Hesperian Health Guides
Medikaman ki pou andòmi chè a (anestezik)
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Vant fè mal, dyare ak vè > Medikaman ki pou andòmi chè a (anestezik)
Lidocaïne, lignocaïne (lidokayin, liyokayin)
Lidocaïne se yon anestezi, yon medikaman ki pou andòmi chè a. Lè nou gen pou ouvri yon absè, oubyen lè nou gen pou netwaye epi koud yon blesi, bay piki lidocaïne sou tout rebò blesi a, pou mouri tout zòn nan nèt. Si nou vle wete yon boul san kaye nan yon emowoyid ki fè mal, bay piki lidocaïne anvan.
Bay piki lidocaïne, nan espas 1 santimèt konsa, sou tout rebò blesi a, oubyen nan zòn kote nou pral koupe oubyen mete pwen kouti yo, pou mouri tout zòn nan nèt. An premye, byen netwaye po a ; apre sa, bay piki dousman jis anba po a. Bay yon mililit anestezi konsa pou chak 2 santimèt po. Pa bay plis pase 20 milllit.
Pou konnen ki jan pou nou bay piki, al gade nan Medikaman, egzamen, ak erètman (chapit la poko ekri)..