Hesperian Health Guides

Pwoblèm ki mache ak règ

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Doulè

Fi a ka fasil gen doulè lè règ la pral vini oubyen lè li fèk kòmanse. Pa gen danje ladann. Kèk fanm ka santi yo bouke, tout kalite santiman ka boulvèse yo, yo ka gen maltèt oubyen dyare. Se kantite òmòn yo nan kò a ki chanje nan fen règ la ki bay sa.

Trètman
NWTND wmc Page 4-1.png
  • Sèvi ak grenn pou ti doulè. Ibipwofèn bon anpil.
  • Fè ti masaj anba tivant lan oubyen do a.
  • Pran yon boutèy oubyen yon lòt veso ki ka sèvi pou kenbe dlo cho. Plen li ak dlo cho, epi mete li sou vant lan, oubyen sou bout anba do a. Oubyen tranpe yon twal pwès nan dlo cho, mete li sou vant lan.
  • Fè ti egzèsis. Fè ti mache. Sa ka soulaje mal la.


Medam nan zòn nan kapab konnen kèk tizann oubyen lòt remèd fèy ki bon pou doulè sa yo. Si nou pa jwenn remèd ki bay soulajman, nou mèt eseye pran grenn planin konbine ki gen yon ti dòz. Pran yon grenn nan yon jou pandan 6 - 12 mwa. Gen de fwa òmòn ki nan grenn planin ap kalme doulè la.

Li pa nòmal pou yon fanm soufri ak doulè anba tivant li lè li pa gen règ li. Se ka enfeksyon ki bay sa. Se ka gwosès sou deyò matris la. Se ka kansè. Se ka yon lòt pwoblèm tou. Al konsilte yon ajan sante.

Lè yon fanm bay anpil san

Genyen de fanm ki bay anpil san nan moman règ yo, oubyen yo gen règ ki dire sou yo plis pase 8 jou. Fanm konsa ka vin manke san (anemi). Konsa yo ka vin fèb, yo tou bouke. Fanm ki gen VIH epi ki konn bay anpil san, yo gen plis chans pou yo soufri anba anemi. Pou ranplase fòtifyan y ap pèdi nan règ yo, se pou yo manje manje ki gen anpil fè ladan yo, tankou vyann, pwa, ze, ak legim koulè vèt fonse. Yo gen dwa pran grenn fè tou.

NWTND wmc Page 5-1.png
Si anvan yon èdtan fin pase, li gen tan plen yon kotèks oubyen yon twal ak san, règ fanm lan vin twò fò.

Lè yon fanm ap bay anpil san, oubyen li bay san lè se pa moman règ li, li ka gen ti boul ki fòme anndan matris la; yo rele boul sa yo fibwòm oubyen polip.

Si yon fanm bay anpil san, epi sa ba li pwoblèm, nou ka sèvi ak grenn planin oubyen piki planin pou ba li ti soulajman. Al konsilte yon ajan sante ki gen bon fòmasyon sou sa.

Yon esterilè (yon gwo fil plastik oubyen metal yo mete nan matris yon fanm pou anpeche li vin ansent) ka fè fanm lan bay plis san, oubyen li ka fè li mal.

Chache konkou si nou wè siy ki fè nou konnen ke li pèdi twòp san (li fèb, li gen tèt vire, po li blèm).

Lè règ yo pa vini regilyè

Lè nou pale sou règ ki regilyè, sa vle di li vini sou menm kantite jou konsa chak lè, epi san an ka pran 5 jou pou li koule. Men se pa menm bagay pou tout fanm. Genyen de fanm ki wè règ yo chak 35 jou konsa, gen lòt ki wè li chak 24 jou. Genyen de fanm ki ka fè kèk mwa san yo pa wè règ yo. Genyen de fanm ki pa regle sou menm kantite jou a chak fwa. Preske toutan, se nòmal. Chak fanm gen pwòp peryòd règ pa l.

Si li sèvi ak grenn planin oubyen piki planin, sa ka fè règ yo vin pi regilyè.

