Hesperian Health Guides

Lòt medikaman ki bon pou trete dyare

Vant fè mal, dyare ak vè : Medikaman

Furoate de diloxanide


(fiwoyat diloksanid)
Bay furoate de diloxanide ansanm ak antibyotik pou trete amib. Si nou pa jwenn remèd sa a, bay paromomycine (pawomomisin) oubyen iodoquinol (yodokinòl) nan plas li.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Yon lè konsa li bay vant fè mal ak gaz, oubyen anvi vomi. Bwè li ansanm avèk manje.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa sèvi ak furoate de diloxanide pandan premye 3 mwa gwosès yon fanm. Fanm k ap bay tete pa gen dwa bwè li.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Lè malad la fin swiv trètman ak métronidazole oubyen yon lòt trètman pou amib, se pou li kòmanse bwè diloxanide :
Bay 20 mg pou chak kilogram pwa yon moun, nan yon jou, separe an 3 dòz, pandan 10 jou. Si pa gen balans, bay selon laj l i:
Timoun ki poko gen 3 ane : bay 62 mg (⅛ yon uityèm nan yon grenn 500 mg) 3 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Timoun 3 - 7 ane : bay 125 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Timoun 8 - 12 ane : bay 250 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.
Plis ke 12 ane : bay 500 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 10 jou.

Quinacrine


(Kinakrin)
Quinacrine bon pou trete gyadya, men li konn fè moun santi yo pa bon menm. Yo sèvi avè l paske li bon mache.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Maltèt, tèt vire, ak vomisman ; pwoblèm sa yo konn rive souvan.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou gyadya
Timoun ki poko gen 10 ane : bay 50 mg 3 fwa nan yon jou, pandan 8 jou.
Plis ke 10 ane : bay 100 mg, 3 fwa nan yon jou, pandan 8 jou.

Zinc


(zenk)
Lè yon moun malad ak dyare, l ap geri pi vit si li pran zenk. Bay li ansanm ak sewòm oral.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou yon tibebe, kraze grenn nan, epi mete l nan yon ti dlo oubyen nan lèt manman an. Kèk kote yo vann yon kalite grenn ki fonn fasil nan likid.

Tibebe ki fèk fèt - 6 mwa : bay 10 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 14 jou.
Plis ke 6 mwa : bay 20 mg, yon fwa nan yon jou, pandan 10 - 14 jou.