Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou okipe timoun : Medikaman

Ki jan pou nou okipe timoun : Medikaman

Medikaman ki pou kalme doulè ak lafyèv

Paracétamol (pi bon remèd pou timoun), aspirine, ak ibuprofène se medikaman ki bon pou kalme doulè ki pa twò grav, epi pou desann lafyèv. Aspirin ak ibuprofène goumen ak anflamasyon tou. Konsa yon moun ap refè pi vit. Pa egzanp, si yon moun foule je pye li, medikaman sa yo va kalme doulè a ; an plis, yo va desann anflamasyon an. Men moun ki soufri ak maladi viris epi ki gen lafyèv, yo pa gen dwa pran aspirin.

Veye pou nou sèvo ak pi gwo dòz pase sa yo di pou nou bay la. Tout medikaman sa yo ka bay pwoblèm si yon moun pran twòp. Pa egzanp, si yon moun sèvi twòp ak aspirin oubyen ibuprofène, yo ka bay ilsè nan lestomak. Si yon moun bwè twòp paracétamol, se pwazon. Lè nou soufri anpil oubyen nou gen gwo lafyèv, nou ka evite pran twòp si nou pran paracétamol yon fwa, epi ibuprofène lòt fwa a.

Paracétamol, acétaminophène


(parasetamòl, asetaminofèn)

Parasetamòl pa koute chè ; li bon pou kalme ti doulè epi pou desann lafyèv.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Veye pou nou pa pran plis medikaman pase sa yo di pou nou pran. Lè nou pran medikaman sa a twòp, li ka donmaje fwa a ; li ka menm pote yon moun ale. Sere medikaman an kote timoun pa ka rive, sitou si se medikaman an siwo li ye.

Yo mete parasetamòl nan anpil siwo grip. Poutèt sa, si n ap bay parasetamòl, pa sèvi ak siwo grip. Sinon, nou ka bay twòp.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 10 - 15 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 5 dòz pandan 24 èdtan. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Timoun ki poko gen 1 ane : bay 62 mg (mwatye nan yon ¼ {ka} grenn 500 mg, ki vle di 1/8, yon uityèm nan yon grenn), nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 1 - 2 ane : bay 125 mg (¼, ka nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 3 - 7 ane : bay 250 mg (½, mwatye nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Timoun 8 - 12 ane : bay 375 mg (¾, twa ka nan yon grenn 500 mg) nan espas 4 - 6 èdtan.
Plis pase 12 ane : bay 500 - 1000 mg, nan espas 4 - 6 èdtan. Pa bay plis pase 4000 mg nan yon jou.

Ibuprofène


(ibipwofèn)

Ibuprofène bon pou trete maltèt, pou kalme doulè nan vyann ak jwenti, epi pou desann lafyèv.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li ka bay vant fè mal. Pou diminye problèm sa a, bwè li ansanm ak lèt oubyen ak manje.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Moun ki fè alèji ak aspirin pa gen dwa pran ibuprofène nonplis. Gen de moun, depi yo fè alèji ak youn, y ap fè alèji ak lòt la tou. Pa sèvi avè l pou vant fè mal, ni pou lestomak chaje. Se yon asid li ye, ki ka fè pwoblèm lan vin pi mal. Poutèt sa, yon moun ki soufri asid pa dwe janm pran li. Pa bay tibebe li ki poko rive nan laj 6 mwa, epi pa bay fanm ansent li pandan dènye 3 mwa gwosès yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Bay 5 - 10 mg pou chak kilogram pwa yon moun. Si pa gen balans, bay dòz la selon laj li :
Tibebe 6 mwa - 1 ane : bay 50 mg nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 1 - 2 ane : bay 75 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 2 - 3 ane : bay 100 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 4 - 5 ane : bay 150 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 6 - 8 ane : bay 200 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 9 - 10 ane : bay 250 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Timoun 11 ane : bay 300 mg, nan espas 6 - 8 èdtan.
Plis pase 12 ane : bay 200 – 400 mg, nan espas 4 - 6 èdtan.


Pa bay plis pase 40 mg pou chak kilogram pwa yon moun, pandan 24 èdtan. Pa bay plis pase 4 dòz nan yon jou. Pa bay li pandan plis pase 10 jou youn apre lòt.