Hesperian Health Guides

Medikaman ki pou trete alèji : Ki jan pou nou okipe timoun

Ki jan pou nou okipe timoun : Medikaman

Yon reyaksyon alèji ka bay yon moun demanjezon, gratèl, epi fè li estènen. Nòmalman, nou ka trete yo ak yon anti-istaminik. Yo tout ka sèvi. Konsa, si nou pa gen chlorphéniramine (al gade anba) oubyen diphenhydramine, nou mèt sèvi ak yon lòt anti-istamink. Veye pou nou bay dòz medikaman ki bon an (chak medikaman gen dòz pou nou bay la). Tout anti-istaminik bay moun anvi dòmi, men gen kèk ki pi fò pase lòt.

Medikaman sa yo pa p ka trete yon grip òdinè.

Pou trete yon reyaksyon alèji ki grav, ki bay yon moun pwoblèm pou l pran souf, fòk nou ba li adrenaline (épinéphrine)), mete sou sa, bay yon anti-istaminik.

Chlorphéniramine, Chlorphénamine


(klòfeniramin, klòfenamin)
Chlorphéniramine se yon anti-istaminik ki sèvi pou trete pwoblèm alèji ka bay la, tankou demanjezon, estènen, gratèl. Li bon pou trete pike ti bèt ak zèl, alèji ak manje oubyen ak medikaman ki pa twò grav. Li bon tou pou trete lafyèv sezon (nen k ap koule larim ak je k ap grate ; ti poud jòn flè yo ka bay sa).

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Dòmi nan je (lòt anti-istaminik ka bay pi gwo pwoblèm).

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninjectpill.png
Timoun 1 - 2 ane : bay 1 mg, 2 fwa nan yon jou jis li fè mye.
Timoun 3 - 5 ane : bay 1 mg, nan espas 4 - 6 èdtan jis li fè mye.
Timoun 6 - 12 ane : bay 2 mg, nan espas 4 - 6 èdtan jis li fè mye.
Plis pase 12 ane : bay 4 mg, nan espas 4 - 6 èdtan jis li fè mye.


Pou trete reyaksyon alèji ki grav, premyeman, bay piki adrénaline. Lè fini, bay piki chlorphéniramine, ki pou anpeche alèji a tounen lè efè adrénaline yo ap pase. Si pa gen piki chlorphéniramine, bay grenn pou vale nan dòz ki ekri anwo a.
Timoun 1 - 5 ane : piki 2,5 - 5 mg nan espas 4 - 6 èdtan, jis nou pa wè siy reyaksyon alèji.
6 - 10 ane : piki 5 - 10 mg nan espas 4 - 6 èdtan, jis nou pa wè siy reyaksyon alèji ankò.
Plis pase 12 ane : piki 10 - 20 mg (pa bay plis pase 40 mg pandan 24 èdtan) nan espas 4 - 6 èdtan jis nou pa wè siy reyaksyon alèji ankò.