hesperian Health Guides

Vitamin ak mineral

Ki jan pou nou okipe timoun : Medikaman

Vitamin A, retinol

Vitamin A sèvi pou evite zewoftalmi (pa wè byen nan fenwa e je sèch).

Pou moun ka jwenn ase vitamin A, yo dwe manje anpil legim ak fwi ki gen koulè jòn, feyaj, ak manje ki sòti nan bèt tankou ze, pwason, ak fwa. Nan zòn kote nou fasil jwenn moun ki avèg lannuit epi ki soufri ak je sèch, e ke li toujou pa fasil pou yo jwenn ase nan kalite manje sa yo pou yo manje, bay timoun yo grenn vitamin A chak 6 mwa.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa sèvi ak plis pase sa yo di pou nou bay la. Si yon moun pran twòp vitamin A nan fòm kapsil, grenn oubyen luil, gen danje nan sa. Pou fi ak fanm ki kapab ansent, oubyen pou fanm ki nan premye 3 mwa gwosès yo, pa ba yo dòz nòmal la, paske li ka donmaje tibebe ki nan vant manman an. Olye pou nou bay fanm ansent yon gwo dòz, bay yon dòz vitamin A ki pi piti, epi bay li pi souvan.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Bay grenn oubyen kapsil pou vale. Men pou timoun piti, kraze grenn nan, mete l nan yon ti lèt manman an. Oubyen koupe kapsil la, epi vide luil la nan bouch timoun nan.

Pou evite timoun vin manke vitamin A

Kote yo monte pwogram pou goumen ak pwoblèm sa a :

NWTND bag arrow.png
Bay 3 dòz, nan chak dòz bay :
Tibebe ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, chak dòz.
Timoun 6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, chak dòz.
Plis ke 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, chak dòz.
NWTND bag arrow.png
Fanm ansent : bay 25,000 inite nan bouch, chak 8 jou, pou 12 senmen pandan gwosès la. Si li toujou gen pwoblèm avèg lannuit oubyen lòt pwoblèm je ki grav ki rive paske li manke vitamin A, yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon gen dwa bay yon fanm ansent yon dòz ki pi gran.

Pou trete timoun ki pa ka wè nan fenwa

Si yon moun deja pa ka wè byen nan fènwa, oubyen si li fè lòt siy ki montre li gen je sèch, bay 3 dòz. Bay premye dòz la touswit, dezyèm dòz la nan demen, epi twazyèm dòz la nan 15 jou pou pi piti.

Bay 3 dòz, nan chak dòz bay :

NWTND bag arrow.png
Timoun ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, chak dòz.
6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, chak dòz.
Pi gran pase 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, chak dòz.
NWTND bag arrow.png
Fanm ansent : bay 25,000 inite nan bouch, chak 8 jou pou 12 senmenn pandan gwosès li, pandan 12 senmenn. Si li toujou montre siy maladi pa wè lannuit, oubyen lòt pwoblèm grav nan je li paske li manke vitamin A, yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon gen dwa ba li yon pi gwo dòz.

Timoun ki gen lawoujòl

Lè timoun yo pran lawoujòl, vitamin A ka anpeche yo pran nemoni oubyen anpeche yo vin avèg — 2 konplikasyon ki ka rive fasil.

NWTND bag arrow.png
Timoun ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.
Timoun 6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.
Plis ke 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.

Si yon timoun deja pran yon dòz vitamin A pandan dènye 6 mwa yo, bay yon sèl dòz vitamin A. Si yon timoun ki gen lawoujòl ap soufri ak malnitrisyon ki grav, oubyen si li deja pa ka wè byen, bay yon twazyèm dòz nan 15 jou.

Zinc

(zenk)


Lè timoun yo malad ak dyare, y ap geri pi vit si yo pran zenk. Bay li ansanm ak sewòm oral. sewòm oral.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou tibebe, byen kraze grenn nan epi bay li nan lèt manman an, oubyen nan yon ti dlo. Petèt nou ka jwenn yon kalite grenn ki fonn fasil nan likid.
Tibebe ki fèk fèt rive 6 mwa : bay 10 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 14 jou.
Plis pase 6 mwa : bay 20 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 14 jou.

Fer, sulfate ferreux, gluconate ferreux

(Fè, Silfat fè, glikonat fè)


Fer sèvi pou evite ak pou trete pifò kalite anemi (san yon moun tounen dlo). Si nou sèvi ak grenn pou vale, trètman an konn pran twa mwa pou pi piti.

Grenn fè yo pi efikas lè nou bwè yo ansanm ak vitamin C (manje anpil fwi ak legim, oubyen pran grenn vitamin C).

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Fer konn deranje lestomak la ; poutèt sa li pi bon pou bwè li ansanm ak manje. Epitou, li ka fè moun sere, sitou granmoun, epi li fè watè yon moun tounen koulè nwa. Al wè ki jan pou boule ak konstipasyon.

Siwo ki gen fè ladann fè dan yon moun tounen koulè nwa. Sèvi ak yon pay pou bwè l, oubyen bwose dan nou apre nou fin bwè li.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Veye pou nou bay bon dòz medikaman an. Twòp fer se pwazon. Si yon moun fin mèg e malnouri, pa ba li fè. Rete tann li refè anvan nou ba li fer.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpillspoon.png

Fòs dòz la chanje ak kalite grenn nan. Pa egzanp, yon grenn sulfate ferreux 300 mg gen 60 mg konsa fè ladann. Men yon grenn gluconate ferreux 325 mg gen 36 mg fè ladann. Fè atansyon pou nou swiv sa ki ekri sou bwat medikaman an, grenn oubyen siwo, pou nou konnen byen ki kantite fè ki ladann.

Pou nou EVITE anemi antre sou fanm ansent oubyen sou fanm k ap bay tete
Bay sulfate ferreux 300 mg (60 mg fè) nan yon jou. Fanm ki vle fè pitit dwe pran li tou. Li pi bon toujou pou yo pran fè ansanm avèk acide folique, se sa ka evite kèk pwoblèm ke tibebe konn fèt ak yo.
Pou nou TRETE yon timoun ki soufri anemi
Bay sulfate ferreux yon fwa nan yon jou, jan yo di nou anba a (si sa deranje lestomak la, separe l an 2 dòz) :
DÒZ SULFATE FERREUX (FÈ) SELON LAJ
LAJ KONBYEN MG NAN YON DÒZ KONBYEN GRENN 300 MG POU NOU BAY KONBYEN MG FER
Timoun ki poko gen 2 ane sulfate ferreux 125 mg Sèvi ak siwo fè, oubyen kraze yon ka (¼) nan yon grenn 300 mg, mete l nan lèt manman an. Sa bay 25 mg fer
Timoun 2 – 12 ane sulfate ferreux 300 mg sulfate ferreux 300 mg 1 grenn Sa bay 60 mg fer
Plis pase 12 ane sulfate ferreux 600 mg sulfate ferreux 300 mg 2 grenn Sa bay120 mg fer