Hesperian Health Guides

Premye règ yon fanm

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Pifò demwazèl gen premye règ yo nan laj 12 ane konsa. Genyen fi ki wè li pi bonè, genyen lòt ki wè li pi ta. Pandan premye ane a konsa, règ yo ka kout, yo ka pa rive sou menm kantite jou, yo ka menm pa vini pandan kèk mwa. Tout sa se bagay nòmal.

NWTND wmc Page 2-1.png
Koulye a, se yon fanm ou ye. M ap montre ou ki jan pou ou sèvi ak yon twal pou ou ka rete pwòp. Lè fini, n ap prepare yon bon soupe aswè a.

Sa ki ka rann peryòd sa a pi difisil, se lè tout moun ret bèbè sou koze a. Konsa demwazèl yo ka pa konnen ki sa ki pase lè yo kòmanse bay san. Yo ka pè kote yo panse ke yo gen pwoblèm sante. Yo t ap pi alèz si nou ta esplike yo tout sa pou yo ka konnen ki sa ki va rive.

Depi yon demwazèl gen règ li, li ka rive ansent. Men vrèman, li ka ansent anvan li wè premye règ li, paske kò a ap bay ze anvan premye règ la. (Pou aprann plis sou koze fè pitit, ak ki jan pou evite gwosès, al gade nan Fè Plan pou Fanmi Nou). Menm si demwazèl la ka vin ansent, sa pa vle di li ka rive fè pitit san danje. An plis, li ka poko pare pou li leve timoun. Nou dwe aprann demwazèl yo ki jan yon fanm vin ansent, epi ki jan yo ka evite gwosès (metòd planin). Tout fi gen dwa pou jwenn mwayen pou yo fè planin.

Chak fi bezwen yon granmoun oubyen yon ajan sante ki gen bon kè. Konsa l ap gen konfyans pou li ka pale avè l sou ki jan kò li ap fòme oubyen devlope.


Pwòpte : Ki jan pou yon fi pran swen tèt li lè li gen règ li

Tout fi ak fanm ap pi alèz si yo kenbe kò yo pwòp lè yo gen règ yo. Konsa jenn fi yo ka kontinye al lekòl, epi fanm yo ka fè sa yo abitye fè. Pou evite enfeksyon, yo dwe benyen, epi chanje twal oubyen kotèks yo souvan. Lè ou gen règ ou, men sa pou ou fè :

NWTND wmc Page 3-1.png
kotèks
tanpon
  • Sèvi ak twal ki pwòp e sèch, ak kotèks, oubyen ak tanpon. Chanje twal la oubyen kotèks la kèk fwa pa jou.
  • Pran yon beny chak jou, lave pati ou byen.
  • Lave twal yo nan dlo ak savon. Si li posib, seche yo anba gwo solèy anvan li sèvi ak yo ankò.
NWTND wmc Page 3-2.png
Fi ki andikape ka bezwen èd lè yo gen règ yo.

Ki jan règ fanm mache ak lavi òdinè

Genyen divès lide ak kwayans sou koze règ fanm. Yo ka defann fanm fè tèl bagay pandan yo gen règ yo, oubyen yo ka oblije yo fè tèl lòt bagay. Moun ka kwè se konsa pou sa fèt, epi yo ka pa kite fanm yo pran pa nan aktivite nan kominote a. Nan moman règ yo, fanm yo gen dwa kondwi tèt yo epi fè tout sa yo abitye fè. Men kèk bagay tout fanm dwe konnen :

Manje : Pa gen manje pou fanm evite manje pandan règ yo. Depi se bon kalite manje, yo mèt manje li tout an sekirite pandan yo gen règ yo. . Si yon fi bay anpil san, li dwe manje manje ki gen anpil fè ladan yo, pou li pa vin manke san.

Aktivite : Li bon pou yon fi fè ti mache ak ti travay, oubyen fè egzèsis, jan li te konn fe. Egzèsis ka ede kèk demwazèl jwenn yon ti soulajman ak doulè yo konn genyen lè yo gen règ yo.

Beny : Se bon pou fi yo benyen lè yo gen règ yo. Si yo kenbe kò ak pati yo pwòp, sa ka anpeche enfeksyon vin sou yo.

Fè lamou : Yon fi mèt pran plezi nan fè lanmou pandan li gen règ li. Men, si li menm oubyen gason an gen VIH/SIDA, youn ka pi fasil bay lòt la enfeksyon an.