Lè règ yo vin fèb oubyen yo kanpe nèt

NWTND wmc Page 5-2.png

Men sa ki ka bay sa :

  • Gwosès. Lè règ la pa parèt nan lè li ta dwe parèt la, se ka yon siy ki fè nou konnen ke fanm lan ansent. Sa kapab rive, menm si li granmoun, menm si li te fè lamou yon sèl fwa, menm si li ap bay tete, oubyen menm si li ta kwè li pa ta kapab ansent. Fè yon tès pou gwosès pou konnen san dout.
  • Lè yon fanm ap bay tete, li gen dwa pa wè règ li pandan plizyè mwa.
  • Genyen de piki planin, oubyen grenn planin, ki ka anpeche yon fanm gen règ. Pa gen danje.
  • Fi a ka tou jenn oubyen li ka vye granmoun. Se toutafè nòmal, epi pa gen danje, si fi sa yo pa wè règ yo chak lè.
  • Yon fanm kap lite anba gwo pwoblèm nan lavi li, li sou tansyon, oubyen li gen pwoblèm fizik. Lè bagay yo kòmanse mache pi byen, fanm lan ka wè règ li ankò.
  • Malnitrisyon. Si fi a twò mèg, lap sispann gen règ li.

Si yon fanm bay san lè li pa gen règ li

Genyen de fanm ki bay ti san nan mitan peryòd yo (lè yo rive sou mwatye règ la). Si sa rive youn oubyen de fwa konsa, pa gen gwo pwoblèm. Si sa rive pi souvan, li ka gen yon enfeksyon nan kannal fi (vajen), nan bouch matris (kòl matris), oubyen nan matris la menm. Pou konnen plis sou enfeksyon nan kannal fi, al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit (chapit sa a poko ekri).

Si yon fi ap bay san lè li pa gen règ li, oubyen li bay anpil san, sa fè nou konnen li ka gen ti boul nan matris la—fibwòm oubyen polip. Se pou li al konsilte yon ajan sante ki konn fè egzamen ògan fanm. Li ka oblije fè yon iltrason. Se pa souvan fibwòm oubyen polip mande trete, men si yo bay pwoblèm, nou ka fè wete yo. Yo ka oblije fè operasyon pou wete fibwòm yo. Men yon ajan sante ki byen fòme ka wete polip yo nan yon klinik. Pou aprann plis sou pwoblèm sa yo, al gade nan Kote Fanm Pa Jwenn Doktè. Se Hesperian ki pibliye liv sa a.

Si yon fi bay san lè li pa gen règ li, oubyen si yon granmoun fi bay san apre li fin fè menopoz li, se yon siy ki fè nou konnen li ka gen kansè. Al konsite yon ajan sante. Si nou jwenn li bonè, genyen trètman ki kapab geri kansè nan bouch matris la.

NWTND wmc Page 5-3.png
Lè règ ou vini yon jan ki dwòl oubyen li fè ou mal, pa pè pale ak ajan sante ou sou pwoblèm nan.

Li pa nòmal pou yon fi bay san lè li fin fè sèks. Li te ka trape yon maladi moun pran nan fè bagay ak yon lòt moun ki te déjà enfekte. (Al gade nan Pwoblèm ak aparèy ki pou fè pitit - chapit sa a poko ekri). Oubyen li ka gen kansè. Sa ka rive tou lè yo fè bagay twò brital, oubyen lè yon gason fè kadejak sou fi a.

Li pa nòmal pou yon fanm bay san pandan li gwo vant. Si sa rive nan kòmansman gwosès li, se ka yon foskouch lap fè (pèdi tibebe a). Si sa rive pi ta nan gwosès li, se ka mèt vant lan (plasenta a) ki vin chita pou bloke twou kote pou pitit la soti a. Oubyen, mèt vant lan ka detache twò bonè. Se pou nou kouri al jwenn doktè, pou fanm nan pa pèdi san jis li mouri.